Akouchman ak Rezistans

Akouchman ak Rezistans

By Alissa M JordanSociety & CultureDocumentary
Download on the App Store

Akouchman ak Rezistans episodes

  • Akouchman ak Rezistans: Lòpital Pa Prizon

    Kijan manman ayisyen akouche lè lòpital yo kenbe yo kou prizonye? Kijan epi poukisa lòpital yo mande manman pou chwazi devann lalibete yo ak lavi yo? Kisa manman yo, fanmi yo, ak travayè medikal yo fè pou defi praktis sa, epi pou manifeste kont abi sa? 

    Pwojè odyo sa a se yon melanj de refleksyon, rakonte istwa, ak istwa reyèl sou listwa de 2 manman ayisyen ki pase de mwa kou prizonye femen andan de lòpital misyon nan Nòd, yon praktis ki rele detansyon lòpital. Nou incluye ladann refleksyon pa yon mis Ayisyen, Guerlande, ki pale sou praktis sa kou yon vyolasyon de dwa fanm ki egziste ladann anpil lopital misyon yo (ak lot lopital tou). Nou chanje vwa di moun ki pale nan pwogwam sa pou pwoteje yo, epi nou chanje non yo tou.

    Praktis detansyon lòpital la sa se yon praktis mondyal li ye, kote lòpital pran swen moun epi dapre yo pran swen yo, yo fòse yo rete andan lòpital jiska fanmi, cominote, leglis, oubyen lòt moun peye pou libere yo. Nap pale ak 2 manman ki pase anpil tan nan lòpital kou prizyonye, epi nap pale ak yon mis, epi lot moun ki reflechi sou sitiyasyon an. Sou tout lemonn, pwoblèm sa plis afekte fanm nwa, fanm endijèn, ak fanm di koulè apre yo akouche. 

    Yon gwo mesi a "Likna", "Naomi", "Nel", "Guerlande", "Marcele", "Pierre" ak Carmelle ak Jennifer nan MamaBaby Haiti, a Robert Yates ak Chatham House, a Dr. Karen Cowgill at the University of Washington epi a Prof. Abel Ntambue nan University of Lubumbashi, a Prof. Kakudji Yumba Pascal nan University of Lubumbashi, a Maria Cheng ki nan Associated Press, epi a Charmaine Jordan 

     Kredi pou Son Yo: Nicu Hospital Beeps by JGeralyn, freesound.org; Tearing Paper Sound Effect by Keweldog freesound.org; Cash Register by CapsLock, freesound.org; Thick Bed Cover, Ruffling Blankets by CMorris035, freesound.org; Pen Click and Writing by BarkersPinhead, freesound.org Cafe Ambient Sound by EVSecrets, freesound.org; Tearing paper by Panska Stranska Michaela, freesound.org; Stamp by Desrsuperanton freesound.org; Creaky Metal Gate by Arnaud Coutancier freesound.org; Haiti ambient street sounds by Kyles freesound.org; Prison Door Closing by BrianBaltar freesound.org; Emergency Room Sounds by Bruno Auzet freesound.org; Chopping Vegetables by Ancorapazzo freesound.org; Fence Rattling by Starvolt freesound.org; Running in the Forest by Taira Komori freesound.org; Dishes by Bevibeldesign freesound.org; Sipping Drink by VPP 2015 freesound.org; Person Falling by Blouhound freesound.org; Dufflebag by JRSevers3 freesound.org; Frying Roasting Vegetables in Oil by Neil RAouf freesound.org; Short Run and Stop by Lekingoo freesound.org

    1 hr
  • Bonis (FRANSE): Detansyon lopital se ilegal nan pifò kote, men poukisa li kontinye? Ak bioetisyen Pascal Yumba Kakudhi

    lissa Jordan pale ak pwofese Pascal Yumba Kakudji , yon professeur nan fakilte di Dwa, epi chef di Depatman di Dwa Privè ak Jidisyè nan Inivesitè Lubumbashi an Repiblik Demokratik Kongo. Tande Pwofesè Kakudji pale sou detansyon medikal nan kontèks sistèm legal leta, ak pwoblem di souverènte leta ki praktis sa defi. Kakudji ofri pepèspektiv pa li sou kijan li ta posib pou dekonekte swen medikal ak detansyon ilegal la.

    8 min
  • Bonis (FRANSE): Vyolasyon bioetik yo nan lòpital ki mache kou prizòn, ak bioetisyen Pascal Kukudji Yumba

    Alissa Jordan pale ak pwofese Pascal Yumba Kakudji , yon professeur nan fakilte di Dwa, epi chef di Depatman di Dwa Privè ak Jidisyè nan Inivesitè Lubumbashi an Repiblik Demokratik Kongo.  Nan pyes odyo sa, Kakudji dekri ensidan jeyografik yo nan detansyon lopital, epi li esplike pwoblèm bioetik yo ki praktik sa kreye. Li pale tou de kijan sante piblik la ka vide lajan pasyan yo menm lè yo pa ka ofri swen medikal, epi lè pasyan sòti pou jwen lòpital ki ka ofri swen, yo pa gen sen kòb nan men yo. 

    16 min
  • Bonis (FRANSE): Sistem sante pou manman ak ti bebe yo an RDK ak Abel Ntambue

    Dr Abel Ntambue se yon pwofese nan sante piblik la ak yon epidemyolojis an Inivèsite Lubumbashi nan Repiblik Demokratik Kongo. Li te pale (adistans!) avèk Dr Karen Cowgill ak Dr Alissa Jordan sou rechèch li nan detansyon lopital ak ekonomi sante nan Repiblik Demokratik Kongo. Nan pyes odyo sa, Ntambue pale sou sistèm swen sante pou manman ak bebe yo nan Repiblik Demokratik Kongo.

    5 min
  • Bonis (FRANSE): Kijan manman detene yo bati alyans nan lòpital, ak pwofese Abel Ntambue

    Dr Abel Ntambue se yon pwofese nan sante piblik la ak yon epidemyolojis an Inivèsite Lubumbashi nan Repiblik Demokratik Kongo. Li te pale (adistans!) avèk Dr Karen Cowgill ak Dr Alissa Jordan sou rechèch li nan detansyon lopital ak ekonomi sante nan Repiblik Demokratik Kongo. Nan pyes odyo sa, Ntambue pale sou diferans lan nan kalite swen ki moun pòv resevwa konpare ak swen ki moun rich resevwa nan Repiblik Demokratik Kongo ak lòt kote nan mond lan.

    6 min

About Akouchman ak Rezistans

From the publisher's feed

(Kreyol Ayisyen | Haitian Creole) Kisa "detansyon lòpital" la ye? Kilè e poukisa lòpital yo atravè lemonn vin fose nouvo manman yo pou chwazi ant lavi ak lalibète? Podcast sa a konbine rakonte istwa…