Alain se yon fotograf m admire, li gen patikilarite fè tout foto l ekstraòdinè, kit se yon fèy sou gran chimen , yon gout dlo sou tònèl oubyen yon bon kafe peyi k ap koule nan yon gòdèt emaye, l ap fè w ap santi l , l ap fè w viv li. Se yon lonè pou m kwaze l kòm Moun , kòm Atis. Se yon plezi pou m fè pawoli sa ak li.