
Sign up to save your podcasts
Or


Kijan eleksyon ka rive posib nan kontèks peyi a ye la a ? Ricardo Augustin, doktè nan syans politik, pataje analiz li sou kesyon an nan moman gen anpil enkyetid sou dewoulman pwosesis elektoral yo an Ayiti. Ann koute l nan dènye emisyon AyiboLab sa a !
Anpil risk nan pratik seksyèl lakay jèn yo ! Doktè Kerry Norbrun esplike tout danje yo. Medsen Jeneralis lan pataje konsèy pratik pou yon pi bon konpòtman seksyèl responsab nan emisyon espesyal AyiboLab sa a.
6 lane aprè masak Lasalin nan, yon òdonans lajistis voye yon trantèn moun - pami yo 2 ansyen ofisyèl Leta ki gen non yo site nan masak sa a - jije nan tribinal kriminèl.
Kisa kansè kòl matris lan ye ? Koute Doktè Beaugé Grégory k ap bay plizyè esplikasyon enteresan sou kijan maladi kansè a devlope. Ki prevansyon ou kapab pran ? Se tout kalte enfòmasyon sa yo ki pral brase nan emisyon espesyal Ayibolab sa.
Èske yon meri ka genyen pwòp polis li ? Kisa lalwa an Ayiti di sou sa? Se pami divès kesyon ki pral abòde nan emisyon espesyal AyiboLab sa. AyiboPost envite ansyen majistra Tirivyè a, Luc Wans Duvalsaint pou pale de sitiyasyon sa.
Men tout sa w dwe konnen sou kansè nan tete. Nan emisyon espesyal AyiboLab sa, AyiboPost envite jinekològ epi kansewològ Fernandel Michel pou ede n konprann kisa maladi kansè nan tete ye ojis. Ann tande l
Rate medikaman an Ayiti dènye mwa sa yo lakòz mache nwa ak fo medikaman fè kenken nan peyi a. Pou fè limyè sou sitiyasyon sa, AyiboPost envite prezidan asosyasyon famasyen Ayiti a, Pierre Hugues Saint-Jean.
Mars & Kline, sèl lopital ki te kontinye ap resevwa pasyan nan sikyatri nan Pòtoprens, pa ka fonksyone jounen jodi a. AyiboPost resevwa sikològ Vinson Bradley Noël ak sikyat Joseph Dimitri Ronald Thadal k ap travay nan lopital lan pou n eseye konprann sitiyasyon an.
Bay yon timoun zam jwèt kòm kado nan kontèks nou ye an Ayiti a, èske se yon bon lide ? Doktè nan sosyoloji Képler Aurélien ak edikatè Richard Norvil ap debat sou kesyon an nan emisyon AyiboLab sa.
AyiboPost al vizite libreri ki mwens chè nan Pòtoprens lan. Nan emisyon espesyal AyiboLab sa, 2 responsab "Livres Solidaires Haïti" ap fè nou vizite e ede nou konprann kijan libreri sa fonksyone an reyalite.
From the publisher's feed