BÒS KANMÈM
Se tout moun ki met may yo deyò pou yo pran swen tèt yo, ki gen yon rèv, yon vizyon🤔... Tout moun ki kwè nan tèt li, zafè moun pa ba l tanta men pito motive l pou l travay. 😰
kèlkeswa sa w ap fè a depi se bagay pozitif ou se yon bòs🛠💻🚍, Ou kanmarad nenpòt zotobre ki gen milyon. 💰💰💰
Se 3 kategori moun ki pa bòs🧐: 1- sila k ap tann moun pote ba yo😴. 2- sila k chita la ap mande moun sèlman🙏🏿. 3- sila k ap fè vye bagay (koripsyon, vòl...) Pou l ka genyen💂🏾♂.
➖Souvan zotobre k gen milyon an konn gen tandans transfòme ti malere yo an sousou l☹, men menm Jan l bòs la ou bòs tou💪🏽. Se vre l ka gen pi gwo mwayen, li ka yon big boss. Men douvan l ou dwe kenbe diyite w. 🤨
Se sa k fè menm ak moun w ap travay la (patwon) li pa *Bòs* ou, li ka yon bòs men pa bòs ou. 🤷🏾♂
Tout sa l ka fè yo, ou ka fè menm bagay la tou sou yon lòt fòm. 🏇🏽✈/📺🖥, 🍸🍺
⚠Sevre " *Boss*" se yon mo anglè ki vle di "patwon" men an Ayiti🇭🇹 li gen yon lòt reyalite ladann, se sila k ap chita la epi l voye w al achte sigarèt pou li 🏃🏽♀🏃🏽♀🏃🏽♀apre w a pran monnen an🤑. Se sila tou k ap fè w ba l tripotay 👀chak lè l vini apre l a jere w yon byè. Se sila k ka di w nenpòt vye mo men ou pa gen dwa replike. 🤫
Yon kòt kote, Bòs Kanmèm nan pa chita kò l nan pwovèb ki di: pito nou lèd, nou la a✋🏽.* Men pito : *lè w pa gen sa w renmen ou renmen sa w genyen.🤩
Kidonk moun nan se yon Bòs men l konsyan li pa gen gwo mwayen, e l ap travay😬 pou l vin Big bòs yon lè🌞. Li dakò l men li pa reziye l nan sitiyasyon l lan.
Atansyon!!!
Nan afich mizik la📷 (Cover a) gen plizyè mesaj ki pase ladann, anpil nan nou kwè se yon diferans ant yon "Bòs ebenis🔨" ak yon "big boss💰" poutan premye bagay la pa sa👎🏾. Se jis yon moun k ap pratike yon metye, li te ka yon bouretye ak bourèt li tou, li te ka yon machann pistach ak laye l,🕳...
Bòs ebenis, bòs mason... Tout lòt metye kote yo rele moun " bòs" yo t ap redui mizik🎸🎹🎧 la a yon ti gwoup moun, Sa ki t ap fè yon machann dlo pa t ap ka Di l se yon "bòs kanmèm". Lide a se tout moun k ap defann vi l yon mannyè pozitif se bòs.
Auteur: Nervno Fils De Plume👨🏼🎤🧢
Interprète: Nervno fils de plume
Compositeur: Nervno Fils De Plume
Conception: Reyèl Production
Instrumentale: LRD BEAT/ Ferdinand (Guitare)
RECORDING: IFH
Direction Artistique: Jessica Rémy, Richardson Beaubrun, Jameson Jacques, James Engé