Sit Podcast Eritye Papa Desalin

Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 mas 2026


Listen Later

Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...

*******

Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Anons

-Vandredi 6 mas, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA nan 45th St ak 1st Ave nan Manhattan, anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Vandredi 27 fevriye 2026 la Repiblik Dominikèn selebre 182yèm anivèsè endepandans li

Nou pase vwa reprezantan Ayatollah Khamenei nan peyi End, Dr Abdul Majid Hakeem Ilahi ki esplike kontèks mati Ayatollah a ak fanmi li samdi maten

Nouvèl

-Dènye nouvèl ki rive jwenn nou sou lagè Etazini ap mennen kont Iran depi samdi maten
-Ti Komik lakay yo louvri 10 jou anrejistreman pou pati politik ki vle patisipe nan eleksyon pike kole Meriken mande yo fè ane sa a
-Chèf lapolis Paraison pa ka asire sikilasyon nan peyi a men l sèmante l pral bay sekirite pou eleksyon fèt
-Jij federal Meriken Coleen Kollar-Kotelly deside IRS (DGI gouvènman Meriken an) pa t dwe pataje enfòmasyon prive 43,000 imigran ak estati imigrasyon frajil ak ICE ki ka fasilite yo ranmase moun sa yo pou fèmen yo nan prizon oswa depòte yo

Liy ouvè ak oditè yo

Anons

-Vandredi 6 mas, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA nan 45th St ak 1st Ave nan Manhattan, anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

...more
View all episodesView all episodes
Download on the App Store

Sit Podcast Eritye Papa DesalinBy