Sit Podcast Eritye Papa Desalin

Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 4 mas 2026


Listen Later

Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Anons; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons

*********

Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Anons

-Vandredi 6 mas, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA nan 45th St ak 1st Ave nan Manhattan, anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

Nouvèl:

-Pwoblèm sou pwoblèm nan peyi Kiba akoz anabago ak agresyon Etazini sou Kiba
--Etazini refize viza pou 8 manm ekip baseball Kiben ki t apral patisipe nan konpetisyon entènasyonal nan Pòtoriko
--Air France anonse apati semèn pwochèn li pa p ka vwayaje Kiba ankò paske Kiba pa ka garanti li gaz avyon pou l ka tounen lakay li
--Etazini di wè pa wè fòk gouvènman Kiben an tonbe
--Peyi Kiba ekspoze zam ak ekipman moun ak zam ki te sot Florid epi atake Kiba epi anonse mannèv legal k ap fèt pou trennen yo nan tribinal pou teroris ak espyonaj; Etazini di li pa t mele nan bagay sa a ni deprè ni delwen
-Atak teworis nan peyi Boukina Faso lakòz lanmò yon douzèn militè Boukinabe ak yon kantite sivil
-Peyi Zimbabwe anonse apati 26 fevriye 2026 pèson pa gen dwa ekspòte sa yo rele matyè premyè yo pou y al transfòme epi rafine nan lòt peyi
-Chif k ap sikile sou lanmò ak blese nan divès peyi nan atak Etazini sou Iran
-Lespay anonse malgre menas tarif ak sanksyon Gwo Moso Donald Trump yo pa p pèmèt Etazini ak Izrayèl atake Iran apati peyi yo

Liy ouvè ak oditè yo

Anons

-Vandredi 6 mas, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA nan 45th St ak 1st Ave nan Manhattan, anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI

...more
View all episodesView all episodes
Download on the App Store

Sit Podcast Eritye Papa DesalinBy