Maleb Leadership

Konprann pésonalite youn lòt


Listen Later

Pèsonalite se karakteristik, valè, ak konpotman ki defini nou kòm moun. Li genyen gwo enfliyans sou jan nou panse, santi, ak reyaji nan diferan sitiyasyon. Men, li enpotan pou nou pa kite pèsonalite nou kontwole nou totalman.

Lè nou kite pèsonalite nou kontwole nou, nou ka vin gen yon move kontwol sou tèt nou. Nou ka tounen esklav pèsonalite nou si kite se li menm ki dirije desizyon nou... se vre nou pa ka kontwole pèsonalite nou, men nou kapab kontwole reyaksyon nou ak fason nou reponn nan chak sitiyasyon. Nou kapab aprann reflechi sou aksyon nou yo, evalye konsekans yo, ak pran desizyon ki pi byen koresponn ak valè nou.

Nou kapab tou aprann soti nan zòn konfò nou, pou nou non sèlman aprann kontwole pèsonalite nou, men tou aprann konnen patnè w la pi byen. Sa ka ede nou grandi, chanje, ak devlope yon konpotman ki pi pozitif epi ki koresponn ak objektif nou yo nan relasyon nou.

...more
View all episodesView all episodes
Download on the App Store

Maleb LeadershipBy Faubert Maleb