Liv inik: èske se Paran timoun 1e ak 2e ane yo k ap annik deside pa achte pil ak pakèt liv lekòl yo pwopoze yo oubyen se ministè an k ap pran dispozisyon pou kontrekare sa? Apati ki moman liv sa yo ap disponib? Konbyen lekòl k ap touche? Antouka, anyen pa chanje pou divès paran nou rankontre nan plizyè kote nan kapital la. Yo di yo kontinye achte pil ak pakèt liv byen chè. Gen plizyè nan liv sa yo se nan lekòl la menm pou yo achte yo.