Fòk mwen soulinye ke nan egzòd 11:2-3. Pèp ejipsyen an te fè israyelit yo anpil kado lè yap soti an Ejip, yo pat soti ak men vid! E se kado sa yo kite konstri tabènak la. Bondye te fè yo jwenn anpil favè. Men refleksyon an se kiyès ki ta va panse ke aprè 400 zan nan esklavaj pèp la ta posede lò? Li biza anpil ke bilan esklavaj se richès!🤔 Pa janm bliye ke lèw se kretyen ou se yon solèy kap leve! A Chak segond wap pi klere! Toujou di tèt ou anvan w domi, demen dwe miyò ke jodi! Se PAPA w menm ki ranje l konsa!😎