Maleb Leadership

Pouvwa Inite


Listen Later

Inite se yon fòs ki gen kapasite pou kreye yon koneksyon pwofon nan mitan moun nan yon kominote, nan maryaj, nan fanmi, ak nan tout lòt aspè nan lavi. Li se yon valè ki ka pote anpil avantaj ak byenèt nan tout kalite relasyon.

Nan kominote, inite jwe yon wòl kapital. Li kapab mobilize moun ansanm, kreye yon sans solidarite ki byen vivan, bay yon sans objektif komen, epi travay ansanm pou rive jwenn rezilta pozitif ki satisfè tout moun. Lè moun mete tèt ansanm, yo kapab fè fas ak pwoblèm yo pi efikasman, yo kapab ogmante kapasite yo pou devlope resous yo, epi yo kapab bay sipò ak enkourajman nan moman difisil. Nan yon kominote ki gen inite, nenpòt moun lan ap toujou santi li gen plis koneksyon ak lòt moun, lap toujou santi li pi fò.

Jwenn kominote Whattsapp nou an nan lyen sa: https://whatsapp.com/channel/0029VaH2vxA9hXFEGol9qU2W

Nan maryaj, inite se yon pilye fondamantal. Li bay kapasite pou koup yo kominike byen, respekte youn lòt, li ba yo kouraj pou yo travay ansanm pou rezoud pwoblèm ak konfli nan mitan yo.

Lè yon koup gen inite, li kapab konstwi yon relasyon ki baze sou konfyans, konsiderasyon, ak sipò.

Li kapab kreye yon espas kote chak patnè santi yo koute, yo gen valè epi aksepte yo.

Nan yon maryaj ki gen inite, li fasil pou koup la travay pou reyalize objektif yo, pou kapab sipòte youn lòt nan moman difisil, pou kapab kreye yon klima ki pèmèt devlopman fleri lakay chak patnè nan relasyon sa a.

Nan fanmi tou, inite gen yon enpòtans kapital. Li gen kapasite pou kreye yon klima kominikasyon ki louvri ak respe, kote chak manm santi yo enpòtan ak valorize.

Nan yon fanmi ki gen inite, manm yo kapab kominike byen, pataje lide ak santiman yo, travay ansanm pou byenèt ak devlopman chak manm nan fanmi an. Yo kapab kreye yon espas kote chak manm santi yo enkouraje, sipòte, epi renmen.

Nan yon fanmi ki gen inite, manm yo kapab fè fas ak pwoblèm ak konfli nan respè ak konsiderasyon, epi yo kapab travay ansanm pou jwenn solisyon ki pi bon pou tout moun.

Anvan nou ka jwenn inite nan kominote, nan maryaj, ak nan fanmi, nou dwe gen kapasite pou koute lòt moun, konsidere opinyon yo, ak respekte diferans yo. Nou dwe kapab travay ansanm, mete tèt ansanm, ak kreye yon klima ki pèmèt nou devlope relasyon ki baze sou konfyans, konsiderasyon, ak sipò. Lè nou gen inite nan relasyon nou yo, nou kapab kreye yon kominote kote tout moun santi yo konekte, valorize, epi sipòte… nou kapab travay ansanm pou byenèt ak devlopman chak manm nan kominote a, nan maryaj la, ak nan fanmi an.

...more
View all episodesView all episodes
Download on the App Store

Maleb LeadershipBy Faubert Maleb