Sign up to save your podcasts
Or

MANMAN MWEN
MANMAN MWEN JWE YON WOL ESTRAODINE NAN EDUKASYON EPI NAN VOKASYON M KOM PE. SE POUTET SA MWEN TA VLE PRAN YON TI TAN ESPESYAL POU M PALE DE LI. MANMAN W TE RELE IPHYGENIE PHILIPPE. PAPA L SE TE DURAND PHILIPPE. MANMAN L TE RELE NEZIDA TOUSSAINT. MANMAN M FET AKAYE 17 OKTOB 1912 , SENK LANE ANVAN APARISYON FATIMA YO POTUGAL. LI FE ETUD LI KAY ME ELIE DUBOIS YO SOU BELE KOTE L TE PANSYONE. SE NAN LEKOL SA LI APRAN YON SERI DE BEL POEZI BYEN LONG KOU WE « BERURIA » OU BYEN « ARTHUR DE BRETAGNE » KE LI TOUJOU AP RESITE POU NOU. LI TE RESITE YO POU LA DENYE FWA DENYE ANIVESE LI 17 OKTOB 2010 KOTE L LI TA PRAL MOURI 2 MWA APRE SA NAN CBNDF BWANEF.
MANMAN M TE KON FE LEKOL AVEK PE FARNESE LOUIS CHARLES NAN MARBIAL TOU PRE JACMEL KOTE KOMINOTE « PETITES SOEURS DE STE THERESE » KOMANSE. KOM ELEV LI TE GEN CARMELIA LOHIER KI TA PRAL KOFONDATRIS KOMINOTE SA AVEK PE LOUIS CHARLES. APRE SA MANMAN M TE PASE PLIZYE ANE AP FE LEKOL NAN LOKALITE IVWA ANVAN FONBATIS KI TE LE SA YON CHAPEL SOU KONT AKAYE. TOUT LE SA YO, LI POTKO MARYE.
MANMAN M TE RENMEN M ANPIL KOM DENYE PITIT. LI TOUJOU KITE KADO AK PLAT MANJE POU MWEN SAN LOT FRE M AK SE M YO PA WE POU EVITE JALOUZI. SE LI KI APRAN MWEN PREMYE LAPRIYE YO. SE LI KI APRAN MWEN PREMYE LET ALFABE YO. PASKE LE SA PAT GEN LEKOL KINDERGARTEN AKAYE. MWEN SONJE LI TE KON POTE M SOU BRA L LAVEY FET DRAPO AK SEN PYE SOU PLAS AKAYE A POU M AL WE BEL ANBYANS KI TE GENYEN. MWEN SONJE YON BEL TI KASKET AK YON BEL TI SANDA L LI TE ACHTE POU MWEN POU M AL LEKOL. LI TE RELE M « JOUJOU ».
SE MANMAN M KI FE M KONEN LAVYEJ MARI. LI TE RENMEN LAVYEJ ANPIL. KOU LI JWEN YON TI KOB LI FE O NON DU PE AK TOULEDE MEN L EPI LI RESITE MAYIFIKAT. LI TOUJOU AP RAKONTE TOUT MOUN YON REV KE LI TE FE KOTE LAVYEJ KONSOLE L APRE LANMO SEL FERNANDE PHILIPPE EPI KOTE LAVYEJ MARI DI L PA GEN BONE SOU TE SA SE NAN LOT MOND LA KI GEN BONE. SE MANMAN M KI APRAN MWEN PATAJE. LI TOUJOU METE YON PLAT MANJE ANPLIS. M PAT JANM KONPRAN POUKISA. PAFWA MWEN KON VOLE BOUT VYAN NAN PLAT MANJE KI ANPLIS LA. LI TE GEN YON KONDISIP KI TOUJOU VIZITE L, MADAN RADIANIS FILS-AIME.
MWEN TE KON METE RAD MANMAN M POU M FE LAMES. MWEN TE GEN ANVIWON 5 LANE KONSA. M TE KON SEVI AK KOLA JU REZEN POU DIVEN EPI MIT PEN POU LOSTI. MANMAN M TE KON MENNEN M LAMES CHAK MATEN. LE PE A AP KONDWI ANTEMAN NAN SIMITYE SE DEVAN POT KAY MWEN LI TE PASE. KONSA M TE KON CHANTE ANTEMAN TOU. M TE KON TOUYE GEP EPI MWEN METE YO NAN YON BWAT ALUMET KOM SEKEY. KOM ANSANSWA M TE KON PRAN YOM MAMIT, MWEN PESE YON PAKET TI TWOU LADAN L EPI MWEN METE CHABON DIFE. KOM ANSAN M TE KON SEVI AK TWALET CHWAL KI SECH !
MWEN TE KON FE GWOT POU LAVYEJ AK LABOU EPI WOCH. MANMAN M TOUJOU ANKOURAJE M NAN AKTIVITE SA YO. LI KON BANM 5 KOB, 10 KOB LE GWOT LA BEL. MANMAN M TE RETE YON PWOTEKSYON POU MWEN. LE GRAN SE M NAN PAULA CAMPION AP BANM KEK KALOT PASKE M TE KON FAWOUCHE L ANPIL, SE NAN WOB LI M KOURI AL KACHE. LE SA, SAN LI PA MENM WE SA M KONTINYE AP FE SE M NAN GRIMAS. SE MENM ASURANS MWEN SANTI JODI A KI FE LE MAP FE TRAVAY LEVANJIL LA M PA PE ANYEN PASKE M KONEN LAVYEJ MANMAN MWEN DEYE M. MANMAN M SE PREMYE KONSEYE M. NAN TOUT TRAY, TRIBILASYON, PESEKUSYON MANMAN M TOUJOU APIYE M. LE PI TA MWEN AL ETUDYE A WOM, MANMAN M TOUJOU EKRI M BEL LET BYEN LONG POU REKONFOTE M. MWEN REGRET MWEN PEDU TOUT BEL LET SA YO NAN CHANM MWEN GRAN SEMINE NOTRE DAME TUJO NAN GOUDOUGOUDOU 12 JANVYE 2010.
MANMAN MWEN TE GEN YON PESONALITE DJANM. LI PA JANM ACHTE FIGU PESON. SE TE YON MOUN VETIKAL. LI TE KARE. LI PAT NAN VOYE WOCH KACHE MEN. LI TE SEVE AVEK NOU. LI TE RENMEN PATAJE. LI PAT RENMEN SOTI. LI TE YON MOUN KI GEN LAREKONESANS ANVE BYENFETE L. LI APRAN NOU KONTANTE NOU AK SA NOU GENYEN. LI APRAN MWEN PREMYE LAPRIYE POU M FE LE BAN SHANPWEL AP PASE DEVAN POT KAY LA. LI TE DJANM NAN TOUT EPREV YO. LI ANTERE PAPA L, MANMAN L, SE L AK LOT FRE L YO. LI ANTERE PITIT LI SOLANGES CAMPION. LI TOUJOU RETE BYEN FE M. LI PA JANM FE BEK ATE.<
By CBNDFMANMAN MWEN