CBNDF Podcast

VESYON AUDIO LIV "TEMWAYAJ PE JULES CAMPION" : ENTWODIKSYON, FANMI MWEN (GRANPE, GRANME, PAPA, MANMAN MWEN)


Listen Later

Entwodiksyon : TEMWAYAJ PE CAMPION


PAFWA POLITISYEN YO, ATIS YO KON EKRI « MEMWA » YO. MONSEYE LIGONDE TE BAY YON ENTEVIEW NAN RADIO SOLIDARITE NEW YORK POU L PALE SOU « MEMWA » LI KOMANSE EKRI. MWEN TE REGRET ANPIL YON PE KOU WE JEAN-CLAUDE LESPINASSE MOURI SUBITMAN NAN TRANBLEMAN TE 12 JANVYE 2010 SAN LI PA GEN TAN EKRI « MEMWA » L ALOSKE LI TA GEN ANPIL BAGAY POU L PATAJE. MWEN TOUJOU SWETE KE MONSEYE PEYI DAYITI YO EKRI « MEMWA » YO PASKE YO GEN ANPIL EKSPERYANS AK KONESANS AK SOUVNI YO TE KAPAB PATAJE AK PEP BONDYE A.

DEPI PLIZYE ANE GEN ANPIL MOUN KI TE BANM KONSEY POU M EKRI « MEMWA » MWEN TOU POU ESPLIKE TOU SA BONDYE FE POU MWEN. GEN YON CHANTE KI DI « FOM TEMWAYE TOU SA BONDYE FE POU MWEN ». REYELMAN VRE BONDYE FE ANPIL POU MWEN. FO M TEMWAYE POU M DI L MESI. FO M TEMWAYE PASKE TEMWAJAJ MWEN AN KAPAB EDE LAFWA LOT MOUN VINI PI DJANM. SE POUTET SA MWEN PRAN DESIZYON EKRI LIV SA.

MWEN KOMANSE LIV SA AK SOUVNI MWEN SONJE DEPI M TE GEN 5 LANE. MWEN PALE SOU FANMI MWEN, SOU ETID PRIME AK SEGONDE MWEN. MWEN PALE SOU PASAJ MWEN NAN GRAN SEMINE POTOPRENS KOM SEMINARIS EPI PI TA KOM PWOFESE. MWEN PALE SOU ETID MWEN TE FE NAN VIL WOM AK VIL JERUZALEM. MWEN PALE SOU TOUT MISYON MWEN FE ALETRANJE EPI NAN PEYI DAYITI. MWEN RAKONTE EKSPERYANS MWEN FE KOM KIRE PAWAS SAKRE KE TIJO POTOPRENS. MWEN PALE SOU KAY LAPRIYE CBNDF YO NAN POTOPRENS AK SANT BIBLIK FATIMA BWANEF. MWEN PALE SOU KEK EVENMAN MISTERYE, ETRANJ, MIRAKILE KI RIVE MWEN.

MWEN MANDE BONDYE POU L BENI LIV SA. MWEN EKRI L AN KREYOL POU TOUT MOUN KAPAB KONPRAN LI. MWEN METE L SOU ENTENET POU PLIS MOUN NENPOT KI KOTE KAPAB LI L EPI PATAJE L. MWEN MANDE BONDYE BENI TRAVAY SA,BENI TOUT MOUN KAP LI LIV SA. MWEN MANDE LAVYEJ MARI TOUCHE KE MOUN KAP LI TEMWAYAJ SA YO.

Chapit 1 : FANMI MWEN, ANFANS MWEN, ETUD PRIME MWEN

I.- FANMI MWEN

1.- GRANME MWEN

GRANME MWEN BO KOTE MANMAN M TE RELE NEIZA TOUSEN. SE TE MOUN MONWI. MWEN TE GEN TAN KONNEN L . LI TE RENMEN BWE KAFE. LI TE RENMEN BALE LAKOU A TOUT TAN. LI TE RENMEN MWEN ANPIL KOM PITIT PITIT. LI TE GEN 75 LANE LE LI MOURI . LI TE GEN 12 PITIT : 10 GASON AK 2 FI. MANMAN MWEN SE TE YOUN NAN 2 FI YO. LI TE RELE L IPHYGENIE PHILIPPE. LOT LA FERNANDE PAT GEN PITIT. LI TE MOURI KEK TAN APRE KAY LI TE GEN AKAYE BOT SANT LASANTE A TE PRAN DIFE. MANMAN M TE RENMEN L ANPIL. DIFE SA AK LANMO SA TOUJOU RETE YON GWO CHOK POU MANMAN M.

TOUT LOT PITIT GASON YO MOURI : HERMAN, ANDRE, EUSTACHE, EMMANUEL.  DENYE PITIT GASON L NAN, PIERRE PHILIPPE FEK MOURI. LI TE MAJISTRA PANDAN PLIZYE ANE NAN LAVIL AKAYE. APRE LI TE NOTE. MANMAN M TE RENMEN L ANPIL. LI TOUJOU APRESYE M. LI KON VINI NAN SANT CBNDF LA BWANEF. LI GEN PLIZYE PITIT : MARC, ERNST, MARIE-MARTHE, AK ROLANDE KI MOURI BYEN JEN. ROLANDE SE TE MAKOME MWEN. M TE BATIZE YOUN NAN 2 PITIT MARC YO AVEK LI. MWEN TE PLIS ABITYE AK MARCO KE LOT YO. NOU TE LEKOL KAY FRE ANSANM. LI TE KON VINI ETIDYE ANSANM AVEK MWEN LAKAY. LE NOU RANKONTRE PITA OZETAZUNI MWEN KON VIZITE L NEW JERSEY. NI LI MENM NI MADANM LI KETLY MAKOME MWEN TOUJOU BAN MWEN BEL AKEY. SE POU BONDYE BENI YO.

 

2. GRANPE MWEN

GRANPE MWEN BO MANMAN TE RELE DURAND PHILIPPE. MWEN PAT GEN TAN KONNEN L. MEN MANMAN M TOUJOU AP PALE M DE LI. LI TE RETE MONWI. LI TE RENMEN MANMAN M ANPIL KI GEN YON BEL SOUVNI DE LI. GRANPE MWEN BO KOTE PAPA M JULIEN CAMPION TE RELE OREL CAMPION. SE TE MOUN GRANGWAV. MWEN PAT GEN TAN KONEN L. YOUN NAN PITIT LI YO APA JULIEN CAMPION PAPA MWEN TE RELE ANDRE CAMPION. MWEN GEN ANPIL FANMI GRANGWAV. MWEN PA KON TOUT. MWEN KON RAKONTRE KEK LADAN YO NEW-YORK. GRANME MWEN BO KOTE PAPA M TE RELE MADAN OREL CAMPION. MWEN PAT KONEN L. MWEN PA KON ANYEN SOU LI. LI TE ABITE GRANGWAV.

 

3. PAPA MWEN

PAPA MWEN TE RELE JULIEN CAMPION. SE POUTET SA LI RELE MWEN JULES. LI SE MOUN GRANGWAV. METYE L SE TE TAYE. PANDAN YON TI BOUT TAN LI TE EKZESE METYE TAYE

...more
View all episodesView all episodes
Download on the App Store

CBNDF PodcastBy CBNDF