CBNDF Podcast

VESYON AUDIO LIV "TEMWAYAJ PE JULES CAMPION" : FANMI MWEN (GRANPE, GRANME, PAPA)


Listen Later

Chapit 1 : FANMI MWEN, ANFANS MWEN, ETUD PRIME MWEN


I.- FANMI MWEN

1.- GRANME MWEN

GRANME MWEN BO KOTE MANMAN M TE RELE NEIZA TOUSEN. SE TE MOUN MONWI. MWEN TE GEN TAN KONNEN L . LI TE RENMEN BWE KAFE. LI TE RENMEN BALE LAKOU A TOUT TAN. LI TE RENMEN MWEN ANPIL KOM PITIT PITIT. LI TE GEN 75 LANE LE LI MOURI . LI TE GEN 12 PITIT : 10 GASON AK 2 FI. MANMAN MWEN SE TE YOUN NAN 2 FI YO. LI TE RELE L IPHYGENIE PHILIPPE. LOT LA FERNANDE PAT GEN PITIT. LI TE MOURI KEK TAN APRE KAY LI TE GEN AKAYE BOT SANT LASANTE A TE PRAN DIFE. MANMAN M TE RENMEN L ANPIL. DIFE SA AK LANMO SA TOUJOU RETE YON GWO CHOK POU MANMAN M.

TOUT LOT PITIT GASON YO MOURI : HERMAN, ANDRE, EUSTACHE, EMMANUEL.  DENYE PITIT GASON L NAN, PIERRE PHILIPPE FEK MOURI. LI TE MAJISTRA PANDAN PLIZYE ANE NAN LAVIL AKAYE. APRE LI TE NOTE. MANMAN M TE RENMEN L ANPIL. LI TOUJOU APRESYE M. LI KON VINI NAN SANT CBNDF LA BWANEF. LI GEN PLIZYE PITIT : MARC, ERNST, MARIE-MARTHE, AK ROLANDE KI MOURI BYEN JEN. ROLANDE SE TE MAKOME MWEN. M TE BATIZE YOUN NAN 2 PITIT MARC YO AVEK LI. MWEN TE PLIS ABITYE AK MARCO KE LOT YO. NOU TE LEKOL KAY FRE ANSANM. LI TE KON VINI ETIDYE ANSANM AVEK MWEN LAKAY. LE NOU RANKONTRE PITA OZETAZUNI MWEN KON VIZITE L NEW JERSEY. NI LI MENM NI MADANM LI KETLY MAKOME MWEN TOUJOU BAN MWEN BEL AKEY. SE POU BONDYE BENI YO.

 

2. GRANPE MWEN

GRANPE MWEN BO MANMAN TE RELE DURAND PHILIPPE. MWEN PAT GEN TAN KONNEN L. MEN MANMAN M TOUJOU AP PALE M DE LI. LI TE RETE MONWI. LI TE RENMEN MANMAN M ANPIL KI GEN YON BEL SOUVNI DE LI. GRANPE MWEN BO KOTE PAPA M JULIEN CAMPION TE RELE OREL CAMPION. SE TE MOUN GRANGWAV. MWEN PAT GEN TAN KONEN L. YOUN NAN PITIT LI YO APA JULIEN CAMPION PAPA MWEN TE RELE ANDRE CAMPION. MWEN GEN ANPIL FANMI GRANGWAV. MWEN PA KON TOUT. MWEN KON RAKONTRE KEK LADAN YO NEW-YORK. GRANME MWEN BO KOTE PAPA M TE RELE MADAN OREL CAMPION. MWEN PAT KONEN L. MWEN PA KON ANYEN SOU LI. LI TE ABITE GRANGWAV.

 

3. PAPA MWEN

PAPA MWEN TE RELE JULIEN CAMPION. SE POUTET SA LI RELE MWEN JULES. LI SE MOUN GRANGWAV. METYE L SE TE TAYE. PANDAN YON TI BOUT TAN LI TE EKZESE METYE TAYE A MONWI KAY MADAN CASAMAJOR TOUT PRE LEGLIZ PARWASYAL MONWI A. MWEN KON AL PASE VAKANS AK LI. LI TOUJOU AP FE DYOLE POU MWEN. LI TE RENMEN M. LE MANMAN M AP BAT MWEN POU DEZOD, LI KON ENTEVNU. YON YOU SWA PANDAN MWEN TAP PASE AK YON BOUJI LUMEN BO YON PAKET RAD LI TE METE NAN SACHE DRY, MWEN KOLE BOUJI A NAN YON TI FIL SACHE DRY LA. DIFE PRAN. M RELE ANMWE. M VOYE DLO. APRE SA LE MANMAN M VLE BAT MWEN, LI DI L POU L KITE M TRANKIL. SE LI KI TE KOUD RAD YO. LA FE LOT. YON LOT FWA M FE DEZOD. MWEN AL KACHE ANBA KABAN. LE MANMAN M RALE M POU L METE BATON POU MWEN, MWEN DI : « OH OH EPA SE TOUT BON JODI A. » MWEN METE AJENOU. EPI MWEN KOMANSE RESITE « JE VOUS SALUE MARIE. » LE SA PAPA M DI MANMAN M : « KITE TI GASON TRANKIL. OU PA WE LAP LAPRIYE !!! » PAPA M MOURI LOPITAL JOU FET MWEN 27 ME 1986. R.I.P.

 


...more
View all episodesView all episodes
Download on the App Store

CBNDF PodcastBy CBNDF