
Sign up to save your podcasts
Or


Gen yon dikton kreyòl ki di: pito nou lèd, nou la. Mwen konprann pouki nou di l, nou dwe siviv malgre mize, malgre lanfè, n ap kenbe. Men pa pito nou bèl nou la.
Olye nou simplement suviv, pouki nou paka viv, nay, pouki nou paka viv byen? Olye nou lèd, fòk nou gen odas, fok nou gen kran, fok nou oze bèl! NOU BEL, NOU LA!
Nou gen ase splendè nan nou. Nou gen ase bon bagay nan nou. Objektik la se puize yo, mete yo an evidans epi plènman cheri yo, pou nou sa briye plis.
ANDEDAN se yon espas pou kaptire bote nou. Pou rappel ke: gen moun k ap reflechi peyi
ke gen ayisyen ki konsekan, gen jèn k ap bati, k ap reve, ke dyaspora ap fè mèvèy.
Se yon espas kote istwa nou, eksperyans nou, sajès nou, mizè nou, batay nou, talan nou, tout sa yo revele fòs ak bèlte andedan nou.
ANDEDAN la pou enspire ak anriche nou. ANDEDAN la pou anplifye vwa nou e toufe sa k move, kap eseye pran tèt nou pou kwè ke nou pa vo la pèn.
Se sa m swete.