Sign up to save your podcastsEmail addressPasswordRegisterOrContinue with GoogleAlready have an account? Log in here.
ANN PALE se yon nouvo pòdkas Jonel Juste kreye pou pale sou divès sijè: Syans, teknoloji, imigrasyon, politik, sosyete, liv, elatriye...... more
FAQs about Ann Pale:How many episodes does Ann Pale have?The podcast currently has 11 episodes available.
February 15, 2023Vye Mantalite Ayisyen nan Dyaspora a Dwe ChanjeNou fè refleksyon sa a apre plizyè eskandal kèk konpatriyòt nou yo nan Dyaspora a enplike ladan yo. Gen yon vye mantalite nan Dyaspora a ki dwe chanje....more20minPlay
January 25, 2023Èske Repibliken yo ka bloke Pwogram Biden nan vre?20 Eta Repibliken, ladan yo Florida, trennen Leta Federal Ameriken nan tribinal poutèt pwogram migrasyon Biden nan. Èske yo ka bloke pwogram nan vre? Èske pwogram nan kanpe? Tande sa....more19minPlay
January 22, 2023Rezidans vs PawòlSi w te ranpli yon petisyon I-130 pou fè yon fanmi w antre Etazini epi w vle patisipe nan pwogram Pawòl Biden nan (I-134), pou fè l antre pi rapid, tande sa....more16minPlay
September 26, 2021OKENN BAGAY PA KA BAY MOUN VALÈLè w panse tèl bagay ka ba w valè, ou joure tèt ou epi w joure Bondye. Se pa bagay ki pou ba w valè, fè w santi w enpòtan, se OU ki pou ta fè yon bagay santi l enpòtan....more21minPlay
August 16, 2021YON LÒT GWO TRANBLEMANNTÈ FRAPE AYITI 14 OUT 2021Yon lòt gwo tranblemanntè frape Ayiti samdi 14 Out 2021. Gwo sekous sa a ki frape zòn sid peyi a non sèlman gen konsekans imen ak materyèl men li gen gen gwo konsekans jewolojik tou....more19minPlay
June 04, 2021AYISYEN POU REPREZANTE AYISYENEtazini, li enpòtan pou chak kominote gen moun pou reprezante yo nan politik, li enpòtan pou sa yo rele minorite yo vote moun ki sanble ak yo pou defann enterè yo. Tout Ayisyen nan Dyaspora a pa wè l konsa. Genyen ki plis fè etranje konfyans....more18minPlay
May 08, 2021MÈT TRAVAY PA KA JWENN TRAVAYÈJodi a maladi kowona ap fè bak Etazini paske anpil moun ap pran vaksen. Anpil biznis ap relouvri tou tankou klèb, restoran. Men mèt restoran yo gen yon ti pwoblèm: yo pa jwenn ase moun pou travay. Anpil moun restoran sa yo te voye ale ane pase, lè kowona te fèk kòmanse, refize tounen travay. Koute pòdkas la pou konn pouki....more12minPlay
May 06, 2021CANCEL CULTURE (BÒYKOTAJ)Gen yon fenomèn ki fin dechennen depi kèk tan nan peyi Etazini. Yo rele l Cancel Culture oubyen (Kilti) Bòykotaj. Se lè yo bòykote yon moun, anjeneral yon selebrite (atis, politisyen, komedyen, gwo ekriven elt) pou yon aksyon oubyen pawòl li te di swa an piblik oubyen sou rezo sosyal yo. Lè konsa yo soti pou fini ak moun sa a, pou efase l, elimine l, pa fizikman men sosyalman, finansyèman ou pwofesyonèlman. Men se pa sèl selebrite ki viktim fòm bòykotaj sa......more21minPlay
May 02, 2021Apple ak Facebook Nan BatayDe gwo konpayi teknoloji Apple ak Facebook ap batay sou kesyon vi prive, done pèsonèl ak kapasite pou suiv aktivite konsomatè yo sou Entènèt. Apple vin ak yon bagay ki ka fè Facebook pèdi plizyè milya dola....more15minPlay
April 06, 2021VAKSEN KOWONAVAKSEN KOWONA se premye epizòd pòdkas ANN PALE. Li pale de kanpay vaksinasyon kont kowonaviris kap fèt Etazini kounye a, pi presizeman de eksperyans Jonel Juste ki te pran vaksen an limenm menm....more11minPlay
FAQs about Ann Pale:How many episodes does Ann Pale have?The podcast currently has 11 episodes available.