Ayisyen87

Ayisyen87

By Ayisyen87 Web RadioMusicMusic Interviews
Download on the App Store

Ayisyen87 episodes

  • KLINIK LANMOU | Poukisa nou konn pi atache ak moun ki fè nou soufri? — Ak Sister M

    🎙️ KLINIK LANMOU — Avèk Ton Evens

    Poukisa pafwa se moun ki fè nou plis soufri a nou gen plis difikilte pou nou kite?

    Nan epizòd sa a, Ton Evens resevwa Sister M pou yon konvèsasyon pwofon sou atachman emosyonèl, lanmou, soufrans ak relasyon ki konplike.

    Nou pale sou rezon ki fè yon moun ka rete atache ak yon relasyon ki fè l mal, diferans ant renmen yon moun ak depann emosyonèlman de li, epi kijan pou nou aprann rekonèt sa ki bon pou sante yon relasyon.

    ❤️ Klinik Lanmou se yon espas pou pale, konprann epi aprann renmen pi byen.

    🎙️ Host: Ton Evens
    🎤 Envite: Sister M
    📻 Podcast: Klinik Lanmou
    📅 Chak Dimanch | 3:30 PM – 6:30 PM
    📱 TikTok Live: @evens_rom

    3 hr 30 min
  • Kisa ki kapab fè yon relasyon dire? | Klinik Lanmou Ep. 1

    Nan premye epizòd Klinik Lanmou, Ton Evens resevwa Osman Jérôme pou yon konvèsasyon ouvè sou relasyon ak lanmou.

    Nou pale sou sa ki vrèman ede yon relasyon dire: kominikasyon, respè, konfyans, fidelite, padon, efò ak kapasite pou de moun grandi ansanm.

    Host: Ton Evens
    Envite: Osman Jérôme
    Podcast: Klinik Lanmou


    3 hr 5 min
  • Pa Dòmi Sou Rèv Ou – Ton Evens Ep.1

    Nan epizòd sa a, Ton Evens pale sou yon verite ki ka chanje lavi ou: anpil moun ap viv, men yo pa avanse.


    Si ou santi ou fatige, pèdi, oswa ou gen rèv men ou pa janm pran aksyon, mesaj sa a fèt pou ou.


    Nan podcast sa a, ou pral aprann:

    - Poukisa disiplin pi enpòtan pase motivasyon

    - Kijan pou sispann viv nan siviv epi antre nan konstriksyon

    - Kijan pou pran kontwòl lavi ou etap pa etap


    Pa dòmi sou rèv ou.

    Paske lavi pa tann pèsonn.


    🎧 Vérité Map Pale – ak Ton Evens

    2 min
  • Rapouswiv Podcast – Real Talk, Real Hustle, No Lies

    Rapouswiv Podcast se yon espas pale laverite, pataje eksperyans reyèl, epi motive jenerasyon kap leve a.Nan epizòd sa a, Ton Evens & Still Brav ap pote real talk, real hustle, san manti, san mask. Chak Samdi (Chak Samedi)

    ⏰ Orè: 2:00 PM – 4:30 PM🎙️ Animatè: Ton Evens & Still Brav📻 Ayisyen87 Radio

    Si'w vle grandi, reflechi, epi avanse san ilizyon, Rapouswiv Podcast se plas ou.

    👉 Don’t miss it!
    Abòne, pataje, epi rete konekte.

    2 hr 9 min
  • IMAN Logistics Host : Yves Paul Demesmain

    IMAN Logistics Dispatch Masterclass Podcast

    Konnen se pouvwa! Podcast sa fèt pou tout moun ki vle konprann lojistik,dispatch, ak fason pou jere transpò pwofesyonèlman. Nou pote konesans,eksperyans, ak estrateji reyèl pou ede ou levenivo ou nan biznis la.

    Host & CEO: Yves Paul Demesmain
    IMAN Logistics Dispatch Masterclass
    Powered by Ayisyen87

    #IMANLogistics #DispatchMasterclass#YvesPaulDemesmain #PodcastLaunch #FreightDispatch #TruckingBusiness #Ayisyen87#KnowledgeIsPower #LogisticsEducation

    3 hr 54 min
  • San Filtè: Diskisyon cho 12 Septanm 2025

    Emisyon San Filtè ap soti chak maten soti 8:45 AM rive 12:00 PM sou Radio Ayisyen87.Ou ka suiv nou tou sou TikTok:👉🏾 ⁠Ton Evens⁠👉🏾 ⁠Ayisyen87Podcast⁠

    Nou pale san filtè sou sijè k ap brile nan sosyete a: politik, kilti, nouvèl, ak reyalite chak jou.

    🎧 Koute nou sou Radio Ayisyen87: ⁠https://onlineradiobox.com/us/ayisyen87/⁠🎧 Live sou Streema: ⁠https://streema.com/radios/Radio_Ayisyen87⁠🎧 Zeno Radio App: ⁠https://zenoplay.zenomedia.com/s/rDofO8⁠


    3 hr 18 min
  • Love Story Diary – Max Alliance prezante ajans li pou kominote Ayisyen an

    Love Story Diary ap retounen aswè a 10:00 PM sou Ayisyen87 Podcast Radio!
    👥 Avèk Ton Evens & Co-animateur XP Money
    ✨ Envite espesyal: Max Alliance – kap prezante ajans li ki gen gwo enpòtans pou kominote Ayisyen an.

    📡 LIVE 24/24 – Branche kounya pou pa rate moman an!

    🎧 Koute nou sou Online RadioBox:
    👉🏾 https://onlineradiobox.com/us/ayisyen87/

    📲 Koute Live sou Streema:
    👉🏾 https://streema.com/radios/Radio_Ayisyen87

    #Ayisyen87 #Podcast #LoveStoryDiary #TonEvens #XPMoney #MaxAlliance #Live24/24 #Haiti #Ayiti

    49 min
  • Èske lanmou ase lè nou pa gen menm relijyon?

    Nan epizòd espesyal sa a nan Love Story Diary sou Ayisyen87, Ton Evens envite XP Money ak Kathia pou diskite sou yon sijè delika men reyèl: Èske yon relasyon ka mache lè chak moun nan pa gen menm relijyon? 💔✝️☪️🔯

    Yo pataje eksperyans pèsonèl yo, opinyon yo sou lanmou, lafwa, ak konpwomi, epi yo reponn kesyon tande yo ki fè reflechi.
    Ou p'ap vle rate moman sa yo ki chaje ak emosyon, rèl verite, ak reyalite lavi chak jou.

    📍Pibliye: 3 out 2025
    🎙️Prezante pa: Ton Evens
    👥Envite espesyal: XP Money & Kathia
    📡Sou Ayisyen87
    🔊 Swiv nou sou Spotify, Apple Podcasts, Google Podcasts, Castbox, Stitcher & plis!

    #LoveStoryDiary #Ayisyen87 #TonEvens #RelasyonAkRelijyon

    1 hr 22 min
  • Love Story Diary - Epizòd Spesyal ak Still Brav, XP Money, Kathia & Abdiel

    Nan epizòd espesyal sa a nan Love Story Diary, Ton Evens resevwa kat envite ekstraòdinè: Still Brav, XP Money, Kathia, ak Abdiel. Ansanm, yo pataje istwa lanmou yo, eksperyans pèsonèl, obstak ak leson lavi ki kite ou reflechi sou pwòp chimen ou.

    📍Swiv nou sou Ayisyen87 ak sou tout platfòm podcast yo: Spotify, Apple Podcasts, Google Podcasts, Stitcher, Castbox ak plis ankò!

    #LoveStoryDiary #TonEvens #Ayisyen87 #PodcastAyisyen #Lanmo #Verite #Haiti

    1 hr 58 min

About Ayisyen87

From the publisher's feed

AYISYEN87 RADIO – The 100% Haitian Podcast Experience