Ekilib Mwen

Ekilib Mwen

By Kathia CadetEducationSelf-Improvement
Download on the App Store

Ekilib Mwen episodes

  • Jere pitit ou nan konprann kijan sèvo'l fonksyone.
    Nan epizòd sa mwen pale de sèvo timoun. Nou gade ansanm kijan sèvo timoun nan ye, ki enpak sa genyen sou kòpòtman'l, ki lyen ki genyen ant sèvo yon timoun ak jan li eksprime bezwen'l. Mwen bay 4 konsèy pratik yon paran ka aplike ki ka ede'l nan jere pitit li a. Al tande epizòd sa 😉 PS : Map eskize'm pou brui ki genyen nan fon audio a.
    44 min
  • Eksperyans mwen ak depresyon
    Nan epizòd sa mwen pale de depresyon e mwen rakonte eksperyans mwen kote mwen fè plizyè lane ap viv ak li jiskaske mwen arive sòti de eta depresif sa. PS : Mwen vle pote kèk ti eleman spesifik 1- Mwen vle spesifye ke solèy jwe yon gwo wòl nan rechaje enèji moun men li pa sèl koz byolojik depresyon nan peyi kote pa gen anpil solèy. Gen lòt faktè. 2- Gen plizyè nivo nan depresyon Mwen espere ke entèvansyon'm nan va ede. Al koute'l.
    54 min
  • Jere pitit ou nan aprann konnen bezwen li yo
    Nan epizòd sa mwen pale de bezwen lakay timoun. Mwen gade avèk ou enpòtans bezwen yo e ki konsekans bezwen ki pa konble ka anjandre lakay yon timoun. Pou fini mwen propoze'w kèk konsèy pratik pou aprann konble bezwen pitit ou. Mwen envite'w tande epizòd sa 😉
    41 min
  • Edikasyon Bon Konprann
    Nan epizòd sa mwen lanse ribrik edikasyon bon konprann e mwen tou profite pale yon ti kras de kontni l ak objektik ribrik la. Mwen envite'w koute'l 😉
    9 min
  • Kisa "Ekilib Mwen" ye?
    Nan epizòd sa mwen esplike poukisa mwen chwazi non sa pou podcast la. Mwen esplike kisa devlopman pèsonèl ye, ki lyen ki genyen ant ekilib e devlopman pèsonèl. Si 'w gen kòmantè, sijesyon ou kesyon ale sou paj ekilib mwen an ekri nou nan mesaj oubyen anba post la. Bonne écoute 😉
    24 min
  • Intro Podcast
    Nan epizòd sa mwen prezante'm e mwen pale de sa kap gen nan podcast la.
    Al tande'l, pwochen epizòd la trè byento 😉
    2 min

About Ekilib Mwen

From the publisher's feed

Echanj, Diskisyon, Pataj enfomasyon ak konsèy pratik sou devlopman pèsonèl ak edikasyon byenveyan.