Ki enpak kriz la kapab genyen sou timoun yo ki pwal ale lekol yo? Psychologue Jean wedeson Fortil eksplike sa nan podcast sila. Podcast sila fèt pou paran , elev ak pwofesè yo. Tande l epi pataje li.
Apati janvye 2023 Ayiti gen posiblite pou li pa kapab voye vann mango fransik nan peyi Etazini. Se yon desizyon moun gwomòn pa akeyi ak kèkontan ditou. Gwomòn ki reprezante plis pase 50% nan zafè mango fransik la nan peyi dayiti . Yon sitiyasyon ki Kapab mete anpil moun ki viv sou filyè sa nan gwo difikilte. Yon repotaj Espesyal sou mang fransik la nan komin gwomòn depatman latibonit reyalize pa Erbens Ismat Journaliste
Judette Jusmé kise yon viktim nan 12 janvye 2010 eskplike nou jan l ap viv. li te fe nou konnen gen moun ki te konnen we li nan lari panse se mande l ap mande. Moun ki gen yon andikap dwe viv menm jan ak tout lot moun, ann respekte dwa yo genyen
JOB MOÏSE kise yon gradye nan pwogram Anseye pou Ayiti t ap pale ak nou. ki vreman wol paran yo , pwofesè yo genyen nan aprantisaj aprenan yo. W ap jwenn repons yo andan podcast sa.