
Sign up to save your podcasts
Or


Stéphanie Daniel gen 23 lane e li soti nan bakaloreya ane sa. Li aprann plonbri sanitè e apre lanmò papa l li tal fè ladesant kay moun. Lè l te fèk rive kay la yo te byen akeyil men sa pat pran anpil tan pou yo te chanje avè l ; yo te kòmanse maltrete l, bat li pou dan ri, fèl fè travay ki pat pou laj li, rele l rèstavèk. Epi yon jou pandan la l chèche dlo lannuit pou matant li, 6 jèn gason mete lapat sou li. Jodia Stéphanie gen yon timoun ki konsevwa jou swa sa. 8 lane apre move eksperyans sa gras ak sipò anpil òganizasyon Stéphanie rive kanpe e li gen kouraj pou l pale de move moman sa yo.
Chak istwa inik e nou pa janm viv eksperyans yo menm jan. Apre Nathalie Sauveur, nou fè yon bèl koze ak Gabriel Aladin ki li menm tou avèg. Men istwa pal la diferan.
Nathalie Sauveur se yon jèn fanm ki dinamik e ki gen anpil detèminasyon.
Marlie Thervil se premye envite nou nan Koze avè m e ak li nou pale de gwosès prekòs pandan lap rakonte nou istwa li.
Premye epizòd Koze avè m nan se okazyon pou Alexandro Nicolas prezante tèt li epi prezante podkas la bay tout oditè yo.
From the publisher's feed