Kreyonomi podcast

Kreyonomi podcast

By Stevens AzimaScienceSocial Sciences
Download on the App Store

Kreyonomi podcast episodes

  • S01E02-Kòman dyaspora a ka ede Ayiti?
    Kòman dyaspora a ka ede Ayiti? Nan epizòd sa, n ap antre nan nannan deba sou wòl dyaspora yo, gade limit diskou dominan yo epi liste kèk pinga. Apre sa n ap gade istwa, kontèks ak pwofil dyaspora ayisyen an pou nou ka fè konesans li pi byen. Apre tout sa, n ap pare pou gade ak yon je kritik men konstriktif sa ki fèt deja ak sa ki ta dwe fèt (men ki pa ko fèt) pou pèmèt dyapora ayisyen an gen plis enpak toujou ann Ayiti. Pandan tout epizòd la mwen tou pwofite defèt kèk lejann an rapò ak dyaspora a. Epi mwen pataje kèk ti istwa pèsonèl avè w tou. Epizòd la yon ti jan long, men m panse sa te vo lapenn. Mwen swete w yon bèl ekout.
    1 hr 10 min
  • S01E01-Kisa ekonomi ye?
    Ekonomi alafwa atire nou e dekouraje nou. Ki sa ki fè sa? Ki mòd syans sa ye menm? Ki travay ekonomis yo? Ki wòl yo ka jwe nan rezoud pwoblèm Ayiti yo?
    Dekouvri tout sa nan premye epizòd Kreyonomi Pòdkas la, nan ribrik Ekonomi an. Tcheke biyè blòg ki mache ak epizòd sa a sou kreyonomi.blog pou plis detay, plis referans ak eleman nou pa t abòde nan pòdkas la. 
    Abone epi pataje ak zanmi w. 
    Stevens Azima
    33 min

About Kreyonomi podcast

From the publisher's feed

Kreyòl nan tout sòs