Kwonik yon Epav

Kwonik yon Epav

By Muselene CarilusSociety & Culture
Download on the App Store

Kwonik yon Epav episodes

  • Bilan Sitiyasyon Fanm ak Tifi an Ayiti pandan peryòd ensekirite Jeneralize a
    Fanm ak Tifi vin plis vilnerab pandan peryòd Ensekirite Jeneralize a an Ayiti. Anpil fanm ak tifi oblije deplase al viv anba tant. Sityasyon sa rann yo pi vilnerab. Anpil ladan yo sibi vyòl kolektif ak endividyèl. Men yo pè pote plent, paske lajistis pa efikas ni fonksyonèl nan kèk zòn. Pou rezon sa yo, BRA FANM plede pou depenalizasyon avòtman. Love- Lica Jeanné ap di nou plis!
    20 min
  • Pouvwa Marasa ak manifestasyon lwa Marasa
    Marasa se de oubyen twa timoun ki fèt menm lè. Timoun ki fèt avan marasa yo rele choukèt. Sila ki fèt aprè marasa yo rele dosou. Timoun sa yo gen anpil pouvwa. Manje yo fè pou marasa yo rele djò ki vle di pwoteksyon pou montre lide pwoteksyon ki mache ak marasa yo. Delphine Schoubenza Octavius ap di nou plus. Ann koute !
    21 min
  • KISA VODOU YE? KISA VODOU PA YE?
    Nan epizòd sa nou pral gade ak Kamarad Jean Willy MACCENAT kisa voudou ye...Kilti? Relijyon? Yon fason moun viv...Ki diferans ki genyen ant yon vodouyizan epi yon vodouvi...Enfen poukisa nou pale de vodou Ayisyen...Anpil enfòmasyon enteresan n ap jwenn nan epizòd sa...
    20 min
  • Rapò ant Kalandriye Linè ak kèk pratik spirityèl
    Nan ribrik sa envite Paulémar Miot fè yon ti rale pou nou sou diferans ki genyen ant Kalandriye Linè ak Kalandriye Gregoryen. Epi ede n konprann kouman Kalandriye linè a mache men nan men ak kèk pratik espirityèl...Vodouyizan yo swuiv Kalandriye linè a lè yo gen pou yo fè kèk rityèl...An nou koute
    16 min
  • Rezon Itilizasyon Dikton
    Yon dikton se yon pawòl ki ta vle fè kwè li chita sou eksperyans granmoun. Men anpil fwa dikton yo charye ak sipèstisyon. Majorite dikton moun itilize sèvi pou yo deresponsabilize tèt yo. Bon ekout!
    8 min
  • Orijin diskou popilè ki rele patwa a
    Yon patwa se yon diskou yon ti gwoup moun ap klewonnen nan konvèsasyon yo pandan yon peryòd nan yon sosyete. Se yon mwayen yo itilize pou pase moun nan betiz oubyen defoule yo fas ak kèk sityasyon ki fristre yo nan sosyete kote yo ap evolye a.
    7 min

About Kwonik yon Epav

From the publisher's feed

Kwonik yon epav se yon podcast ki ap analize fondal natal kèk pawòl pwent ak pwovèb kreyòl nan lide pou byen konprann sans yo charye dèyè yo...