Sign up to save your podcastsEmail addressPasswordRegisterOrContinue with GoogleAlready have an account? Log in here.
Madan Jacques is the podcast of Christine Coupet Jacques to inspire, motivate, empower and engage with her audience on topics of interest to her such as money, personal finance, marketing, branding, p... more
FAQs about Madan Jacques:How many episodes does Madan Jacques have?The podcast currently has 32 episodes available.
July 20, 20205 etap bou byen jere tan w - #MondayMotivation ak #MadanJacquesNou tout gen men 24è tan chak jou. Jan w organize jounen w, ak jan w jere tan w ka fè yo gwo enpak sou kapasite w pou rive reyalize objektif ou fixe. Al tande 5 ti konsèy pou ka byen jere 24 è tan paw la. #LendiMotivasyon ...more7minPlay
July 13, 2020MadanJacques resevwa Pierre Stanley Baptiste, antrèprenè, ekriven, motivatè nan #MoneyTalksPierre Stanley Baptiste te fè yon ti pale ak #MadanJacques sou MoneyTalks. Li pataje visyon li sou kesyon lajan, kijan li te fè edikasyon finansyè tèt li, e li pale de liv li ekri a "The Underdog Revolution" ki pataje yon lòt jan pou wè povrete, inovasyon, ak chanjman sosyal. Li pataje anpil konsèy ak enèji positif, kap pèmèt nou pèse nan lavi a ak jwenn balans nou bezwen pou nou reyisi. Al tande l! ...more56minPlay
June 29, 2020Kijan pou chanje panse negatif an atitid positif #MondayMotivation ak #MadanJacques #ChristineCoupetJacquesPlis ou panse negatif, mwens ou gen chans pou reyisi rèv ou. Tande kèk ti teknik pou apran devlope yon atitid positif....more5minPlay
June 22, 2020Mete disiplin nan viw #MondayMotivation ak #MadanJacquesPou reyisi fòk ou mete disiplin nan tout sa wap fè. Tande kèk ti konsèy....more9minPlay
June 15, 20205 Etap pou Pran Bon Jan Desizyon - #MondayMotivation - ak #MadanJacquesNan premye epizòd #LendiMotivasyon mwen pataje 5 teknik ou dwe aplike pou pran bon jan desizyon. Konsèy sa yo ap sèvi w kelkeswa desizyon ou gen pou pran nan lavi w. #MadanJacques ...more10minPlay
April 30, 2020Eske papye w nan lòd ? Eske Relèv ou pare ? COVID-19 la dwe fè w panse sou sa #MoneyTalks ak #MadanJacquesCOVID-19 fè ke tout moun ap travèse yon peryòd de chanjman ak ensètitid kote nenpòt mou ka viktim. Se yon moman kote tout antreprenè ak tout mam responsab yon fanmi oswa yon gwoup dwe pran konsyans de nivo risk la, kote yo ta dwe fè yon plan pou asire siksesyon yo nan yon pòs, mete tout papye nan lòd, pale ak pwòch yo sou tout sa ki ta ka reprezante yon sousi si ta gen yon trajedi. Eske relèv ou pare ? Eske ou gen yon plan kontenjans ? Eske si w pa ta la biznis ou ap kontinye ? Eske fanmi w ap kon kijan pou yo jere tout bagay ?...more19minPlay
April 14, 2020Enpak Covid-19 sou Startup ak PME nan #MoneyTalks ak #MadanJacquesEske lide biznis ou à toujou rete valid jodia ? Eske startup oubyen PME wap jere a pare pou kenbe pandan 3 mwa anko nan konteks kowonaviris la ? Ki opotinite ki vini ak maladi sila ? Sonje, se pa sa ki pi fò yo kap reyisi, se sa ki adapte yo pi rapid kap rete vivan. ...more24minPlay
April 06, 2020Jere Bidjè w pandan kriz COVID-19 la - EDISYON ESPESYAL #MONEYTALKSMèm lè nou konnen sitiyasyon nap viv ak COVID-19 la gen pou l pase, nan moman sa a, fòk nou byen gere bidjè nou. Fòk nou pran konsyans. Fòk nou evite bay tèt nou manti. Fòk nou gere pou nou ka fè fas ak depans nou pandan ke nap sere pou demen paske nou pa konnen konbyen tan pandemi sila, kap boulvèse tout mond nan, ap dire ni ki konsekans dirèk li ka genyen sou vi pa nou ak finans pèsonèl nou. Tande kèk ti konsèy nan edisyon espesyal #MoneyTalks ak #MadanJacques sou gesyon bidjè nan kad #Koronaviris la....more19minPlay
March 30, 2020Giovanna Menard nan #MoneyTalks ak #MadanJacquesMèt Giovanna Menard ap pataje ak nou kijan metye avoka ak pwofesyon dwa sibi yon gwo transfòmasyon depi kèk lane. Li aprann nou ke pou asire yon bon jesyon kabinè avoka, nou dwe jere l tankou yon antrepriz pandan nap fè balans ant respè tout prensip yo, etik ke pwofesyon an mande ak kapasite pou fè lajan....more31minPlay
March 23, 2020Angie Bell nan #MoneyTalks ak #MadanjacquesAngie Bell nan #MoneyTalks ak Madanjacques, yon jèn edikatris ki ap gere plizyè biznis ansanm, nan vil Okap ak lòt kote tou, pande li toujou ap editye pou fè metriz li. Li pataje ak nou kijan li jere tan l, kijan li itilize kreyativite l nan tout sa lap fè. Li bay anpil konsèy sou seri kompetans ki pi empòtan pou jèn yo genyen jounen jodi a. ...more32minPlay
FAQs about Madan Jacques:How many episodes does Madan Jacques have?The podcast currently has 32 episodes available.