Manje sale podcast

Manje sale podcast

By Manje Sale podcastSociety & Culture
Download on the App Store

Manje sale podcast episodes

  • Madan papa. Sugar daddy. Gason sa yo k ap bay lajan e fanm sa yo k ap pran lajan. Pou yon mache ekilibre fok of la egal ak demann lan
    MizIk: POUSYE D-Fi

    Softrabbits.

    Poukisa w gen 99 jijman pou fanm k ap pran lajan nan men gason an men 1 grenn sèlman pou gason k ap bay lajan an?
    E grenn jijman sa se «poukisa se pa mwen»?

    Poukisa se pa mwen. Admèt li. Ou t ap renmen pou yon gason ap vide lajan sou ou menm jan yo fè modèl yo. Welp anpil moun ta renmen sa.

    Ou menm tou garson, ou t ap renmen gen lajan, gen chanpay, gen bato pou w ap depanse a. It’s alla about power.

    Nan yon mond kote gason kreye e pwofite de kapitalis, pran lajan nan men gason se yon aksyon de reparasyon.

    Nan yon mond kote yo di fanm sispann fe parese al travay, ou rive nan travay patron mande w bouboun, pran lajan nan men gason se jistis.

    Wi ou ka yon alye, wi ou ka fe sa chanje. Si w se yon gason prete vwa w, kreye opòtinite, sispann asele nou pou travay.

    Nan epizod sa nou pale de mit “sugar daddy” a. Nou eseye reveye tifi ak tigason ki ta renmen fe sa pita. Paske an reyalite yo vann ou yon rev ke «hey pran ti granmoun ti se granmouun egare» Men se pa sa ditou.


    Epitou m dezole pou absans mwen. M ta renmen rebrand podcast la, petèt agrandi lodyans lan. menm pa konn kijan. Sinon, m renmen entimite nou. Like anpil. Sonje ekri m, banm feed back envite tet nou. mwen la pou tout moun.
    14 min
  • Nou Ale. X D-fi
    Èske kite legliz la se toujou yon bagay fasil?
    #
    Nan epizòd sa, mwen ak Emma ki se 2 ti mounton pèdi, pèmèt tèt nou pale san filtè sou pasaj nou nan legliz.

    Nou pale de wòl nou, nou pale de sa nou viv anndan legliz la, nou pataje nostalji nou, eksperyans nou ak lòt ti kò kretyen e nou menm bay konsèy pou jèn parèy nou ki nan legliz e ki “confus as hell”
    1 hr
  • Poukisa Manman Ayisyèn Rayi Pitit Fi Yo Konsa? Mizik: D-Fi X Pousyè
    Ou gen “daddy issues ” ou gen pwoblèm papa, papa w pa t nan lavi w. Se sa nou souvan di fanm lè yo di yo rayi gason. Oubyen lè yon fanm gen tandans atache l twò vit a gason.

    Si fanm rayi gason paske papa yo pa t yon bon papa, kisa nou ka di de fanm ki se premye lenmi fanm? Èske medam sa yo gen mommy issue?

    Nan epizòd sa nou pale de relasyon manman ak pitit fi Ayisyèn. Nou pale de difikilte ki genyen pou yon manman renmen pitit fi li. Nou fè diferans ant lanmou matènèl e ensten matènèl
    Nou pale de difikilte ki genyen nan matènite, de presyon sosyete a mete sou manman, de twoma jenerasyonèl ak presyon relijyon.


    An gwo nou pale de gwo defi ki genyen pou yon fanm Ayisyèn renmen tèt li nan yon sosyete ki pa t pare pou li.

    Cover 📷: instagram: cedclearshot
    55 min

About Manje sale podcast

From the publisher's feed

Manje sale se yon espas san jijman kote nou pwomèt ou a 100% ke n ap fè w ri, na p fè w fache, n ap fè òni, n ap fè w reflechi...Nou la pou tout moun.

Menm si manje sale ouvri a tout moun gen…