Pataj

Pataj

By Job Peterson MompremierBusiness
Download on the App Store

Pataj episodes

  • Nenpòt kote ou ye, ou se men'm ou men'm nan

    Lè m ale, si m ta ale avan lè mwen espere, mwen swete 3 epizòd sa yo kapab kontribye pou ede amelyore lavi sila ki ap chèche limyè pou klere kote yo ap mete pye yo sou chemen lavi, mwen swete li kapab kontribye pou ede rekonsilye nou ak pwòp tèt nou, ak moun ki konte pou nou, pou nouri lespwa ak awoze detèminasyon lakay sila ki anvi goumen pou bay egzistans yo isi ba yon sans. Mèsi pou tan ou. Pa ezite pataje ak yon zanmi oubyen yon fanmiy.

    38 min
  • Fason pou travay sou rèv ou yo

    Kisa ki anpeche ou reyalize kolonn bon rezolisyon ou te deside pran pou ane sa ? Ki blokaj ki anpeche ou travay e reyalize pwojè ou yo? Kisa ki anpeche ou poze aksyon pou reyalize lide pou milyonè ou genyen yo? Tout jounen wap rakonte ke ou pral fini tèz lisans ou pou chèche yon bous, kisa ki blokow?

    15 min
  • Tiye tèt ou pa yon solisyon

    Dapre OMS, oganizayon mondyal sante, genyen anviwon 700 mil moun ki retire lavi yo chak ane. Se 4e koz lanmò lakay jèn moun soti 15 pou rive 29 lane. Yo avanse pou di sou chak moun ki rive tiye tèt li, genyen pwobablite ke 20 moun eseye fè sa e 19 pa rive ateri. Erezman!

    5 min
  • Byenvini nan premye soti Podcast Pataj

    Yon peyi se rezilta oryantasyon ak politik ke elit li yo deside aplike, pa janm sispann mete men, travay, pandan nap egzije elit nou yo kreye bon kondisyon pou tout moun kapab viv e kreye richès anndan peyi a, pou dyaspora kapab tounen viv, envesti, pase vakans e envite lot moun dekouvwi peyi a.

    10 min

About Pataj

From the publisher's feed

Pataj se yon tiyo, yon kanal, yon espas pou pataje sou pasyon nou,  eksperyans ak konesans nou, aprann nouvo bagay e kontribye nan fomasyon moun. Se yon espas pou pale, pou echanje, pou aprann.