Sign up to save your podcasts
Or

Apre yon seri akizasyon grav kadejak, tizonnay ak lòt abi seksyèl kont Direktè Bibliyotèk Nasyonal la, Dangelo Néard, Minis Kilti a, Pradel Henriquez fè yon nòt sou Facebook pou denonse yon laboratwa fanm ak gwo lajan nan men yo k ap travay pou detwi gason ak fo akizasyon. Li menm mande DCPJ entèvni prese prese pou mare yo. Moun kouri dèyè l, petisyon siyen, li mande yon eskiz ki pa fin eskiz epi sa rete la. Poutan, yon minis nan Leta pa yon sitwayen lanbda; lefèt l ap travay nan sektè kilti peyi a pi grav toujou. Malis popilè rele l Minis Kilti Vyòl; yon non li sètènman merite, sitou lè nou konnen pawòl otorite dwe moral, itil, efikas. Lè yon moun se otorite, nou dwe ka kwè nan sa l di, fè l konnfyans paske ni lonè l ni sekirite n depann de sa.
Patisipe nan konvèsasyon an, li epi kòmante biyè nou pibliye sou emisyon an sou kozekiltivyol.com/s01e04
Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.
By Koze Kilti Vyòl5
11 ratings