Nan epizòd Pòdkas Policité sa, nou fè yon gwo rale sou yon fenomèn ki egziste depi digdantan : fason yon Leta aprann de yon lòt pou l adopte lwa, règ, ak politik piblik lakay li. Nan egzanp jodi a, n ap pran gran vwazen nou Etazini d Amerik ki se yon Leta federal. Epi n ap mande tèt nou, ki leson Ayiti ka tire de sa?