Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
-Yon gwoup malveyan nan Bomon touye Manbo Bernadette Pretile ak 2 fanmi li yo akize ki ta touye yon moun ak wanga
-Anplis $46M yo di yo te deja bay (M sipoze pou MSS Kenya a) Lalmay pwomèt $35M pou FRG lan
-Ti komik blan an mete kòm dirijan peyi nou yo pibliye kalandriye elektoral yo: Pwosesis la ap derape nan mwa mas epi l ap fini nan mwa desanm pou eli yo pran pouvwa 7 fevriye 2027
-Gadkot Ayisyen an anonse yo te nan gwo lese frape ak gang lendi a epi yo touye yon pil ak yon pakèt gang
-Donald Trump anonse soti 10 desanm lè lavant kat rezidans pèmanan yon milyon dola li yo te derape li gen tan vann pou 1.3 milya dola vèt
-Repiblik Dominikèn anonse li gen tan vann depase yon milya dola pwodui k fèt lakay li ann Ayiti pandan Ayiti limenm vann yo yon ti kal mwens pase 6 milyon dola
-Dimanch 28 desanm, 3pm: Aktivite nan Sista's Place, 456 Nostrand Ave pou make 100 lannen Patrice Lumumba, Malcolm X, ak Frantz Fanon
-Jedi Premye janvye, 2026 3pm: Selebrasyon 222 lannen Endepandans Ayiti nan Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd
-Lendi 12 janvye 2026, 2pm: Manif devan Fondasyon Clinton pou make 16 lannen depi Goudougoudou a