Steph-fans show

Steph-fans show

By Stephan neptuneMusicMusic Commentary
Download on the App Store

Steph-fans show episodes

  • Avortement( part 1)
    BONJOU , Bonswa tout moun, sijè déba jodya an nan *STÉPH-FANS show* ap baze sou *avòtman* sa nou rele lakay nou *jete pitit* lan kote nou ap genyen avek nou nan yon premye tan sikològ Zacharie Claude. Nan yon dezyem tan nap genyen injenyè Youseline Brimaire pou yon lòt entèvansyon. Deba an pral entèresan anpil .
    1 hr 11 min
  • Stimilan seksyèl (sòs pwa)
    kisa ki koz jènn kounya yo ye itilize anpil stimilan seksyel ???
    Ki diferan tip stimilan ki genyen isit epi ki konsekans yo sou sante moun kap itilizel lan???
    1 hr 49 min
  • DEDIKAS & INTERVIEW
    *Rezon ki fè yon moun vin yon Ex yon lot anpil... Genlè li grav genlè li minim...
    Gen moun ki telman blese, ki pa vle wè moun sa ankò, gen lot yo kite men yo still kenbe kontak genyen tou ki vin bon Zanmi...
    Men pwen ki pa fè bri an se moun sa yo ki kite, yo al chache fè vi yo lot kote sa toujou pa mache epi yo retounen sou Ex sa...
    Kesyon aswè an 7h - 9h : *Eske ou ap ka tounen ak yon Ex?*
    Si wi Kiyes li tap ye Sinon poukisa?
    Si repons ou an ki kondisyon ki ta sipoze reyini pou ou retounen ak Ex?
    Ki dedikas ou k fè pou Ex sa?
    Nap gen T-Loo manager nou, Gabby Mortimer ak ou menm kap envite aswè...
    Pou patisipe nan emisyon aswè an swa Pouw fè dedikas oubyen komantè kontakte nou sou Whatsapp/telegram
    - Stephan : 48495319
    2 hr 7 min
  • Eske ou k renmen ak yon ex yon zanmi w?
    Lè medam yo t piti yo t toujou vle viv yon sèl istwa lanmou...
    Yo te twò kwè nan sa disney te antre nan têt yo poutan nan menm moman sa yo gason yo pat leve ak yon edikasyon prens...
    Fas ak reyalite an yo tou 2 vin gen plis ke yon menaj epi kreye yon mond pou menaj yo kite yo (EX)...
    Alors ki plas yon EX nan lavi nou...
    Nou te gen kom invité Gabby Mortimer sou sijè sansib sila
    1 hr 9 min
  • Saint Valentin 2021
    Yon jou lanmou
    Yon jou pwezi
    Yon jou lanmou layite kòl nan chak mo, chak teks ak chak jès.
    Se pou sa Steph-Fans Show ofriw 14 fevriye sa Dedikas ak Pwezi.
    Vin deklare flanm ou pou moun sa ki fè viw vin miyò, vin dil saw santi, vin pale ak tout kèw, vin vrè, vin mete lanmouw toutouni...
    Pou menaj ou oubyen pou moun wap koze vin fè yon dedikas.
    Dimanch 14 fevriye 2021 sa nap Gen FP ak Achelie Cherie kom atis envite nou...
    Branche sou link sa, vin viv lanmou ki pral klewonen dimanch 14 fevriye sou Haitian live slogan
    1 hr 38 min

About Steph-fans show

From the publisher's feed

Un espace socio-culturel...