
Sign up to save your podcasts
Or


Marcus LOLO se yon jenn pyanis ayisyen k ap pèfeksyone talan li nan inivèsite Etazini, pandan l ap etidye l ap pataje konesans li tou ak lòt jenn ki enterese a mizik menm jan ak li. Mwen te kontan echanje ak Marcus
Tout zèv atistik kreye nan lide pou fè yon efè kèlkonk sou nenpòt moun ki konsome l, men se pa tout moun ki konsyan de sa.
Sikològ Osman Jérôme se envite m nan 7e epizòd Lyrikalite-a, ansanm avè l nou tante reponn kesyon sa yo:
Eske yon zèv ka enfliyanse yon moun san li pa konsyan de sa?
Eske se tout zèv yon moun konsome ki enfliyanse l?
Eske l posib pou yon moun limite enfliyans kreyasyon atistik yo sou li?
Kòman enfliyans zèv atistik yo manifeste sou konsomatè yo?
Kontrèman ak sa anpil moun panse, objektif zèv atistik yo pa redwi a pote plezi sèlman!
Nan epizòd Lyrikalite sa-a nou gade kòman enfliyans kreyasyon atistik yo manifeste sou konsomatè yo. Pou rann egzèsis sa pi otantik posib, nou gen yon echantiyon 4 pwofesyonèl nan lavi sosyal la ki se tou 4 moun ki konsome zèv kreyatè ayisyen ki pataje eksperyans yo ak kèk zèv pou ede nou konprann kijan kreyasyon sa yo make lavi yo.
Pandan m'ap envite w tande ak pataje podkas la, m'ap tou pwofite remèsye Steffany Rebeca, Hansy Mars, Ariste Jean ak Vilcius Simon ki te dakò pataje temwanyaj yo ak nou nan 6e epizòd Lyrikalite a.
Mèsi,
Bòn ekout!
Sylvain Exavier
"Festival En Lisant" sou 5e edisyon li ane sa.
Ki estrateji "BIT-Haïti" deplwaye pou kenbe "Festival En Lisant" vivan pandan 5 lane ki pase yo?
Ki kote yo jwenn mwayen pou finanse pwojè sa-a?
Eske Leta sibvasyone aktivite y'ap òganize yo?
Ki tèm festival la ane sa-a?
Kiyès ki envite donè yo ane a?
Sa yo se kèk pami kesyon nou abòde nan podkas la ak direktè atistik festival la, Eliezer Guérismé, ki te aksepte fè yon ti koze ak nou nan kad 5e epizòd Lyrikalite a.
Mwen envite w tande sa l te pataje ak nou kòm enfòmasyon.
Mèsi pou ekout ou!
Sylvain Exavier
Reyalizatè dokimantè «A promising voice» ki deja jwenn akseptasyon pou l difize plizyè nan festival fim entènasyonal,
jounalis Obed Lamy se envite nou nan 4e epizòd LyriKalite a, li pataje anpil enfòmasyon ak nou sou pwosesis reyalizasyon dokimantè a ak anpil lòt obsèvasyon li fè pandan l'ap fè Metriz nan jounalism nan inivèsite nan Fayetteville nan Eta Arkansas.
Kisa ki te motive Obed Lamy reyalize dokimantè «A promising voice»?
Kote lide a soti?
Poukisa tit sa-a pou dokimantè a?
Poukisa se istwa saa li te chwazi?
Menm jan ak nenpòt sitwayen òdinè yon pawolye ekspoze a tout enfliyans ki travèse diferan kategori sosyal kote l'ap evolyese-a. Enfliyans sa yo pa san efè sou kreyasyon atistik pawolye a, menm jan zèv li pa kite sosyete ki konsome l la endiferan non plis.
Envite nou nan epizòd Lyrikalite sa se enjenyè kiltirèl Djimy Ducasse ki genyen yon fòmasyon nan sosyoloji tou, avèk li nou fè kèk konsiderasyon sou kijan sosyete a enfliyanse zèv yon pawolye, kòman pawolye a chwazi ki enflyans l'ap degaje nan pwodiksyon l yo epi nou gade ki enpak kreyasyon atistik pawolye a genyen sou sosyete a an retou.
Mèsi pou ekout ou, pa ezite fè nou remak ak sijesyon si w genyen! Opinyon w konte anpil pou ekip Lyrikalite-a!
From the publisher's feed