Nan epizòd sa, ant 2 paj listwa, Mario Andresol ap di nou plis de li, sou karyè li, souvni li, filozofi li de lavi a. Li te tou profite anonse nou pwojè li genyen.
Epizòd sa gen 2 pati: nan premye pati a, nou pale ak Pascale Solages sou 3ème edisyon Festival Negès Mason ane sa, epi dezyèm pati a, Gael Beauboeuf ap di nou plis sou Audit Numerique.
Nan Epizòd sa, ekonomis Etzer Emile ap prezante nou liv li "Haiti a choisi d'etre pauvre, les 20 raisons qui le prouvent" épi nou te tou profite analize sitiyasyon sosyal, politik ak ekonomik nap viv kounye a la.
Nan epizòd sa, Jounalis Frantz Duval ap fè yon ti rale sou wòl medya yo nan lit sosyal yo, kijan yo adapte yo a fason tou nèf nap kominike nouvel yo, patikilyeman rezososyo yo.
Rap ki fè tan. Rap ki make tan. Rap nap sonje lontan. Nan epizòd sa, nou chèche kèk muzik ki travèse yon epòk. Mwen pa yon konesè e mwen te kontan patisipasyon oditè yo ki te fè pwopozisyon pa yo.
Nan epizòd sa, Profesè Bayyinah Bello ap vire kèk paj listwa avèk nou, soti nan tan lakoloni rive Jodi a, pase nan batay pou endepandans peyi nou an. Viktorya Montou, Cecile Fatima, Marie Claire Heureuse Felicite Bonheur, Marie Dede Bazile ak anpil lòt!