Teyoloji E Sosyete

Teyoloji E Sosyete

Download on the App Store

Teyoloji E Sosyete episodes

  • 4VEH 75th Brooklyn April 2025

    Past Joseph Victor, nan 1ère Église Baptiste Haïtienne de Canarsie, Brooklyn, NY ap pale sou plan Bondye nan etablisman legliz l ap dirije a, sou eksperyans li ak 4VEH e ap envite w nan gwo sèvis adorasyon k ap fèt nan Brooklyn pou Selebre 75 rekòt kafe Radyo Tele 4VEH. 

    30 min
  • 4VEH: 25 Ans Radio Sentinelle

    Past Storly Michel nan Teyoloji & Sosyete sou Radyo Tele 4VEH ap resevwa Me Osner Févry k ap pale sou 25e Anivèsè Radyo Sentinelle, yon radyo ki konsakre pou sèvi legliz e pwopaje bon nouvèl levanjil Jezikri a. Wout la pa fasil men Bondye fidèl e l toujou akonpanye pitit li yo. Pa rate okazyon koute e pataje bèl entèvyou sa a. 

    30 min
  • Gala Apresiyasyon Me Leroy Jean François

    Past Storly Michek ak 4VEH resevwa Me Leroy e Dr Junias sou gala apresiyasyon asosiyasyon ansyen elèv CPN ap òganize samdi 28 septanm 2024 pou onore plis pas 70 zan sèvis Me Leroy nan domèn edikasyon nan vil Okap. 

     

    Branche 4VEH

    Site Web: 4veh.org

    Facebook : https://www.facebook.com/radiotele4veh

    Youtube: https://www.youtube.com/@4VEH

    Twitter : https://twitter.com/Radio4VEH?s=09

    Instagram: https://instagram.com/4veh?igshid=scu

    Tiktok: https://www.tiktok.com/@radio4veh

     

    Kontak

    [email protected]  / WhatsApp: (509) 3918-2920     

    Ayiti : (509) 2260-1617    /  USA (203) 690-8767

    30 min
  • Konsè 74e 4VEH, Orlando: Maudza Josué

    Entèvyou ak atis Maudza Josué sou gwo konsè ki va fèt nan legliz FHABCO nan vil Orlando nan okazyon 74e Anivèsè Radyo Tele 4VEH, samdi 25 me 2024 a 7:00 PM. Nan lis atis ak gwoup k ap pèfòme yo nou jwenn: Junior Chaha, Daniella Lindor,  Dr. Ketia Cherenfant, Darlyne Fromosa, Maudza Josué,  Emmanuel Garilus, Vilnive Nelson, Michelle Angrand, Gérard Pierre Rénélus ak Groupe Omega.

    30 min
  • Concert 74e 4VEH, Orlando: Groupe Omega

    Entèvyou ak Larieux Resignac basis gwoup Omega sou gwo konsè ki va fèt nan legliz FHABCO nan vil Orlando nan okazyon 74e Anivèsè Radyo Tele 4VEH, samdi 25 me 2024 a 7:00 PM. Nan lis atis ak gwoup k ap pèfòme yo nou jwenn: Junior Chaha, Daniella Lindor,  Dr. Ketia Cherenfant, Darlyne Fromosa, Maudza Josué,  Emmanuel Garilus, Vilnive Nelson, Michelle Angrand, Gérard Pierre Rénélus ak Groupe Omega.

    30 min
  • Konferans 13 Fevriye 2024

    Past Storly Michel ap resevwa Bishop Joanem Floréal (Past Fanfan) ap bay enfòmasyon sou yon gwo konferans deba k ap fèt Versaille nan vil Okap madi 13 fevriye 2024 8:00 AM ak konferansye: Ekonomis Etzer Emile, Agwonòm Edson Lubin, Jij Frito Aristile sou sijè "L’engagement du Chrétien dans le développement de son pays." 

     

    30 min
  • Kalandriye Aktivite Okap - 200e Batis An Ayiti #4-4

    Sa se 4e e dènye pwogram n ap fè nan seri 4 pwogram nou genyen avèk Dr. Joseph Voltaire, pastè Premye Legliz Batis nan Okap, sou Bisantnè fwa Batis la an Ayiti. Nou te pale sou orijin Legliz Batis an jeneral, reyalite relijyon krisyanis la nan peryòd kolonyal la, e 1e batèm ki te fèt sou tout lil Ayiti a. Jodia n ap pote kèk presizyon e prezante kalandriye aktivite ki genyen nan dènye semen selebrasyon an.

    30 min
  • 1e Batèm Pa Imèsyon - 200e Batis An Ayiti #3-4

    Nou rive nan 3e epizòd seri 4 pwogram n ap fè ak Dr. Voltaire Joseph, pastè Premye Legliz Batis nan Okap, sou Bisantnè fwa Batis la an Ayiti. N ap pale jodia sou premye fwa te gen batèm pa imèsyon sou tout lil Ayiti a an desanm 1823 nan vil Okap ak plizyè lòt fè istorik.

    30 min

About Teyoloji E Sosyete

From the publisher's feed

Yon espas ekspoze, kòmantè e eprantisaj ki ba w bon jan enfòmasyon e touche plizyè sijè sosyal k ap fè aktyalite nan moman an.