
Sign up to save your podcasts
Or


Verite sosyete a nan bon mamit san filtè | TTS S2E30Jodia Jojo Marcos Jeff ak Clutch pral detoke anpil sijè tabou nan sosyete a. branche patisipe nan tout deba yo pou nou ka fe yon show comme d'habitude.Facebook & YouTube
Verite sosyete a nan bon mamit san filtè | TTS S2E29Premye kestyon an:Kijan sosyete a wè istwa relasyon fanm ak gason?Poukisa lè se yon fanm yo toujou ap konte konbyen moun li te avèk… men lè se gason, li vin nòmal oswa menm glorifye?👉 Eske se yon double standard? Oswa gen yon verite dèyè li?Dezyèm gwo sijè a:Eske yon sextape oswa video entim retire valè yon fanm?Gen moun ki di wi — paske sa afekte respè.Gen lòt ki di non — paske lavi pèsonèl pa dwe detèmine valè yon moun.👉 Men kestyon an rete: nan reyalite, kijan gason vrèman wè sa?Nou pa vini ak filtè… nou vini ak OPINYON 💯Atann nou ak deba, dezakò, ak verite ki pa toujou fasil pou tande.💥 PLUS: “Idiot de la semaine” ap la pou mete yon ti ri nan mitan cho a⸻🎙️ HOSTSMarcos • Jojo • Jeff • Clutch⸻📺 LIVEChak Dimanch | 8PM – 10PMFacebook & YouTube
Ariana Championne d'Haiti | Fanm ak gason paka zanmi | TTS S2E28🔥 Third Shift Podcast – Episode Tonight (LIVE 8PM – 10PM) 🔥Aswè a nou retounen ak yon lòt epizòd cho 🔥 kote Marcos, Jojo, Jeff & Clutch ap mete tout bagay sou tab la san filtè!Nou gen gwo sijè ki pral fè tout moun pale 👇🏾🎤 Sijè yo: 1. Eske fanm ak gason ka zanmi tout bon? 2. Eske yon gason ki pa masisi ka bon zanmi ak masisi?😈 Idiot de la semaine ap vini nan mitan show a… prepare nou, paske gen moun ki fè bagay ki pa nòmal ditou 😂⚡ Kesyon rapid san reflechi (Yes or No / This or That): • Si madanm zanmi w cheat sou li… eske ou dwe di li? • Ou prefere moun respekte w oubyen pè w? • Eske jalouzi se yon siy lanmou?💥 Nou pral antre fon nan sijè sa yo ak opinyon san filtè, blag, verite ki ka fè w mal, ak anpil entèraksyon ak chat la.📲 Join live la, bay opinyon w nan kòmantè, epi prepare w pou deba ki pa gen pitye!🕗 Dimanch 8PM – 10PM (EST)📍 Facebook & YouTube – J&M Media Groupe👉 Third Shift Podcast: Nou pale sa lòt moun pè di.
Ariana Championne d'Haiti | Fanm ak gason paka zanmi | TTS S2E27🔥 Third Shift Podcast – Episode Tonight (LIVE 8PM – 10PM) 🔥Aswè a nou retounen ak yon lòt epizòd cho 🔥 kote Marcos, Jojo, Jeff & Clutch ap mete tout bagay sou tab la san filtè!Nou gen gwo sijè ki pral fè tout moun pale 👇🏾🎤 Sijè yo: 1. Eske fanm ak gason ka zanmi tout bon? 2. Eske yon gason ki pa masisi ka bon zanmi ak masisi?😈 Idiot de la semaine ap vini nan mitan show a… prepare nou, paske gen moun ki fè bagay ki pa nòmal ditou 😂⚡ Kesyon rapid san reflechi (Yes or No / This or That): • Si madanm zanmi w cheat sou li… eske ou dwe di li? • Ou prefere moun respekte w oubyen pè w? • Eske jalouzi se yon siy lanmou?💥 Nou pral antre fon nan sijè sa yo ak opinyon san filtè, blag, verite ki ka fè w mal, ak anpil entèraksyon ak chat la.📲 Join live la, bay opinyon w nan kòmantè, epi prepare w pou deba ki pa gen pitye!🕗 Dimanch 8PM – 10PM (EST)📍 Facebook & YouTube – J&M Media Groupe👉 Third Shift Podcast: Nou pale sa lòt moun pè di.
Monogamie pa natirèl dapre Gaelle | Ariana se avni peyi a | Paran Ayisyen gen defo | TTS S2E26Semèn sa a, Third Shift Podcast la ap tounen ak yon lòt epizòd ki chaje ak debat cho, opinyon san filtre, ak kestyon ki pral fè w reflechi!Marcos, Jeff ak Jojo ap plonje fon nan sijè ki ap fè anpil bri nan kominote a 👇– Ariana ankò… men kisa ki fè non sa toujou ap tounen konsa?– Monogami pa natirèl 🤔 eske sa se verite oswa eskiz?– Eske guest ta dwe peye pou ale nan maryaj?– Diaspora ap ede oswa ap gate moun ki fèk soti Ayiti?– Paran Ayisyen vs timoun ki grandi Ozetazini 🇭🇹🇺🇸– Li difisil pou konnen ki fanm ou genyen… reyalite oswa panse gason?Nou pap jis pale… nou pral DEBAT, bay opinyon, epi kite nou menm tou rantre nan diskisyon an LIVE!💬 Prepare kestyon nou, prepare opinyon nou📅 Dimanch 8PM📍 Facebook & YouTubePa bliye, objektif nou se enfòme san nou pa fè moral, epi fè w reflechi pandan nap fè w ri tou 😏
🎙️ Third Shift Podcast – Epizòd Nouvo 🔥As always, ekip la ap vini cho ankò dimanch sa a pou kraze sijè ki cho sou rezo yo, nan kominote a, ak nan lavi chak jou. Pa gen filtre, pa gen script — se opinyon reyèl, analiz san pè, ak anpil verite ki ka fè ou ri… oswa reflechi.Semèn sa a, nou pral plonje nan sijè sa yo:🇭🇹 Yon enfliyansè ayisyen ki gen milyon followers sou TikTok deside ale Lafrik pou reprezante Ayiti — èske sa vrèman gen enpak oswa se jis pou clout?⚧️ Diskisyon cho: èske kominote transgender la gen ase agiman pou defann pozisyon yo? Nou pral antre fon san pè.⛪ Gwo konfli pete nan legliz ayisyen ant Frè Gabe, Jerry Bed, Pasteur Mallory ak Bossbens — kisa sa vle di pou lafwa ak kominote a?🎰 Anpil ayisyen toujou kwè chak rèv gen siyifikasyon pou boul borlette — èske se tradisyon, superstition, oswa yon pwoblèm mantalite?⚖️ Yon kestyon serye: Poukisa anpil nwa Ozetazini nan prizon? Èske se lojik sistèm nan… oswa se rasis ki dèyè sa?💔 Depi yon fanm gen “leverage”, èske relasyon an fini? Nou pral pale sou balans pouvwa nan relasyon jodi a.⸻💥 Atann nou ak deba cho, opinyon ki pa dous, ak moman ki ka fè w di “yo pa t dwe di sa… men yo di l!”📅 Dimanch | ⏰ 8PM – 10PM📺 Live sou Facebook & YouTube👉 Antre nan live la, bay opinyon pa w, paske sou Third Shift Podcast… nou pa jis pale, nou fè moun reflechi.#ThirdShiftPodcast #TTS #HaitianPodcast #DebaCho #Ayiti
Mechanst avili Master Brain | Fanm plede bat gason tou | TTS S2E24📢 THIRD SHIFT PODCAST – EPISODE 24 🔥Aswè a sou Third Shift Podcast, Marcos, Jojo, Jeff ak Clutch ap mete tout verite sou tab la san filtre! Pare pou yon diskisyon cho, san limit, ak opinyon ki pap fè tout moun alèz… men ki nesesè!Nan epizòd 24 la, nou pral fouye fon nan sijè sa yo: • Yon papa vin masisi pou sipòte pitit li? Èske ou ta fè menm bagay la? Mechanst mouri men li te pale nou de Master Brain… Èske rap kreyòl se koz banditis ann Ayiti? • Imigran ki vle retounen pran retrèt nan peyi yo olye Etazini • 5 bagay yon mari pa dwe janm fè • Fanm trayi, men yo fè sa nan pwòp fason pa yo • Vyolans domestik fanm kont gason (yon sijè anpil moun pa vle pale de li) • What would you do? (senaryo ki pral fè w reflechi)Nou la pou analize, diskite, e menm fè w ri pandan n ap di verite a jan li ye! Pa gen filtè, pa gen pè… sèlman opinyon reyèl ak eksperyans lavi.💬 Antre nan live la, pataje opinyon pa w, epi vin fè pati diskisyon an!📅 Chak dimanch | ⏰ 8PM – 10PM📺 Facebook & YouTube | J&M Media GroupeThird Shift Podcast – Tout verite, san filtre.
Pastè ap bay fidèl presyon pou lajan | Haitian American vs Native Haitian | TTS S2E23Dimanch sa a sou Third Shift Podcast, nou pote pou nou yon lòt epizòd ki pral fè anpil moun reflechi… epi petèt diskite anpil! 🔥Nou pral analize plizyè sijè cho ki ap fè pale sou rezo sosyal ak nan kominote a.Sijè nou pral diskite:• Masisi yo ap bay lajan pou enfliyanse mesye yo• Pastè yo ap ranmase lajan• Fanm pa cheat menm jan ak gason• Haitian American vs Native Haitian• Election HaitiTankou toujou, nou pap kenbe okenn opinyon dèyè.Nou pral pale san filtè, pataje analiz nou, epi nou vle tande opinyon pa nou tou nan kòmantè yo.🎙️ Hosts: Marcos, Jeff & Jojo📅 Dimanch⏰ 8PM – 10PM EST📍 Live sou Facebook & YouTubePrepare kestyon nou, prepare opinyon nou, paske deba ap cho! 🔥
BNTK, yon slogan selebrite yo pè repete, sak fè sa? | Realite feminism an Ayiti | TTS S2E22Gen anpil sijè cho ki pral sou tab la e nou bezwen opinyon pa nou tou. Se pa yon emisyon kote nou kache verite — nap pale klè, san filtè.📌 Men kèk nan sijè nap debat:1️⃣ Si yon gason di klè li pa vle pitit, men fanm nan deside fè pitit la kanmenm…➡️ Èske gason an toujou responsab pou timoun nan?2️⃣ Feminism an Ayiti➡️ Ki sa li ye vrèman?➡️ Ki diferans ant sa moun di sou li ak reyalite ki egziste nan sosyete a?3️⃣ Scam nan kominote imigran yo➡️ Poukisa anpil moun chwazi fè magouy olye yo travay di?➡️ Èske lavi scammer yo vrèman fasil jan kèk moun fè kwè?4️⃣ Lavi maryaj ak fanmi nan menm kay➡️ Poukisa li tèlman difisil pou yon koup marye viv anba menm do kay ak lòt manm fanmi?💬 Nou vle tande opinyon pa nou!Dakò? Pa dakò? Gen eksperyans sou sijè sa yo?🕗 Branché DIMANCH a 8:00 PM📺 LIVE sou Facebook & YouTube🎙️ Third Shift PodcastNou analize sijè ki cho nan sosyete a san filtè, san pè.
Gwo beef eklate ant Masisi yo ak Hetero | Gè sa ap debouche sou gè mondyal | TTS S2E22
Dimanch sa a sou Third Shift Podcast, nou pote yon lòt epizòd cho kote n ap analize sijè k ap fè anpil bri nan kominote a, san pè, san patipri, san filtre.
🟥 1️⃣ Lagè nan kominote ayisyen an: Straights vs LGBTQ sou TikTok
Gen yon veritab “lagè” k ap fèt sou rezo sosyal yo, espesyalman TikTok. Tou de bò ap diskite sou sa ki dwe akseptab oswa non. Gen atis ak figi piblik nan mizik ayisyen ki poko janm “sòti”, men kèk moun nan kominote gay la ap akize yo kòm si yo ta kache verite yo.
➡️ Èske sa jis? Èske se presyon? Èske moun dwe fòse pale sou vi prive yo?
🟥 2️⃣ Konfli ant USA ak Iran
Nou pral antre fon nan kestyon sa a:
Ki kote konfli a soti?
Èske gen risk pou l vin pi grav?
Ki konsekans sa ka genyen pou rès mond lan?
🟥 3️⃣ Yon gason dwe travay 2 djòb pou pran swen yon fanm?
Oswa èske tou de moun dwe mete men pou peye bòdwo?
Nou pral pale sou wòl, responsabilite, ak reyalite lavi jodi a.
🟥 4️⃣ Kijan yon gason dwe santi l si li antre nan yon espas kote li konnen fanm li te deja gen omwen 6 lòt gason anvan li?
Èske sa ta dwe afekte li?
Èske pase yon moun dwe rete nan pase?
🟥 5️⃣ Guy Wewe kraze ak Team Aswè A
Sa k pase vre?
Èske se kestyon lajan, respè, oswa dezakò entèn?
🟥 6️⃣ Liberasyon Carel Pedre soti nan prizon imigrasyon
Sa sa vle di?
Kisa sa montre sou sistèm nan?
From the publisher's feed