Nan epizòd sa a, ekip VAYB KAFOU a mete pye yo anba tablèt la pou yon gwo deba sou kilti manje nou, nostalji, ak idantite nou kòm pèp. Sa pa sèlman yon diskisyon sou manje… se yon konvèsasyon sou sa ki reprezante Ayiti nan kè nou ak sou tab nou. 🥘
Sa w pral tande nan epizòd sa a: 🔥 Griot vs Lòt Manje: Èske se vre li se "Wa" a? 🔥 Batay Dejene: Spaghetti vs Pen ak Kafe — ki bò w ye? 😂 🔥 Legim & Mayi Moulen: Kilès ladan yo ki plis gen nanm Ayiti a? 🔥 Ayiti vs Dyaspora: Poukisa gou a chanje lè n travèse dlo? 🔥 Sekrè "Gratin" an: Souvni ak nostalji ki makonnen ak vye chodyè lakay.
TIMESTAMPS (Pou w pa pèdi fil la):
00:00 - Entwodiksyon & Vibe Kafou
03:28 - Dejene Ayisyen: Spaghetti vs Pen ak Kafe
15:11 - Gwo deba: Èske Griot se manje nasyonal la?
20:01 - Griot Ayiti vs Griot dyaspora
31:18 - Légume & Mayi Moulen vs Griot
43:07 - Gratin & Sante 😅
53:20 - Konklizyon & Nostalji
💬 NOU VLE TANDE OU: Si ou te oblije chwazi yon sèl plat Ayisyen pou w manje pou tout rès lavi w, kisa l t ap ye? Ekri nou sou Instagram pou n di nou sa!
🔔 PA BLIYE: Peze bouton "Follow" la sou Spotify pou w pa rate okenn epizòd nou lage chak semèn.
🚀 RÈTE KONEKTE:
Instagram/TikTok: @VaybKafou
Gade vèsyon videyo a sou YouTube:https://youtu.be/1ij8uvCs4EUl
#VaybKafou #HaitianFood #Griot #HaitianPodcast #ManjeAyisyen #HaitiCulture #HaitianDiaspora #PodcastCreole #Ayiti