« Nan lemond, yo pa bay bandi aksè a medya », Hérold Jean François di. Nan chita pale sa, responsab Radyo Ibo a eseye reponn kesyon « èske laprès Ayiti lib vrèman », lè nou konnen jounalis yo paka travay sou anpil sijè sansib pou pwoteje lavi yo. Èske pratik rapòte sa otorite di san mete l nan kontèks pa ankouraje sikilasyon fo enfòmasyon nan peyi a ?