Yonn nan pwofesi ki dwe akonpli avan Jezi vini sèke bòn nouvèl wayòm nan va preche tout kote sou latè. Fòk tout moun, nan tout tribi, nan tout etni, nan tout nasyon tande nouvèl Jezikris la. Pou sa fèt, Bondye chwazi ou menm kise legliz li pou mache epi pale pou li. Gen kèk group etnik nan mond lan ki poko tande nouvèl la. Se sou nou Jezi konte pou ale epi ankouraje tout moun ki gen apèl pou ale kote sa yo. An n medite sou sa !