Framework Conversations

Framework Conversations

By Davidson JulesEducationSelf-Improvement
Download on the App Store

Framework Conversations episodes

  • Koman Ou kapab transfome satiman perez ki nan ou a kom yon sous motivasyon pouw kontinye avanse!
    Amezi ke chak jou nap aprann bagay nouvo sou pandémi an, situation enprevizib sa yo egzije nou anpill nouvo strateji. Se responsablite pa nou kom lidè poun pwoteje moun ke nap lid yo oswa ekip nap dirije fas ak situation enprevizib parapò ak desizyon ke nap pran. Pandan moman kriz yo li fasil pou santiman perez anvayi nou e son bagay nomal ke santiman sa vini, sof ke nou sipoze tranfome perez sa kom yon sous motivation pou ou menm kom lidè epi pou manb ekip ou. Paske Nan ka kontrè pè sa ka koze anpil dega pou òganizasyon wap dirije koz pè sa wap grandi anndanw lan pral anpechew reflechi epi anmezi pouw vini ak nouvel ide, tankou pran inisyativ kap ede organizationw lan siviv pandan ak aprè pandemi an.
    Lojik pam lan parapò ak tout Sam diw la,Se pa ni few konprann kew pa gen dwa pè, ni son bagay mal siw santiw enpwisan fas ak situation kriz yo, janm renmen repete souvan: nou tout bezwen konprann epi akspte ke nou paka fè tout bagay e nou pap janm gen tout repons yo menm Jan ke nou pa konn tout bagay... donk nan moman kriz fas ak kek situation, santiman enpwisans sa ki pral mennen perez lakay ou an ap toujou vini... Lojik pam se atire atansyonw parapò ak reyaksyon Ou sipoze genyen fas ak santiman perez sa lel vle anvayiw kom lidè!!!!
    Lojik pam se ankourajew wè santiman Perez ou nan moman kriz kom yon endikatè detèminan nan kous paw lan, e kap diw reveyew paske se moman pouw aji, se okazyon pouw chanje situation aktyèl Ou a! Mwen konnen Se pa yon bagay Ki fasil men mvle diw tou ke se pa yon bagay Ki enposib. konprann ke mwen menm kap diw sa jodi an , Mpa yon sipè ewo, mson moun menm Jan avew sof ke mt fon chwa kew poko fè e jodia non selman ou tande kel posib pouw itilize nivo perez sa ki lakay ou kom lwil pouw grese motè motivasyonw pou simonte moman difisil yo men tou ou bezwen kwè ke sil posib poum fè li osi posib pou ou tou siw dakò swiv tout pwosesis la. E pousa mvle pataje ansanm avew kek konsèy ke anpil moun ka wè kom kek presip kew ka aplike nan laviw e kem surrr kap itil ou nan pwosesis pouw transfome santiman perez lakay ou an kom yon sous motivation pouw kontinye avanse nan moman kriz yo:
    1. Gade situation aktyel lan yon fason jeneral, eseye konprann situation kriz yo sou yon ang ki pi laj.
    Aprann jere yon situation kriz aktyel pandan ke wap eseye gade situation an yon fason jeneral pa yon bagay Ki fasil. Nan moman kriz, li toujou bon pouw pran rekil, epi odite situation aktyel la. ... Fasonw dirije ekip Ou sitou nan moman kriz yo ap gon enpak direk sou yo, pwofite pote koreksyon ak chanje saw kwè ki mérite chanje nan fonksyonman Organaization wap dirije; e apre kriz la, nouvèl mezi sa yo ap rete epi sèvi kom nouvel baz dekselans pou bon jan fonksyonman organization ke wap dirije a. Konbat enfomasyon ki pa verifyab yo, enfomasyon kise manti parapò ak situation kriz la.... kom dirijan ou dwe fè surr ke enfomasyon wap pataje yo vini de yon sous Ki fyab; sa ap pemet ou rete koyeran nan sa wap di; e menm si enfomasyon kew genyen an verifye epi korek pa janm panse ke se ou sel ki genyenl donk toujou bay manb ekip ou yo posibilite pou yo fon komantè epi pataje opinion yo, ou dwe montre ak ekip ou ke opinyon oswa sijesyon ke yo kapab fè konte pou ou. E mta renmen ke pandan pwosesis sa, nan fason wap jere kriz la pa janm bliye kew sipoze kiltive pasyans epi rete Saj fas ak yon reyaksyon ke manb ekip ou ka genyen. Pasyans ak sajes se 2konpotman kap itil ou anpil nan konba kont move enfomasyon yo. 3. Temwanye anpatiw nan aksyon ke wap poze pou manb ekip ou oswa pou kominote a... Pa bay manb ekip ou yo enpresyon ke yo anba espyinaj. 5. Toujou gon plan!
    Fasonw jere yon kriz ap detemine ki rezilta wap genyen fas ak kriz la. E youn nan pi bon fasonw ka jere yon kriz Se lew pa panike men Ou preparew pito. Kom lidè perez pa sipoze anpechew kontinye anvanse epi mennen òganizasyon oswa moun wap lid yo nan lot nivo a, kom lidè fas ak situation kriz yo ou sipoze gon attitude ki pozitif. Pa kite perez few rate okazyon pouw dirije!
    19 min
  • Dirije avèk klèvwayans pandan moman kriz yo!
    Mpa rete kwè ke gen yon pi gro défi ke ensètitid! E Ensetitid se youn nan défi ke anpill dirijan rankontre souvan.
    Nenpòt defi ke nou abitye rankontre nan aktivite ke nap mennen yo, Mpa kwè ke nou te janm rankontre yon situation ki osi enprevizib ke pandemi sa ke mond lan ap fe fas jounen jodia.
    Nouvel nap tande chak jou sou Koman pandemi sa ap vale teren nan mond lan, ba nou ase rezon pou nou pedi kontwol panse ak refleksyon nou yo, fè nou aji tankou moun Ki pèdi bon sans yo, e nan yon moman parey kapasite poun rete tet fret, epi wè a klè kote nou vle ale a diminye fas ak tansyon ki egziste otou pandemi an ki pa sispann kreye situation ki pat previzib pou okenn nou nan, bon oswa lidè medyok onetman okenn nan nou pat prevwa ke se konsa 2020 an tap komanse; Kote ke ensetitid ta pral sel sipesta!
    Eksperyans pam kom lidè, m’en sitou kom moun ki gen kom travay jere moun epi planifye pou fiti se pwemye fwa mtrouvem nan yon situation kote moblije fè plis ke 2-3 plan jus paske démen yo vin ensèten donk planifikation yo vin pa garanti e situation yo vin pi enprevizib.
    M’en tou, Sitiyasyon sa pemet Mwen konprann ke li nomal ke planification oswa desizyon nou yo rive afekte pa sitiyasyon aktyel yo nan moman kriz, sitou lè ensetitid ak sikonstans enprevizib yo vle Fè pâti de sa ke majorité nan nou te pran pou nòm lan.
    Chak jou nouvel yo pa sispann anpire e santiman ensetitid pa sispann grandi Lakay nou. Gen Anpil tansyon, presyon, alantou nou e gouvènman yo pa sispann deplwaye resous ak eneji pou kontrekare pandémie an ki kontinye kap vanse, sa ki vin diminye pi plis kapasite nou poun rete kalm epi wè a klè ki direksyon nou sipoze pran nan moman kriz la, E anpil nan nou preske pedi kapasite sa.
    Kom lidè kapasite ke nou genyen poun rete tet fret, rete lisid, kapasite poun rete kalm avek tout bonsans nou nan objektif pou nou wè a klè epi fè chwa ki rezonab yo se pi bon chwa ou kapab fè oswa pi bon konpotmàn ke ou kapab genyen nan moman kriz. Fas ak a situation pandemi sa li klè pou nou tout ke vizyon nou se rive anpeche ke virus sa kontinye pwopaje epi jwenn fomil sa poun rive konbat virus la, e msur ke fason nap rive konbat virus lan ap diferan parapò ak endividwalite nou chak kom lidè e se pa yon problème paske nou bezwen konprann ke lidèship nan limenm son konsèp ki kontextyel; e anpil fwa moman kriz yo konn lakoz nou reconsidère fasôn nou wè lidè nou yo...
    Men sam surrr de li, seke volonté nou genyen poun sa wè a klè desizyon nap pran chak jou epi jwenn fomil sa poun kwape viris lan pap chanje.
    Anpill moun wè moman kriz yo tankou yon malekdisyon e yo gen tout kalite rezon pou pwouvew sa, petet yo gen rezon. Men kitem diw janm wè moman kriz yo, nan je pam moman kriz yo se moman kote bon lidè yo toujou fè diferans lan ant lidè medyok yo m’en tou se moman ki edew grandi, moman ki edew dekouvri talanw ak kapasite kap domi nan ou e kew pat janm imajine kel te la. Pou mwen moman kriz yo se opotinite pouw kontinye konfime kapasitew kom bon lidè nan fason wap itil lot moun. Se pousa li enpotan pouw Fè sur ke pendan moman kriz sa, ou aprann yon nouvo konpetans, fe sur kew aprann ak dekouvri kiyes ou ye reyelman, fe sur ke ou jwenn omwen yon fason anplis kap pemet ou itil kominitèw pi byen.
    Paske chwa wap fe jodia an la ap gen konsekans sou demenw e siw pa trouvel nesesè pouw aprann anyen ki bon nan moman kriz sa, konnen pwoblem ou pat janm yon pwoblem tan kifew pat reyalize okenn nan pwojèw yo m’en pito yon pwoblem disiplin... pran yon titan pouw réfléchit ak sa. antanke lidè aksepte kew pa gen tout répons yo ni kew paka fe tout bagay pou kow donk li plis ke enpotan pouw jwenn konplisite sa ki kapab egziste ant ou menm ak ekip ou, e konsa nan moman kriz yo kominikasyon ou menm ak ekip ou oswa moun wap lid yo ap fasil paske vizyon epi diresyon an kle pou tout moun.
    Pwochen epizod la se pou byento e pa bliye Non pam se Davidson Jules. Mèsi paske chwazi pataje epizod sa ak yon zanmi!
    11 min
  • Koman talan ak pasyon Ralph pou foutbòl pèmèt li jwenn yon bous etid pou antre nan inivèsite...
    Mwen te gen chans chita pale ak Ralph Nathanael André, owsa Natty pou sila yo Ki son pwoch. Ralph son jeune Aysyen-ameriken kap evolye kom soccer player nan peyi etazini, jwet ke anpill ansyen renmen e ke nou rele Foutbol nan langaaj pa nou.
    Ralph komanse devlope lanmoul pou jwet sa Depil te tou piti men se te avek anpill kontrent nan period sa... paske se pa toujou yon chwa Ki fasil, le manmanw ak papaw Se Aysyen natif natal🤣😂, nou konn pawol la deja! Tout paran swete ke pitit pa yo a vini yon enjinyè, avoka, medsen oswa agronòm etc... Ebyen nan epizod sa nou gade gade ansanm ak Ralph pakoul nan zafè foutbol la:
    Nan lane 2014-2015, avanti Ralph avek jwet sa ta pral komanse ositol te jwenn opotinite poul te komanse jwe pou yon ekip lokal nan high school li.
    Konsa nan lane 2016-2017, li te jwenn yon lòt opotinite poul te jwe pou yon club ki rele: “East Meadow Soccer Club” EMSC.
    Pasyon Ralph pou foutbol melanje ak talanl, pral pemet li jwenn yon bous etid poul al kontinye etid li nan inivèsite ki rele “Bryant and Stratton college” e de 2018 a jodia Ralph ap jwen nan USCAA Division I pou kolej sa.
    Ansanm avek Natty, nou pral wè ki souvnil de pwemye jou lekol li nan USA,
    diferans ki genyen nan fason anseyman yo fet nan state la men sitou gade pakoul kom soccer player, jiskaske talan sa pemet li jwenn yon scholarship poul antre nan kolej.
    Lidèship se kapasite ke nou chak genyen pou nou enfliyanse omwen pou pi piti yon moun, e natirelman nou chak Se yon lidè paske nou tout fet ak kapasite sa a.
    Moun pral konsiderew kom yon bon lidè oswa yon move lidè, Se parapò ak rezilta aksyonw yo men tou parapò ak aksyon moun kew enfliyanse oswa wap lid yo.
    E konsey pam pou ou, avanw komanse lid lot moun, Ou bezwen aprann koman pouw lid têt paw dabò.
    Aprann Koman pouw lid tet ou se dabò bay priyorite ak santéw, santé mantal ou ak relasyon kew devlope ak moun. Li enpotan pouw we santé mantal ak santé fizik ou kòm moso blok pouw konstri model lidè kew swete a. Problem tankou, tress Ki pa janm fini (kronik) oswa lew pa domi ase ka petet paret pou ou yon bagay ki senp, men sonje ke, yon mod pratik konsa ap gen lot konsekans sou mantal ou, men sitou sou kapasite oswa abilite kew genyen pouw pran desizyon nan desiziv yo antanke lidè. Se vre lidèship mande anpilll sakrifis m’en lidèship tou pap janm egjijew abime sante fizik ou, sante mantal ou ak santé spirityèl ou, paske lew chwazi pa bay santew anjeneral regle anyen pou ou. Ou pap selman fe mal ak pwop tet ou, men Wap koze pèt moun sa yo ke wap lid yo tou.
    Se Sak fel enpotan pouw aprann koman pouw lid tet ou dabò avanw kew chwazi al lid lot moun, ositow konn koman pouw lid tet Ou, fem konfyans lid, lot moun ap vin yon bagay natirel pou ou.
    Mvle kitew ak pawol sa: Antanke lidè kek fwa wap bezwen fe silans pouw sa jwenn chans tande moun ke wap lid yo, e youn nan bagay ke eksperiyans montrem parapo ak fe silans poum tande moun ke map lid yo, sa pemet ke aksyon map poze chak jou kontinye ap amelyore nan enterè majorite a epi fe plis enpak. E nan fen epizod sa, jan nou toujou fe sa nan tout epizod avan yo, nou pataje kek kondey lideship avew ke nou surrrr kap edew mennen kapasite lideship ou nan lot nivo a.
    Sonje kew ka tande podcast sa sou platfom tankou: Anker, Apple podcast, Google podcast, Spotify ak tout lot platfòm ki permèt ou koute fichye odio. Nou kontan genyenw kom oditè e nou paka tann poun prezantew pwochen epizod la, pandan nap raplew ke Framework Conversation son podcast ke Davidson pote pou ou ansanm ak envitel yo. Sonje kew ka voye komantè, kesyon oswa sigjesyonw yo pou nou paske nap tro kontan few repons. Mesi ankò paskew fe pati de oditè nou yo
    44 min
  • Rezime sezon 1 an
    Epizod sa se epizod ki boukle pwemye sezon nou, ladanl nou fè yon rapel jeneral de tout sa ki te pale nan 6 pwemye epizod nou plibliye pou sezon 1 an. Nan pwemye epizod la nou te prezantew podcast la, diw ki kote ide poun kreye podcast la soti, kisa ki motive nou epi ki objektif ak vizyon ki anime chak grenn epizod ke nou pibliye yo.
    E nan epizod 2 a nou te prezantew 7 karaktè ke yon moun dwe kiltive.
    Nan epizod 3 la nou te pale de enpotans relasyon, kise aspè ke nou konsidere kom bagay ki pi enpotan pou yon lidè, bagay ki ap pèmèt li non selman jere moun lap lid yo men tou pemet li fè enpak nan lavi plis moun epi agrandi rezol.
    Nan epizod 4 la nou t we ansanm 4 fason oswa mwayen ke lidè yo ka kreye relasyon ki dirab, ak moun ke yap fonksyone m’en sitou ak moun anjeneral.
    Nan epizod 5 lan nou t pale de karakteristik Ki pi enpotan pou yon lidè kise rive kreye epi mentni konfyans lakay moun kap swiv li yo. Epi nou t kitew ak kek konsey kap edew nan pwosesis sa.
    Epi nan epizod 6 la nou t pale de Koman ou ka byen fikse objektif ou yo pou ane sa ki fenk komanse a, men sitou nou t pataje 4 konsey avew kap edew sou kijan ou ka fe sa.
    Pou sezon 1an, Depi sou pwemye epizod ke nou t pibliye, nou t resevwa anpill komantè, de moun kite swete ke nou t défini kisa ki lidèship epi poun te site diferan tip lidè Ki genyen, moun sa yo ap jwenn repons nan sezon 2 a.
    Anpil moun konprann epi défini konsep lidèship la anpil fason donk ansanm ak envite nap gen poum resevwa nan cho a, wap gen chans aprann plis ke yon sel definisyon sou Kiyes ki se lidè ak kisa konsep lidèship la ye nan li menm. Sof ke sam ka garantiw literati yo ka chanje nan mo nap itilize poun défini kiyes ki son lidè oswa kisa konsep yo rele lidèship la ye nan li menm, men kapasite ki fè de ou yon lidè kote wap viv la se Preske m’en kapasite sa yo kife yo rele yon lòt moun lidè nan nenpot kote lap viv la. Depiw ka enfliyanse yon moun, ou ka fè yon kantite pou pi Piti yon moun swiv ou oswa aksepte poul enplikel nan inisyativ oswa kwazad wap mennem an san fose, lot moun ka relew lidè, epi tout res yo Se detay.... E Nap gen poun pale de sa pi plis ak envite nou yo pandan sezon 2a.
    tout remak sa yo te byenvini pou pwogrè cho a, e de lè nou t komanse rive jodia san remak sa yo patap gen tout amelyorasyon sa yo. Donk mesiii pou tout remak nou yo, e nou toujou nan pwosesis pou nou amelyore Sak merite amelyore yo, men gen bagay kap pran tan donk wap bezwen pasyan avanw rive jwenn tout satisfaksyon kew swete jwenn yo.
    Nou te jwenn anpilll reyaksyon kote oditè yo; Ki swete ke sho a videoklipe, yo panse ke sa taka pemet nou rive touche plis moun e fe plis enpak.
    Nou vreman apresye lide a m’en nou pa ka pwomet ou sa pou demen sof ke se pa yon bagay Ki enposib tou.Kite nou travay sou sa epi jwenn yon fomil kap pemet nou pote yon kalte imaj Ki gon nivo standard e kap fè onè cho a ansanm ak odyans nou an.
    Nou vreman vle pran yon titan poun di mèsi a chak grenn nan nou pou sipo ak apresyason ke nou bay chak grenn epizod yo sou diferan platform yo e sa vle di anpil pou nou e montre ke gen nesesite poun kontinye pibliye nouvo epizod e nou fenk Kare pote nouvo epizod pou ou.
    Mesi ak chak grenn nan nou kite pataje epizod yo ak yon pwoch, yon zanmi, nan yon group watsap, nan group legliz etc...
    Nou vreman swete ke konesans ki pataje nan epizod yo edew mennen pwojew yo nan lot nivo a ane a e siw poko abone pa bliye fe sa pouw ka rete konekte ak nou epi tande tout denye epizod ke nap gen poun pibliye yo.
    Antanke lidè ki aple poul akonpli anpil gro bagay, pran anpli prekosyon ak moun wap mete nan epkip ou epi moun ou bay dwa sou laviw. Sonje ke li enpotan pouw fè ekip Ou ak moun Fou menm Jan avew, moun ki gen lespri kreyativ, moun kap challenge reyalite ke wap viv jounen jodia, moun ki kwè nan kwazad sa ke wap mennen an e pa kite pèson ni anyen few vire do bay objektif ak vizyonw nan kwazad sa.
    Nom pam se Davidson Jules
    11 min
  • Moman fen ane, period kote nap pran rezolisyon / fikse objektif pou ane kap antre a.
    Period kote yon ane ap fini pou yon lot antre, tradiksyon yo fè ke nou toujou pran rezolisyon ak fikse kisa objektif nou yo ye pou ane kap antre a. E anpil moun toujou renmen antisipe sou kisa ane sa pral pote pou yo, anpil moun toujou kwè ane sa pral miyò ke sa kap fini an m’en anpil nan nou pa rann kont ke pou ane a pi bon ke sak prale fok dabò nou dakò chanje abitid nou yo epi aksepte fe efo Ki nesesè pou ane a ka pi bon vre. Etid ak statistik ke Harvard Business fè, montre ke moun ki ekri objektif yo gen plis ke 10% chans pou yo rive atenn objektif sa yo ke sila yo ki pa ekri anyen yo. Lidè kom nenpot lot moun anjeneral son nesite pou yo gen fikse kisa Ki objektif yo nan lavi epi defini yon plan ki ap pemet yo rive akonpli misyon yo, gen objektif Se byen men chwazi respekte objektif sa yo pi enpotan toujou. Pouw sa rive atenn objektif ou yo, nou rete kwè ke li plis ke enpotan pouw ekri apre chak objektif POUKISA li enpotan pou ou pouw rive atenn objektif sa. Menm Jan yon bousòl kapital poul edew sitye tet ou epi rejwenn rout ou se konsa objektif oui yo kapital pouw sa rive fè sikse nan lavi. Paske nenpot lew ta vle abandone oswa fon lòt koub Se POUKISA sa kew t ekri apre objektif sa yo kap edew rete fokis sou sa ki se priyoritew nan lavi. Anndan epizod sa nou pataje 4 konsey avew ke nou kwè kap edew fikse bon objektif epi respekte yo. Kat konsey sa yo se: Konn ki Kote ou vle ale; avan tout bagay defini kisa sikse vle di pou ou; Ekri objektif ou yo epi swiv pwogrèw; Aprann mande konsey.
    Ane sa kap antre pap pi bon ke ane sa ki prale a si tout fwa ou kontinye ap fe menm bagay ke wap fe yo, ane kap fini pap miyo ke ane sa siw pa deside chanje abitid Ou yo, ane kap vini an pap pi bon siw pa défini kisa prioritéw yo ye nan lavi, ane kap vini an pap pi bon sil pa pran tan pouw fikse objektif ou yo epi di poukisa li enpotan pouw respekte epi atenn chak grenn objektif sa yo.
    Ane kap vini ap vreman pi bon ke ane sa kap fini sof siw dakò pou fe efo ki nesesè poul sa pi bon, epi fe ke objektif ou yo vin priorité pou ou epi swete ke fason wap panse ak Jan wap mennen viw baze oswa annamoni ak objektif ou yo.
    sonje ke siksè pa yon bagay Ki rive pa aksidan m’en pito se chwa ak desisyon wap pran chak jou kap pemet ou fe sikse. Mwen konnen li pa fasil pouw chanje abitid nan yon bat je m’en mwen konnen tou ke tout chanjman posib m’en wap bezwen: volonté, deteminasyon epi pasyans pouw rive fè. Karen Lamb di: “Yon ane ankò, wap swete kew tè komanse jodia”.
    Kidonk fikse kisa Ki objektif Ou, son egzesis kew sipoze fe jodia menm, pa lot ane, pa lot mwa, pa Demen men Se jodia menm. E pi gro manti nou renmen bay tet nou, lè nou pa vle komanse yon inisyativ ke nou genyen, se di tet nou ke nap tann bon moman an, sann pa rann nou kont ke koze nap tann bon moman an son mit ke nou kreye nan tet nou Ki pou kenbe-n nan kras eke nan vi reyèl la pa gen bagay Ki rele bon Moman.
    Nenpot saw komanse jodia nan 5 lane aprè wap rann ou kont ke koze bon Moman an pat janm egziste e pa janm neglije komanse fè yon bagay jus paske ou jije kew pa gen ase eksperyans pou sa, se pa yon krim kew komanse yon bagay kew pat gen okenn eksperyans ladanl e verite a sèke ekspeyans vini parapò ak kantite tanw genyen depi wap fe sa. Donk jodia a se pi bon Moman an pouw komanse initiative kew swete a, pa pè echwe paske echek sa yo ap seviw kom leson pou pwoche etap la.
    Sonje defini kisa siksè vle di pou ou
    Siw pa konn ki rezilta wap cheche oswa ki rezilta Ou sipoze genyen, lap difisil pouw fikse objektif ki ka pemet Ou rive fè siksè men sitou jwenn rezilta sa kew te swete a. Mèsi #DJ.
    19 min
  • Karakteristik ki pi enpotan pou yon lidè!
    Pa gen anyen kom karakteristik ki pi enpotan pou yon lidè, ke kreye epi mentni konfyans moun ke lap lid yo.
    Youn nan rezon kifè lidè yo kapab enfliyanse lot moun se paske moun sa yo fè lidè sa yo konfyans. Moun ka gen respè pou ou, yo admire kantite bagay kew konnen, yo ka gen senpati pou ou, yo renmen travay ou, men sa pap fè ke yo pa poze kesyone sou aksyonw yo, esi tout fwa yo pa few konfyan chak aksyonw oswa desizyon kew pran ap toujou yon sijè diskisyon pou moun sa yo.
    Map redil, Pa gen oken lot karakterristik ki gen plis enpotans pou yon lidè ke karakteristik poul kreye ak mentni konfyans moun lap lid yo, e son bagay kem rive aprann avèk eksperyans. Nou pale de 5 atitid pami anpil lot ki ka ede lidè yo kreye epi mentni konfyans lakay moun ke yap lid yo. 5 abitid Nou wè nan epizod sa se: Ou dwe yon moun Ki koyeran; yon moun Ki enb(imilite), yon moun Ki ouvè; yon vizyonè; yon moun Ki Otantik. 5 atitid sa yo ka edew kreye ak mentni konfyans lakay moun ke wap lid yo men kitem diw ke Kreye konfyans kay lot moun pa yon bagay ke yap few kado antanke lidè m’en son bagay wap bezwen travay pou li Epi lap vini otomatik paskew meritel. E se tout yon pwosesis li ye, wap bezwen gen pasyans m’en sitou wap bezwen entegre epi itilize 5 abitid sa yo ke msot pataje avew la nan fasonw jere kapasite lidèship ou ak moun wap lid yo pouw ka jwenn rezilta wap cheche a. 5 abitid sa yo pa sel bagay wap gen bezwen pouw kreye konfyans lakay moun ke wap lid yo men se 5 pami anpil lot ke wap gen bezwen ke siw chwazi entegre nan fasonw jere relasyonw ak moun ke wap fonksyone ki ap pemet ou bati yon relasyon dirab ak moun sa yo m’en sitou yo relasyon kap baze sou konfyans.
    3bagay kew sipoze toujou sonje
    1- moun swiv lidè ke yo panse ki pataje menm valè ak yo
    2- moun swiv lidè ke yo panse ki gon istwa oswa eksperyans ki sanble ak eksperyans ke yo te fe
    3- moun swiv lidè ke yo panse ke yo ka fè konfyans, lidè ki kite travay yo pale pou yo.
    E nan ka paw la gade pouw we si moun wap fonksyone ak yo a fe kapasite lidèship Ou konfyans pouw mennen yo nan lot nivo a. Si wi kontinye travay pouw amelyore epi mentnil sinon travay sou tet ou dabò jwenn saw dwe chanje oswa amelyore pouw ka ogmante kapasite lidèship Ou.
    14 min
  • 4 Fason lidè yo ka kreye relasyon ki dirab!
    Epizod sa de 4 fason lidè yo ka kreye yon relasyon ki dirab nan fason yo jere relasyon yo ak moun ke yap fonksyone. Nou eseye eksplike ak montre poukisa li enpotan pou lidè yo de kreye kontinyelman youn nan pi gro priyorite ke yo sipoze genyen. Nou pale sou etid ke konpayi ki rele Bluesource fè sou sa ki gen pou wè ak pwodwiktivite anndan òganizasyon ki ogmante de 25% lè ke moun kap travay anndan òganizasyon yo rete konekte youn ak lot epi ak lot òganizasyon. Nou prezantew sa ki fè diferans ant òganizasyon kap byen mache ak sa ki medyòk yo, e tout òganizasyon kap byen mache se gras ak moun Ki ladanl yo paske potansyel yon òganizasyon chita nan moun kap evolye anndan òganizasyon sa ak kapasite moun sa yo genyen pou yo travay annekip olye ke yo mize sou kapasite endividyèl. Nou pale de benefik ki genyen nan lew kreye relasyon dirab swa ak moun wap fonksyone oswa ak lot òganizasyon kap evolye nan menm domèn avew sa fasilitew jwenn plizyè ide sou yon problem kelkonk kew ta kapab rankontre epi jwenn yon solisyon kap dire pou tout moun kap evolye nan sektè sa a olye de yon solisyon pesonel. Menm Jan ak Alexander Graham Bell di: “Tout gro dekouvèt oswa amelyorasyon enplike inevitableman koperasyon plizyè Sèvo kap pwodwi ide”. Nou prezantew 4 abitid pèsonèl kise: friendly, kominikasyon, pasyans epi lwazi ke mwen itilize poum sa kontinye bati relasyon kap dire. Ou sipoze yon moun Ki amikal paske sa pemet ke lot moun pa pè abodew. Biolojikman etid yo montre ke nou fèt ak kapasite poun janti epi konpatisan youn ak lot men son kapasite ke nap kapab devlope selman nan repetisyon. Pa ezite ofri sevis Ou bay lot moun otan kew kapab, yon ti moman jantiyess kew pataje ak yon moun kapab chanje konplètman jounen moun sa, men sitou Jan lap gen poul aji ansanm ak lot moun. Kominikasyon, nan kominikasyon wap gen ak moun ke wap fonksyone ou dwe fè surr ke nou youn konprann lot, paske sa pral evitew tande fraz tankou se pa fot mwen Se paske Mpat byen konprann saw te dim yo. Ou sipoze gen pasyans, li pa fasil pouw gen anpil pasyans m’en li posib pouw aprann kiltive pasyans. Gon sitasyon sa ki di: “ Pasyans son vèti” sa ta sipoze vle di ke lew gen pasyans epiw pratike pasyans nan sa wap fe li kapab amelyore vi moun kap fonksyone nan antouraj ou men lap gon enpak pozitiv sou vi paw. Gon mesye ki rele Stan Floresco, kise pwofesè nan inivèsite Colombie-Britannique ki di: “ Lew kiltive pasyans anpill epiw vin genyenl an kantite, sa kapab reyangaje fonksyon lob fwontal ou, lew gen anpill pasyans sa pemet ou kalkile epi pran desizyon ki reflechi ak ogmante satisfaksyon global ou nan vi a”. Lew pratike pasyans kom dirijan sa pemet ou bay moun kap fonksyone avew espas ak tan nesesè pou yo evolye e anpil fwa rezilta travay moun sa yo ka enpresyonew. Lwazi, li enpotan pouw sou moun ki travay anpil m’en li osi enpotan pouw rezève yon ti moman pouw divètiw, wè moman lwazi sa yo tankou yon okazyon pouw amelyore kominikasyonw ak fasonw kolabore ak moun kap fonksyone avew epi sonje ke ti moman lwazi sa yo anpill fwa konn stimile, reveye kreyativite kap domi anndan kolaboratew yo. Se responsablite paw pouw travay sou tet ou epi jwenn Sak dwe chanje oswa amelyore nan fasonw jere relasyonw ak moun Ki nan antouraj Ou oswa kap fonksyone avew, epi jwenn konbinezon kap mache pou ou a. Travay sou tet ou vle di gon konvezasyon ki onèt ak pwop tet ou, youn nan pi bon moman ou ka gen konvezasyon sa se lew demakew de foul la epiw retrouvew sèl ak pwop tet Ou. Bati yon relasyon ki dirab se yon pwosis ni pou ou ni pou moun ki anfas la donk pa prese, e fe surrr ke ou swiv tout étap yo nan pwosesis la e ou pran tan ki nesesè pou sa. Kom lidè sonje ke lew pemet moun kap fonksyone avew yo evolye nan yon anvironman ki pluzoumwen detandu sa kontribye direkteman nan sante global moun sa yo epi pemet ke yo pi konfotab nan relasyon yo youn ak lot. E sonje ke li posib pouw son bon lidè San kew pa oblije yon bouwo pou moun sa yo. Mèsi
    13 min
  • Relasyon, aspè ki pi enpotan nan lidèship!
    Epizod sa pale de aspè ki pi enpotan nan sa ki gen pou wè ak lidèship ki pa lot ke RELASYON. Nou prezantew 3 aksyon ke yon lidè dwe toujou fè, pataje eksperyans pèsonèl mwen avew parapò ak sijè a epi kitew avek kek konsey kap itil ou. Pataje kek Komantè ke nou te resevwa de oditè yo.... Pou mwen aspè ki pi enpòtan nan lidèship se relasyon. Relasyon ou devlope ak moun Ki nan antouraj ou oswa ak moun ke Wap fonksyone, E malerezman anpil moun oswa anpill lidè poko ka vreman metrize aspè sa. Relasyon ou devlope ak moun di anpill sou ki kalite lidè ke ou ye.
    Souvan, Anpill moun panse ke se gras ak sa yo reyalize ki pemèt ke yo enfliyan, tankou opòtinite ke yo genyen pou yo pale an piblik, ou jus paske yon gon tit kelkonk, rad chè ke yo mete, mak machin ke yap woule oswa pozisyon yo okipe nan kominote yap evolye a etc...
    Laverite, anpill fwa enpotans ou attribué ak tout bagay sa yo mwen sot site la enpeche nou konprann ke bagay sa yo pa vo trop bagay nan balans lan parapò ak kapasitew genyen pouw enfliyanse moun ak fè moun swiv ou; E sitout fwa kapasite kew genyen an pa pèmèt ou konvenk moun nan yon pwen pou yo swiv ou, fèm konfyans ou poko yon lidè. Map repete John Maxwells poum diw: Yon kantite fwa ke nou pa menm ka konte, dirijan yo toujou chaje ak sevitè m’en si omwen youn nan sèvitè sa yo pa yon patizan pou ou, konnenw pa yon lidè. Mwen ta renmen pataje ak nou 3 Aksyon selon mwen menm ke yon lidè dwe fè: 1-Fè tout sak depann de ou pouw konekte ak lot moun pouw sa agrandi rezow. 2-Envesti nan lot moun 3-kreye lot talan, kontwi moun.
    Fè tout Sak depann de ou pouw konekte ak lot moun paske se youn nan mwayen kap edew jwenn bon Jan fidbak sou sa wap fe a, pa ezite konekte ak moun kew jije ki pataje menm valè avew e kap fon travay itil nan kominote a. Li enpotan pouw agrandi rezow patikilyèman ak moun ki temwanye yon entere nan sa wap fe a. Yon bon rezo ak moun ki bay sa wap fe a enpotans ap pemèt ke travay wap fe a rive touche plis moun e enpak la ap pi gran.... Sonje ke premye kote pouw komanse agrandi rezow Se ak moun Ki bo kotew, pa janm neglije anvironman emidyaw nan nenpot sa wap fe a.
    Envesti nan lot moun, Se sasèdòs tout lidè. Paske lidè a se moun ki angajel epi dakò poul envesti tanl nan pwogrè lot moun. Envesti nan lot moun Se youn nan pi meyè mwayen kew t ka genyen pouw bay anretou tout saw t jwenn nan yon moman done. Sa fem tris anpill Lem tande yon moun di kel pè pataje moso lespri ak lot moun jus paskel pa vle moun sa depasel oswa rive menm nivo kapasite avel. Lew envesti nan lot moun sa vle di, ou rive konprann ke sel ou menm papka rive fe chanjman sa ke nou tout moun swete a, men ak yon group moun Ki pataje menm vizyon li posib. Envesti nan lot moun pa selman yon koze lajan m’en pito fason w entegre moun sa yo nan janw jere tanw chak jou, nan chak segond ou pase ou moun sa yo pandan ke wap pataje moso lespri ak yo. Raplew ke ou nan pozisyon kew ye jodia Se paske, a yon moman nan laviw t gen moun Kite chwazi envesti nan ou, donk kounia se tou paw pouw envesti nan lot moun. E pwemye kote pouw komanse Se nan antouraj ou.
    Nan menm epizod sa mwen pataje kek teknik ke mwen itilize ki pemet mwen rete konekte ak moun epi agrandi rezom. Few tande komantè yon oditris epi konkli ak kek konsey ke siw pratike nan relasyon ke wap kiltive ak lot moun ki ka gen enpak pozitiv sou menm kew vle enfliyanse yo. Nou raplew ke li enpotan pouw rete yon moun Ki imen, Ki renmen moun, ki otantik m’en tou yon moun Ki bay moun yon rezon pou yo renmenml. Nou raplew Koman li enpotan pouw bay moun kap fonksyone avew enpotans epi montre yo ke sikse yo konte pou ou. Nou raplew tou ke tout saw vle fè nan lide pouw pote yon chanjman li plis ke enpotan pouw komansel ak moun Ki nan antouraj ou. John Maxwells di: Lidè yo toujou gon kantite sevitè ki anpil m’en si nan montan tout sevitè sa yo li pa gen omwen youn ki se patizanl, konnen li pa yon lidè. Gen anpil sevitè se byen m’en gen moun Ki aki ak koz ke wap mennen an se pi byen toujou!
    14 min
  • 7 karaktè ke yon moun dwe kiltive
    Nan epizod sa nou prezantew 7 karaktè ke mwen konsidere kom 7 aksyon ke yon moun ta dwe kiltive e kap pemet vi pèsonèl ak Òganizasyon ke wap dirije ale nan lòt nivo a. 7 karaktè sa yo se: 1- Ou dwe fè de tèt ou yon moun ke lot moun ka fè konfyans. 2- Ou sipoze kwè nan tèt ou. 3- Ou sipoze yon moun ki sousye de lot moun. 4- Ou sipoze yon moun ki fòme epi enfòme. 5- Ou sipoze yon moun ki angaje. 6- Ou dwe Otantik, yon moun ki vrè. 7- Ou dwe pèswazif, konvenkan. Nan epizod nou prezantew 7 karaktè sa yo kom 7 aksyon ke yon moun sipoze kiltive nan lavi yo avek sel objektif pouw ale nan lòt nivo a. Nou eksplikew enpotans epi poukisa ou dwe: yon moun ke lot moun ka fè konfyans, paske se moun ki enfliyanse moun donk pouw enfliyanse yon moun fok moun sa ka fè yon minimòm konfyans. Ou dwe kwè nan tet ou paske janw prezante tet ou bay lot moun gen enpak sou reyaksyon moun sa vizavi de ou menm, esi moun ki anfas ou a gen santiman kew pa kwè nan tet ou, li pap trouve okenn rezon poul few konfyans tou. Li enpotan pouw sousye de lot moun, oswa li enpotan pou moun ki nan antouraj ou wè nan ou yon ki sousye de lot moun. Yon moun ki prè poul fè enterè lot moun pase sou enterè pal, e gon pawol ki di « Moun pa vreman enterese ak ki valè bagay ou konnen juskaske yon rive konnen kijanw son moun ki sousye de lot moun ». Li enpotan pouw son moun ki fòme epi enfòme lew vle enfliyanse lot moun oswa pale de yon domèn kèlkonk. Fòme tet ou kontinyèlman se youn nan pi meyè fason pouw enfliyanse ak pale de yon domèn kew vle ede lot moun grandi ladanl. Li bon pouw pran tan pouw fome tet ou paske moun ki entelijan pa janm sispann aprann paske nan ka kontrè wap pran gro risk e ou ka menm pedi kredibilite ajamè. Ou sipoze yon moun ki angaje, yon lidè son moun ki angajel poul ede lot Moun dekouvri potansyèl kap domi anndan yo epi pemet ke moun sa yo atenn objektif yo nan lavi. Anpil li konn paret plis ke difisil pou yon moun respekte yon angajman kel te pran paske obstak yo konn telman anpil sou wout li epi yon paret destriktiv sa konn fè ke moun sa anvi fè bak epi abandone men lew son moun ki angaje, angajmanw ap pemet ou fè fas ak tout obstak sa yo epi kontinye avanse juskaskew atenn objektif ou. Ou dwe Otantik, ou sipoze reyèl, ou sipoze vrè, ou pa sipoze fek. Ou pa sipoze gen 2 vizaj e moun kap fonksyone ak ou sipoze konn kiyes ou ye reyèlman. Ou pa sipoze ap bay tet ou pwoblem pouw paret nan po yon moun kew pa ye, ou dwe ap esye viv vi pa yon lot moun. Li enpotan pouw pap defann valè ki pa antre nan liy prensip ou yo ni bagay kew pa kwè ladan y. Paske ofinal verite ki nan ou an ap briye de tout fason. Ou dwe yon moun ki konvenkan, gen kapasite pouw konvenk moun son gro bagay men son kapasite ki frajil anpil lew chwazi itilizel de fason negativ, kapasite pouw konvenk lot moun anpil fwa konn mal itilize nan milye lidèship la. Son kapasite ki pata dwe itilize pou manipile moun nan enterè mesken m’en pito kom yon zouti ki pemet moun dekouvri kiyes yo ye epi akoupli vizyon ak pwojè yo nan lavi. Enfliyanse menm jan ak lidèship nan li menm Se 2 vèb, sa vle di nou chak kap viv gen kapasite poun enfliyanse omwen yon moun men jan lot moun ka enfliyanse nou tou. E tout lidè konnen ke si travay ou, aksyonw yo ak konpotman pa itilize pou enfliyanse lot moun konnen ke travay la poko fèt, paske wol yon lidè se dirije, sèvi ak enfliyanse. Siw son enfliyansè e moun Wap enfliyanse yo pa grandi sou okenn pwen ou mèt repanse karyè enfliyansèw... Fè chwa pouw aplike oswa kiltive 7 karaktè osinon 7 aksyon sa yo nan laviw se chwazi miltiplye kapasite lidèship ou pa yon kantite fwa anplis de kantite ou te gen avan an. 7 karaktè sa yo se 7 angajman kap pemet ou mennen vi pèsonèl ou ak òganizasyon ke wap dirije nan yon lòt nivo. Sonje siw bezwen wè chanjman demen se jodia menm pouw komanse travay pou chajman reyèl sa rive vre. Mwen vle fini ak pawol sa «  Si pwojèw yo pa enfliyanse janw jere tanw, konnen ke ou kondane pouw viv nan rèv selman » Mèsi, Davidson Jules.
    16 min
  • Prezantasyon Framework Konvèzasyon podcast
    Sa se pwemye epizod Framework Konvèzasyon, ki se yon podcast esansyèlman baze sou lidèship òganizasyonèl ak devlopman pèsonèl nan objektif pou pèmèt Ou mennen projè pèsonèl ak òganizasyon ke wap dirije nan yon lòt nivo. Nan epizod sa mwen prezante tèt mwen Davidson Jules bay odyans lan kòm inisyatè podcast sa, pale de kisa ki motivem kreye podcast sa ak objetif yon podcast konsa. Mwen eseye eksplike tou koman epizod nou yo pral prezante... Youn nan objektif podcast la se gade Koman nou kapab rekadre diskou nou yo, chanje fason nou diskite youn ak lot pandan ke nou ka toujou pa pataje menm opinyon san ke sa pa anpeche nou aprann youn de lòt men sitou alafen trouve yon atant poun kontinye fonksyone/avanse. Anpil fwa nou diskite poun pwouve ke se nou ki gen rezon epi lòt moun lan gen kò men nou pa diskite ak lide poun konprann kisa ki baz diskisyon an etc... Nan menm epizod sa mwen fon pase tou Piti sou enpotans bon Jan kapasite lidèship yon lidè Oswa yon dirijan anndan yon òganizasyon men tou mwen pale sou kek bagay ki ka pèmèt yon profesyonèl grandi profesyonèlman anndan yon òganizasyon parapò ak eksperiyans mwen fè pandan plis pase 5 lane kòm lidè ki gen gro responsablite anndan òganizasyon. Mwen eksplike ke Framework Konvèzasyon se yon espas kote moun ap gen Chans pou pale pawol lespri, sa kap pèmèt oditè nou yo aprann omwen yon bagay anplis nan chak epizod yo. Paske envite nou yo ap gen chans pataje sa yo konnen ak lòt moun. Chak envite ke map gen pou fon ti chita pale ak li, ap gen posiblite poul pataje ak Ou menm kòm oditè eksperiyans li parapò ak domèn Lap evolye a nan lide poul evitew fe menm erè kel te fè lè ke li tap fenk Kòmanse dirije yon òganizasyon oubyen projè pèsonèl li yo. E mwen t fini poum di ke mwen vrèman ke Ou fè chwa pouw tande ak abòne ak chanèl Framework Konvèzasyon sou tou platfòm miltimedia ki pèmet Ou tande yon podcast tankou: anchor, ITunes podcasts, Spotify ak anpil lòt . Framework Konvèzasyon se yon podcast kap fèt esansyèlman an kreyol, men sa ka rive nou gen epizod ki fèt an anglè si tout fwa envite nap resevwa nan jou sa se anglè selman li pale. Mwen paka tann poum prezantew pwochen epizod nou yo chak semèn! Davidson Jules
    14 min

About Framework Conversations

From the publisher's feed

Become a Paid Subscriber: https://podcasters.spotify.com/pod/show/davidson-jules/subscribe