Nou boukle bèl seri nou an ak yon tèks frapan ki soti lakay: Sales Nègres de Jacques Roumain.
Malgre li pa t fondatè mouvman yo rele Negritude la, Jacques Roumain te yon sipòtè angaje ki te pataje menm vizyon ak Aimé Césaire, Léopold Sédar Senghor ak Léon Damas: yon vizyon ki mete diyite, rasin afriken ak revalorizasyon memwa kolonize yo nan sant refleksyon literè.
Pou epizòd sa a, Fabrice ak Ricardo pran tan pou dekòtike tèks la selon konpreyansyon yo, mete li nan kontèks li, epi ouvri pòt pou fè nou wè kòlè, fyète, ak revandikasyon k ap degaje. Yon vwa ki leve pou di non kont imilyasyon epi reafiye prezans nou nan listwa.
Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.