Memo Pòdkas

Memo Pòdkas

By Fabrice Mésidor, Ricardo MolièreArtsMusicMusic Commentary
Download on the App Store

All Memo Pòdkas episodes

  • Epizòd 86 - Magalie - Ekip

    Ou renmen konpa? Ou se fanatik EKIP? Ou gen bèl dash? Ou atiran? Ou pa renmen chita lakay lè weekend? Si repons a tout kesyon sa yo se "Wi", konnen w son Magalie.

    Son ekstrè tèks chante Magalie ki sou dènye albòm Ekip la, Me ak Mo t ap analize nan epizòd 86 la.

    Al tande epizòd la ki disponib tout kote. Pataje avi ou avèk nou epi pa bliye voye yon zanmi, yon fanmi tande li tou.

    34 min
  • Epizòd 85 - Jou Dega - Medjy

    Pou Medjy, 360 jou kè kontan pa ta sifi pou fè bliye 5 ti grenn jou dega.

    Nan epizòd 85 sa, Fabrice ak Ricardo t ap pran plezi nan analize refren chante Jou Dega ki sou albòm 48 Rebecca.

    Al tande epizòd la ki disponib tout kote. Pataje avi ou avèk nou epi pa bliye voye yon zanmi, yon fanmi tande li tou.

    34 min
  • Epizòd 84 - Jasmine - Bélo

    Nan kòmansman ane 2000 yo, ki moun ki ka di l pat konn Jasmine. Yon ti fanm ki te gen may...ki te gen style. Nan epizòd 84, Me ak Mo t ap eseye analize jan Bélo te prezante nou ti fanm sila.

    Al tande epizòd la ki disponib tout kote. Pataje avi ou avèk nou epi pa bliye voye yon zanmi, yon fanmi tande li tou.

    37 min
  • Epizòd 83 - Mise au point - Daniel Larivière

    Pou klotire ti seri kote nou tal dekotike kèk tèks ansyen jenerasyon, nou tal detere "Mise au point" ke Dany Larivière entèprete. Tèks sa lage travay nan men nou paske konparezon ak lanmou ki fèt yo pa senp.

    Al tande epizòd 83 ki disponib tout kote. Pataje avi ou avèk nou epi pa bliye voye yon zanmi, yon fanmi tande li tou.

    33 min
  • Epizòd 82 - Marie Lourdes - Orchestre Septentrional

    Pou yon lòt fwa, Orchestre Septentrional tounen nan Memo Pòdkas, ak on ekstrè tire nan on chante ki rele Marie Lourdes.

    Nan ekstrè sa, otè a t ap fè n dekouvri: Yon nonm k ap tann, yon fanm ki ale, yon absans ki tounen soufrans, ak yon espwa ki pa janm etenn…

    Al tande epizòd 82 an! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo.

    Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.

    34 min
  • Epizòd 81 - Lanmou pa plezantri

    Nou tou rete nan letan epi nou rale on lòt gwoup nan ansyen jenerasyon an pou n alize yon tèks yo. "Lanmou pa plezantri" se tèks Le Carribean Sextet ke nou dekòtike nan epizòd 81 an. Kisa lanmou ye pou mesye sa yo? Me ak Mo te reponn ak sa jan yo renmen fè l.

    Al tande epizòd 81 an! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo.

    Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.

    32 min
  • Epizòd 80 - Louise Marie - Orchestre Septentrional

    Louise Marie se fanm sila ki te brize kè Roger Colas. Nan yon bolewo klasik ki titre Louise Marie, Roger t ap plenyen jan kè l te fanm an 2 moso aprè yon separasyon. Men, li te pran swen tou pou l soulinye jan l ap kontinye renmen manzè. Me ak Mo te pran plezi debat otou de yon ekstrè tèks sila.

    Al tande epizòd 80 an! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo.

    Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.

    32 min
  • Epizòd 79 - Yo pa voye wòch sou mango vèt

    Yo pa voye wòch sou mango vèt. Sa vle di ke yo voye l sou sak mi yo. Kisa mango ak woòch senbolize nan yon ekspresyon konsa? Sipoze se ou ki mango a epi w pran on kout wòch, ès ke w ap panse se paske mi ou byen w ap pran tan pou w analize wòch la? Epizòd sila te pèmèt Me ak Mo brase lide sou bèl metafò sa.

    Al tande epizòd 79 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo.

    Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.

    32 min
  • Epizòd 78 - Ou pa gen kann sa nan bouwèt ou

    Gon epòk nou te konn tande sa anpil: Ou pa gen kann sa nan bouwèt ou. Jodiya pou epizòd 78 la, Me ak Mo tounen sou ekspresyon sa ki gen plis ladann ke sa w tande a.

    Al tande epizòd 78 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo.

    Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.

    31 min
  • Epizòd 77 - Sak pase? N ap boule!

    Depi w se ayisyen ou paka pa konn sa pou w reponn lè yo mande w "Sak pase". Kesyon-repons sa tounen mak frabrik ayisyen. Li tounen yon etikèk lengwistik. Nan Epizòd 77 la, Me te mande Mo sak pase. Mo pat ezite pou l te di lap boule.

    Al tande epizòd 77 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo.

    Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.

    31 min