Sign up to save your podcasts
Or

Epizòd 56 sa chita sou yon ti ekstrè nou tire de chante "Yo la" atis Chris Morning chante. Yon ekstrè k ap denonse on sòt de ipokrizi sosyal men ki trè powetik.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Nou tout dakò chimen siksè pa fasil. Toby rakonte nou sa byen nan Bye Bye, youn nan mizik sou albòm RAS la. Nan tèks sila, g on pati ki trè polisemik. Se li ki te fè objè epizòd 55 la nan Memo Pòdkas
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
COLOC: Yon bijou! Yon zèv atistik de kalite! Yon palendwom! Yon tèks kontradiktwa de Collinx Mondésir.
Nan epizòd 54 la, Fabrice ak Ricardo t ap debat sou yon ekstrè tèks sila.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Yon fraz paradòksal: "Je me rends compte que j'ai passé ma vie à fuir Haïti et que je n'ai jamais quitté Haïti." tire nan woman L'énigme du retour de Dany Laférière.
Nan epizòd 53 a, Samuel Simon ki te envite nou te vin ede n konprann sa otè vle degaje atravè fraz sa.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Gen fraz ki sonnen nan zòrèy e ki fè vibre tankou son tanbou. Lè Frankétienne te ekri nan woman Ultravocal : "Partout où je crie, Haïti entend, même quand je suis loin, même quand je suis seul", li pa jis ap pale de bri. Li t ap pale de relasyon nou chak genyen ak peyi nou.
Nan epizòd 52 a, Fabrice ak Ricardo t ap eseye konprann sa Frank te vle nou konprann a travè fraz sa.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Lionel Trouillot, nan woman li ki rele Bicentenaire te ekri fraz sa: "Ce pays est une douleur qui marche, une mémoire qu'on assassine chaque jour mais qui refuse de mourir" Yon fraz mataforik ki chita sou yon antitèz. Fabrice ak Ricardo t ap pataje lide otou de fraz sa nan epizòd 51 an.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Se pa lè w konn make pa sou rit mizik sèlman w konn danse. Si lavi an jeneral te yon senfoni e melodi a t ap chanje tout tan, kijan w t ap danse? Nan epizòd 50 la, Fabrice ak Ricardo t ap eseye konprann sa ki kache nan 2 fraz sa yo: " Le pays est succession de secousses. Ceux qui restent debout sont ceux qui apprennent à danser avec la terre."
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Nou konn nan on kamyonèt epi chofè a deside lage l sou woulib nan yon mòn, pa vre? Men eske nou te konnen lanmou ka sou woulib tou? Ann al nan tèks Woulib ke Kenny Hati ekri pou nou konnen plis. Nan Epizòd 49 la, Fabrice ak Ricardo ap dekòtike on ekstrè nan tèks sa.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Depi menaj la rele w, li di w: "Li pa vini", ou paka pa fè tèt cho. Konpa Kreyòl te trete sijè sa a travè yon chante. Nan Epizòd 48 la, Fabrice ak Ricardo t ap apresye yon ekstrè tèks la sou yon lòt ang.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Sa rive w deja w ap fè on rèv epi anvi soti ladan? Wanito t ap eksplike sa l viv nan on rèv. Nan epizòd 47 la, noute pran plezi analize on ti pati nan tèks chante ki rele "Gad on rèv".