Memo Pòdkas

Memo Pòdkas

By Fabrice Mésidor, Ricardo MolièreArtsMusicMusic Commentary
Download on the App Store

All Memo Pòdkas episodes

  • Epizòd 36 - Prière d'un petit enfant nègre – Guy Tirolien

    Nan kad lit kont tout fòm kolonizasyon, Guy Tirolien te pran devan pou l tire sonèt la. Li t ap denonse kalite edikasyon yo vle bay ti nèg. On lekòl ki tris, san okenn kreyativite, ki dekonekte ak kilti e koutim on pèp, se li yo vle bay ti nèg. Guy envite n pou n leve kanpe, pou n priye paske nou pa vle ale nan lekòl yo a.

    Nan epizòd 36 sa, Fabrice ak Ricardo t ap analize on ekstrè de powèm ki titre "Prière d'un petit enfant nègre" Gwadloupeyen Guy Tirolien ekri.

    Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.

    Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    35 min
  • Epizòd 35 - Cahier d'un retour au pays natal - Aimé Césaire

    Nou menm ki kite lakay lontan, kilè n ap ka retounen pou n al met men nan pat la? Aimé Césaire, lè l te tounen lakay li te deside pou l pa rete kòm espektatè. A travè vwa l, pwezi l, li te pale pou sila ki san vwa yo, li te aji. Ricardo ak Fabrice, nan epizòd 35 sa t ap pale de yon ekstrè de yon bèl powèm k ap reveye nou.

    Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.

    Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    40 min
  • Epizòd 34 - Fragments d'Haiti et autres poemes - Sarita Cynthia Pierre

    Pou klotire mwa me a, ann al dekouvri Sarita Cynthia Pierre, yon fanm, kap pale de yon gwo fanm, Ayiti, manman nou tout. Nan epizòd 34 la, Ricardo ak Fabrice chita pou dekòtike yon ekstrè nan tèks gwo powetès sa.

    Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts epi nap konprann pouki Sarita ap pale de "Terre de feu, de larmes et de courage".

    Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    43 min
  • Epizòd 33 - Yon ti pale ak Rose Carlie Mars: FlexiMomPreneur

    Koulè feminen pou mwa Me a ap kontinye. Nan kontèks sa, pou epizòd 33, Fabrice ak Ricardo te fon chita pale ak Rose Carlie Mars, yon entreprenè, yon manman ... Li t ap rakonte nou eksperyans li kòm entreprenè e kijan li balanse lekòl, fanmi, lwazi ak biznis li.

    Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo.

    Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    42 min
  • Epizòd 32 - L'odeur de ma terre (de mon drapeau) - Emeline Michel

    Emeline Michel, nan chante "L'odeur de ma terre" la te di : "On a un drapeau, nou koke l byen wo"

    Nan epizòd 32 sila, Mé ak Mo te pase a travè on ekstrè tèks sa e te tou pwofite fè on ti klen dèy a drapo ayisyen an n ap selebre nan dat 18 me a. Ant analliz literè ak emosyon kolektif n ap onore tout sa drapo nou reprezante.

    Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w poko tande yo.

    Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    44 min
  • Epizòd 31 - Bòn fèt manman

    Nan Amerik di Nò, peyi tankou Etazini ak Kanada selebre manman yo dezyèm dimanch nan mwa me a. Fabrice ak Ricardo dedye epizòd 31 an ak tout MeMordus manman ak manman MeMordus yo. Nou pwofite pou pale de kijan kèk otè pa bò lakay pale de manman.

    Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo.

    Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    50 min
  • Epizòd 30 - Chèf Patoutou

    Lè ekriti kontre ak kuizin, kreyativite pran gou ak koulè. Nan epizòd 30 la, Fabrice ak Ricardo te gen chans akeyi chèf Patricia Joint. Li ki t ap rakonte nou kijan l fè vin chèf, sa ki make l depi lè nan domèn sa men tou li te profite fè rapwochman ant kèk eleman esansyèl pou byen ekri on tèks ak kèk eleman enpòtan pou byen prepare on pla.

    Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo.

    Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    55 min
  • Epizòd 29 - Jwi la vi w paske Jodi pa Demen

    Fabrice ak Ricardo pa nan koulè mouchwa menm si yo pran ekstrè 2 tèks Barikad Crew ak Rockfam Lame-a pou yo analize. Nan epizòd 29 lan, nap konpare 2 klasik sa yo "Jwi la vi w" ak "Jodi a pa demen".

    Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo.

    Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    53 min
  • Epizòd 28 - Ban m verite vs Istwa kache

    Nan epizòd 28 la, Fabrice ak Ricardo pran on ekstrè 2 tèks ki pale de verite pou analize. Yon kote nou gen "Ban m verite" (yon tèks de yon chante entèprete pa Kadilak e Misty Jean) epi yon lòt bò nou gen "Istwa kache" (tèks de yon bèl chante de ansyen gwoup Toxic).

    Al tande epizòd sila pou dekouvri kijan nou apwoche 2 tèks sa yo ki gen 2 vizyon diferan.

    Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    43 min
  • Epizòd 27 - Vagabon for Life oubyen Vagabon Chanje

    Nan epizòd 27 la, Fabrice ak Ricardo pran on ekstrè 2 tèks ki pale de vagabon pou analize. Yon kote nou gen yon "vagabon for life" (tèks ki sou albòm Viktwa ke Kreyol la lage an 2007) epi yon lot bò nou gen "yon vagabon chanje" (Baky sou albòm Chante ap rete chante).

    Al tande epizòd sila pou dekouvri kijan nou apwoche 2 tèks sa yo ki gen 2 vizyon diferan.

    Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    40 min