
Sign up to save your podcasts
Or


Pou dekri e denonse reyalite peyi a Klib nan tèks "Boutèy anlè" konpare machann tafya ak politisyen.
Se yon ekstrè nan mizik sa ki sou albòm "Mes tourments" Klib ekri, Fabrice ak Ricardo ap prezante nou e analize nan epizòd 26 la.
Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Patrice Jean se envite nan epizòd 25 Memo Pòdkas la. Yon medsen de pwofesyon, yon bòdibildè de wo nivo, yon ekriven pasyone; avèk li Fabrice ak Ricardo te fè on bèl ti kozri.
Al tande epizòd sila pou dekouvri poukisa se medsin li te chwazi, kijan l te komanse nan koze bat fè e sitou pou kiyès li pran plezi ekri.
Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
"Le Spiralisme": yon mouvman literè ki te kreye nan lane 1960 yo. Frankétienne se youn nan moun ki te kreye l'. Kisa mouvman sa ye? Nan ki objektif yo te kreye? ki karakteristik li? Fabrice ak Ricardo t ap tante reponn kesyon sa yo nan epizòd 24 la.
Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Gon kou w pran ki kite sikatris sou po w. Men gen kou, se nan kè w li kite on mak.
Fabrice ak Ricardo pran on ekstrè nan mizik "Sikatris" ke Baky ekri pou analize sak fè atis la trete evenman ki rive l nan maryaj li de sikatris.
Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Gen chanjman pou w opere nan lavi w an tan ke moun, se nan on fòj pou w pase pou w sibi tout etap transfòmasyon yo.
Nan epizòd 22 a, nou te analize kèk bèl metafò vizyèl nou idantifye nan fim ki rele "La forge" la
Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Konbyen san k pou koule, konbyen rèl pou n rele pou nou ka retounen moun. Lakay pa bon ditou, nou pa moun ankò.
Nan epizòd 21 an, nou te degaje sa k sou kè nou pa rapò a sitiyasyon difisil frè n ak sè n ap viv aktyèlman an Ayiti. Nou te apiye sou yon ti ekstrè tèks gwoup Kai ki rele "Nou pa moun ankò"
Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
De kisa valè w depann? Ès ke w se moun w ap tann pou vin met valè sou w?
Epizòd 20 sa, se te okazyon pou Fabrice ak Ricardo te echanje opinyon ak konpreyansyon yo sou yon ekstrè tèks gwoup Klass ki rele "Valè w"
Tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Kijan w rele? Sa son kesyon ke nou toujou ap reponn pou pèmèt moun idantifye nou. Kisa non sa ou bay la vle di? Kisa li di sou pèsonalite ou?
Pou epizòd 19 MeMo Podkas, Fabrice ak Ricardo tap reflechi sou kesyon sa yo a travè yon ekstrè powèm "L'âme des noms" ke Georges Sylvain ekri. Yo pote on bèl Memo-rab pou nou tou nan fen epizòd la.
Al tande epizòd la pou w dekouvri sa k t ap di.
Ak yon pwovèb ou ka fè pase anpil mesaj, ou ka bay mizangad, ou ka ankouraje pwechen w tou. Pwovèb ayisyen fasil pou di men yo pa toujou fasil pou konprann.
Nan Memo Pòdkas, nou te kontan fè ti pale de pwovòb lakay e menm reflechi sou 2 ladan yo.
Al tande epizòd la pou w dekouvri sa k t ap di.
Jan MeMo te anonse l deja, memopodkas ap resevwa envite nan kèk epizòd. Pou premye envite yo, Fabrice ak Ricardo te resevwa Amos Francois nan memopodkas.
Nan epizòd 17 la, nou pral fè konesans ak travay Amos e kijan li itilize pasyon l pou figi estil.
Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.