Memo Pòdkas

Memo Pòdkas

By Fabrice Mésidor, Ricardo MolièreArtsMusicMusic Commentary
Download on the App Store

All Memo Pòdkas episodes

  • Epizòd 16 - "Les femmes savantes" (Molière)

    Eske w sonje ti fraz laten sa: Castigat ridendo mores? Si w sonje l wap sonje Molière tou, gwo ekriven teyat nan literati fransèz.

    Pou epizòd 16 la, Ricardo ak Fabrice pran on ekstrè nan youn nan gwo zèv Molière yo ki rele "Les femmes savantes". Ann fè on kout pye nan disetyèm syèk e reviv tèks sa pandan nap dekouvri kisa ki aplikab ladann l toujou jounen jodi a.

    Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas

    53 min
  • Epizòd 15 - "Konseye" (Wendyyy)

    Es ke w toujou bezwen mande konsèy? Es ke w pa ka pwòp konseye tèt ou?

    Epizòd 15 sa, se te okazyon pou Fabrice ak Ricardo te echanje opinyon ak konpreyansyon yo sou yon ekstrè de tèks Wendyyy ki rele "konseye"

    Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas

    1 hr
  • Epizòd 14 - "Le lièvre et la tortue"

    "Rien ne sert de courir, il faut partir à point." Yon sitasyon ki travèse le tan ke n jwenn nan yon Fab Jean de la Fontaine ekri ki rele "Le lièvre te la tortue". Sa te fè sijè epizòd 14 la kot Fabrice ak Ricardo te plonje nan inivè 2 bèt sa yo pou dekòtike sitasyon sila. Avek kèk egzanp pratik, Mé ak Mo te montre kijan li enpòtan pou chèche fè ekilib ant vitès, pasyans ak pèseverans san w pa oblije awogan.

    Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas

    39 min
  • Epizòd 13 - Bilan

    3 mwa aprè lansman Memo Pòdkas, Fabrice ak Ricardo te deside fè on ti bilan a travè epizòd 13 la. Yon bilan, pou yo gade kote yo ye, kijan yap vanse, si rezilta yo alinye ak objektif ki te fikse yo?

    Te gen oditris ak oditè ki te patisipe nan epizòd sila pou bay opinyon sou kijan yo wè pòdkas la jounen jodi a e fè kèk pwopozisyon sou kijan nou ka amelyore.

    Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas

    52 min
  • Epizòd 12 - "Nou bouke tann!!!" ... "Jwaye Nwèl kan menm"

    Epizòd 12 la se te okazyon pou Mé ak Mo te echanje ve ak swè ak oditè yo nan epòk fèt Nwèl la.

    Msye yo fè yon ti mansyon patikilye pou oditè ki an Ayiti yo. Yo itilize 2 ansyen tèks konkou chante Nwèl ki te fèt nan lane 1999 (Nou bouke tann) ak 2000 (Jwaye Nwèl kanmèm), Max Aubin ak Stanley George te respektivman chante, pou yo byen dekri kontèks fèt fen ane yo aktyèlman la an Ayiti.

    Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas

    41 min
  • Epizòd 11 - "Machann sab" D-fi Powèt Revòlte

    On machann sab se yon figi imajinè oubyen senbolik nou konn jwenn nan kont timoun. Se yon pèsonaj ki fè timoun dòmi, li vide on sab majik sou je timoun yo.

    D-fi ke yo konnen kounya sou non Dèf Fondamantal, son rapè ki wè tèt li tankou on machann sab a travè mizik li.

    Nan epizòd 11, Fabrice ak Ricardo analize yon ekstrè tèks "Machann sab" atis sila ekri. Yo tap fè nou dekouvri paralèl ki fèt ant 2 antite sa yo: Machann sab e atis la.

    Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas

    46 min
  • Epizòd 10 - "Ensasyabilite" P.I.C.

    Kilè on moun ensasyab? Nan epizòd 10, Fabrice ak Ricardo ap fè nou dekouvri jan atis P.I.C. trete kesyon ensasyabilite a. Ak anpil swen, msye yo dekòtike yon ti segman nan tèks chante ki rele "Ensasyabilite".

    Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas

    36 min
  • Epizòd 9 - Titanyen

    Nan kad epizòd 9 la, Fabrice ak Ricardo t ap analize ak anpil amètim yon powèm Yves-Gerard Olivier ekri. Yon powèm k ap transpòte w nan yon reyalite tris men ti mesye yo te reyisi fè dekouvri kalite ekriti otè ak idantifye anpil mesaj enpòtan ke l te vle fè pase.

    Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas

    37 min
  • Epizòd 8 - Analiz sou ekstrè tèks "Yon Ti Kalkil" B.I.C.

    Yon ekstrè nan tèks Yon ti kalkil de atis B.I.C. t ap debat nan Memo pòdkas pou 8e epizòd la. Fabrice ak Ricardo t ap eksplike selon yo menm ki mesaj ki degaje nan tèks sila, patikilyèman nan ti segman ke yo te konsidere a.

    Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas

    43 min
  • Epizòd 7 - Analiz sou yon ekstrè tèks "Dyaman nan bidonvil"

    Nan epizòd sila, Fabrice ak Ricardo ap analize yon ekstrè nan tèks Dyaman nan Bidonvil ki sou premye albòm gwoup mizikal Zafèm. Yo gade ki mesaj ki degaje nan tèks sila men sitou nan ti segman ke yo konsidere a. Yo te pale de fòm lan tou.

    Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

    Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas

    33 min