
Sign up to save your podcasts
Or


Yon ane deja pase depi Fabrice ak Ricardo te demare ak avanti Memo Pòdkas la. 46 zyèm epizòd sa, se te moman pou n te swete tèt nou bòn fèt men tou gade ki diferan etap nou franchi. E pou nou te fè ti egzèsis sa, nou te apiye sou on ekstrè tèks yon chante Zenglen ki rele Do it right.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Kisa yon fanm ka fè lè l damou? ZATRAP te reponn kesyon sa a travè yon mizik. Epizòd 45 la, se te okazyon pou Fabrice ak Ricardo te opine sou on ti pati nan tèks chante ki rele "Lè yon fanm damou" an.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Nan epizòd 44 la, Fabrice ak Ricardo kontinye analize dezyèm ak twazyèm estròf nan ekstrè yo te pran samdi a pase a. Nap wè jan Harmonik prezante lòt aspè nan fanm lan ki fè li "Incroyable".
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Nan lavi gen bagay ki enkwayab. Harmonik, a travè on tèks trè powetik, t ap montre nou nan ki nivo yon fanm ka enkwayab. Nan epizòd 43 a, Fabrice ak Ricardo te pran plezi pou analize yon ekstrè nan tèks sila.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Chak moun gon fado y ap pote. Lè y ap rele on moun "pitit deyò", son pwa lou ki sou do l k ap peze l. Gwoup Klass te trete sijè sa a travè yon chante. Nou menm nan Memo Pòdkas te pran on ekstrè nan tèks sa pou nou te analize nan epizòd 42 a.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Yon lòt sijè oze ke Me ak Mo deside manyen jodi a. Pou epizòd 41 an, nou al rale on ekstrè nan tèks "Ti Mafi" ke Krezi Mizik te pote pou nou pou dekri on reyalite ki tris men ki reyèl nan sosyete a.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Gen yon seri de sijè nan sosyete pa nou an ki trete anndan kay paske yo sansib e yo fè mal. Gwoup Gabèl te deside abòde nan yon chante tematik :"Paka fè pitit". Nan epizòd 40 Memo Pòdkas la, Mé ak Mo t ap pataje konpreyansyon yo sou yon ekstrè nan tèks sila.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Li konn enpòtan dèfwa pou nou kite silans nou pale pou nou. Menm jan li konn osi enpòtan pou n pale an silans.
Aprè poz Mé ak Mo te pran pou mwa jiyè a, yo tounen ak on epizòd espesyal pou pataje lide sou enpòtans ak pouvwa silans.
Al tande epizòd 39 sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Nou boukle bèl seri nou an ak yon tèks frapan ki soti lakay: Sales Nègres de Jacques Roumain.
Malgre li pa t fondatè mouvman yo rele Negritude la, Jacques Roumain te yon sipòtè angaje ki te pataje menm vizyon ak Aimé Césaire, Léopold Sédar Senghor ak Léon Damas: yon vizyon ki mete diyite, rasin afriken ak revalorizasyon memwa kolonize yo nan sant refleksyon literè.
Pou epizòd sa a, Fabrice ak Ricardo pran tan pou dekòtike tèks la selon konpreyansyon yo, mete li nan kontèks li, epi ouvri pòt pou fè nou wè kòlè, fyète, ak revandikasyon k ap degaje. Yon vwa ki leve pou di non kont imilyasyon epi reafiye prezans nou nan listwa.
Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Aprè nou te finn analize ekstrè tèks Aimé Césaire ak Guy Tirolien, nou pa ta ka pa pran Léopold Sédar Senghor. Fabrice ak Ricardo kontinye nan manyen kouran "Negritude" la e yo ale nan manman mouvman, Lafrik.
Pou epizòd 37 la, MeMo t ap analize on ekstrè de powèm ki titre "Femme Noire" ke Léopold Sédar Senghor sèl Afriken nan fondatè mouvman "Negritude" la. Nou pral wè jan a travè bèl kout plim li lap pale de fanm nwa e de kontinen afriken an.
Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.