
Sign up to save your podcasts
Or


Pou nou pa bliye ke Memo Pòdkas se tout kategori tèks yo analize, Me ak Mo al pran tèks nan yon videyo komik ke Cantave K fè pou Epizòd 66 la.
"L'insécurité est plus en sécurité que le peuple." ak "Pendant que l'insécurité ne cesse de faire monter la température du pays, le peuple brûle sous la chaleur de l'insécurité." se 2 fraz nou pran nan yon videyo Cantave pou analize.
Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresye jan nou depoze nan 66 la.
Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Konbyen fwa w ka itilize son "otèl" nan on estwòf pandan wap montre nivo spirityèl ou? Frè Gabe nan ekstrè nou pran pou nou analize nan epizòd 65 lan leve defi a.
Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresyen jan Me ak Mo pral dekòtike ti bout tèks sa.
Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Es ke w konn grandè lanmou Bondye? Ki longè l, lajè? Ki dimansyon l? Kijan w ka dekri l? Ki kantite plim ou t ap bezwen pou dekri l? Ki dimansyon papye pou w ta genyen? Konbyen moun ou t ap mande ede w dekri l?
W ap jwenn repons a tout kesyon sa yo nan ekstrè tèks yon chante ki twouve l nan Chan Desperans Kreyòl #28. Me ak Mo t ap pataje lide sou sa.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Bondye fidèl e li p ap janm pa fidèl. Fidelite l ap dire pou tout tan. Nan epizòd 63, nou te kontan pou n te elabore sou on ekstrè tèks ki te plonje n nan yon bèl anbyans. Tit tèks la se "Bondye ou fidèl", yon mizik ki twouve l sou yon albòm ki rele Gras e atis la se Peter Michel Joseph.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Me ak Mo lage nan tatou nèt. Pou epizòd 62 a, yo vini ak "Tattoo" - yon tèks ke Teddy Hashtag pote pou nou ki sou dènye albòm li an. Ann al dekouvri ansanm nan epizòd sila kijan mesye yo konprann koze fè tatou Teddy a.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Fredelin François, atravè on mizik li chante, di li anvi fè tatou sou po l pou bae li. Men èske atis la sou fè tatou a vreman. Nan epizòd 61 an, nou pran on ekstrè nan tèks chante sa pou gade: tout dout li eksprime sou koze sa, kisa tatou a ta ka reprezante an jeneral.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
BIC Tizon Dife tounen nan MeMo Pòdkas fwa sa avèk 2,3 mo. Pou epizòd 60 la, Me ak Mo pral fè nou dekouvri on ekstrè nan on mizik sa ke nou jwenn sou dènye albòm BIC a. Anpil koze ke nou pral dekouvri nan 60em lan.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Pou epizòd 59 la, Me ak Mo pral fè nou dekouvri on ekstrè nan on mizik ke Lil Jayne, Mechans T ak Blaze One te pote ba nou: "Si Lajan pat egziste". Malgre ekstrè a long, mesye yo pran tan yo pou dekòtike chak ba.
Tande epizòd sila epi wap wè de kisa otè a pale epi wap pran plezi nan analiz Me ak Mo.
Memo Pòdkas disponib sou YouTube, Spotify ak Apple Poscasts e ou ka suiv nou sou Instagram ak X.
Me ak Mo pran on ekstrè nan on mizik Atys Panch ki rele "Baz ou vèni" pou prezante nan Epizòd 58 la. Ou pa finn konprann tit la? Ou pa konn si Atys Panch ap fè blag oubyen serye? Tande epizòd sila epi wap wè de kisa otè a pale epi wap pran plezi nan analiz Me ak Mo.
Memo Pòdkas disponib sou YouTube, Spotify ak Apple Poscasts e ou ka suiv nou sou Instagram ak X.
Pa bliye pataje epizòd sila ak sa avan yo ak zanmi, fanmi w.
Si ou te panse se lekòl selman moun te konn sote klas, vin dekouvri kijan w ka sote klas nan lanmou. Fabrice ak Ricardo te pran on ekstrè nan "M sote klas" ke Franco Love pote ban nou pou debat nan epizòd 57 la.
Memo Pòdkas disponib sou YouTube, Spotify ak Apple Poscasts e ou ka suiv nou sou Instagram ak X.
Pa bliye pataje epizòd sila ak sa avan yo ak zanmi, fanmi w.