
Sign up to save your podcasts
Or


"Bagay yo myèl"! Yon eskpresyon ki fè pati de langaj kouran nou. Kisa w panse de ti pawòl sa? Es ke li kontradiktwa ou pa? Nan epizòd 76 la, Me ak Mo te pran plezi pou pataje opinyon yo.
Al tande epizòd la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo.
Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Si pou ou lanmou se yon senp santiman, konnen w poko konn Lanmou. A travè yon bèl powèm Mémordue Wanya Ardouin t ap pataje avè nou on verite ke l kole sou li tankou yon etikèt. Me ak Mo kote pa yo te kontan bay avi yo sou yon si bèl verite.
Al tande epizòd 75 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo.
Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Entèlijans Atifisyèl se yon fòs ki deja antre nan mond nou an. Nou pa gen anpil chwa sou prezans li, men nou toujou gen yon chwa sou relasyon nou pral bati avèk li. Nan epizòd 74 la, a travè yon tèks ke Jean Philippe, yon Memordu voye ban nou, Me ak Mo pral wè eske Entèlijans Atifisyèl se yon menas oswa yon alye.
Al tande epizòd 74 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo.
Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Nan nouvo epizòd sa a, n ap dekouvri kijan yon Memordu jwe ak yon senp mo pou l fè pase on mesaj. Dèyè katren sa kache yon refleksyon sou chanjman, prezans, absans, memwa ak santiman.Me akMo te pran plezi nan pataje konpreyansyon yo sou tèks la.
Al tande epizòd 73 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo.
Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Mo te deside temwanye grandè Bondye a travè on senp katren (4 ba) epi Me li menm t ap dekòtike l selon sa l konprann.
Al tande epizòd 72 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo.
Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Nan epizòd sa a, nou plonje nan analiz yon tèks ki sèvi ak langaj foutbòl pou poze yon gwo kesyon sou limanite. Nou dekouvri kijan otè a transfòme foutbòl an yon refleksyon pwofon sou lagè, lapè, ak kapasite limanite genyen pou l viv ansanm.
Al tande epizòd 71 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo.
Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
"Ayiti cheri! Pi bèl peyi pase ou nan pwen." Sa a son pawòl m ret kwè preske tout ayisyen ki kite Ayiti pwononse deja. Se lè w pa fizikman nan peyi sa ankò pou w dekouvri valè l. Nan kad epizòd 70 la, nou te mete limyè sou on bèl ekstrè de yon chante ke Othello Bayard ekri e chante - Kali ak Emeline Michel entèprete l.
Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo.
Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Gon pwovèb ki di "Prévenir vaut mieux que guérir". Ebyen nan yon reklam Jean-Claude Martineau te fè pou on konpayi, li te mete an valè pwovèd sila. Men nou menm nan Memo Pòdkas, nou t ap dekòtike 2 ti fraz nan reklam sa pou fè on paralèl ant Reyaksyon ak Prevansyon.
Al tande epizòd 69 la ki disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo.
Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Anpil nan prezidan ki pase nan tèt peyi Dayiti kite ti eritaj vèbal pou nou. Ansyen prezidan Preval, defen, te di: "Naje pou w sòti". Ou menm Memordu(e), ès ke w konn naje? Nan kad epizòd 68, nou t ap gade ki diferan fason ou ka konprann pawòl selèb sa a.
Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo.
Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
Nwa ak blan dezinye koulè, men yo ka dezinye ras, mantalite ou kilti tou. Léon Laleau, ki son ekriven ayisyen, ekri on liv ki rele Noir ou Blanc kote l t ap poze on pwoblèm idantite. Nan epizòd 67 la, Mé ak Mo te pran plezi pase a travè on ti ekstrè.
Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresye jan nou depoze nan 67 la.
Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.