
Sign up to save your podcasts
Or


On machann sab se yon figi imajinè oubyen senbolik nou konn jwenn nan kont timoun. Se yon pèsonaj ki fè timoun dòmi, li vide on sab majik sou je timoun yo.
D-fi ke yo konnen kounya sou non Dèf Fondamantal, son rapè ki wè tèt li tankou on machann sab a travè mizik li.
Nan epizòd 11, Fabrice ak Ricardo analize yon ekstrè tèks "Machann sab" atis sila ekri. Yo tap fè nou dekouvri paralèl ki fèt ant 2 antite sa yo: Machann sab e atis la.
Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
Kilè on moun ensasyab? Nan epizòd 10, Fabrice ak Ricardo ap fè nou dekouvri jan atis P.I.C. trete kesyon ensasyabilite a. Ak anpil swen, msye yo dekòtike yon ti segman nan tèks chante ki rele "Ensasyabilite".
Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
Nan kad epizòd 9 la, Fabrice ak Ricardo t ap analize ak anpil amètim yon powèm Yves-Gerard Olivier ekri. Yon powèm k ap transpòte w nan yon reyalite tris men ti mesye yo te reyisi fè dekouvri kalite ekriti otè ak idantifye anpil mesaj enpòtan ke l te vle fè pase.
Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
Yon ekstrè nan tèks Yon ti kalkil de atis B.I.C. t ap debat nan Memo pòdkas pou 8e epizòd la. Fabrice ak Ricardo t ap eksplike selon yo menm ki mesaj ki degaje nan tèks sila, patikilyèman nan ti segman ke yo te konsidere a.
Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
Nan epizòd sila, Fabrice ak Ricardo ap analize yon ekstrè nan tèks Dyaman nan Bidonvil ki sou premye albòm gwoup mizikal Zafèm. Yo gade ki mesaj ki degaje nan tèks sila men sitou nan ti segman ke yo konsidere a. Yo te pale de fòm lan tou.
Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
Aprè yon seri epizòd kote yo tap bay oditè yo zouti kap pèmèt yo konprann e analize tèks, Ricardo ak Fabrice nan epizòd 6 la dekòtike premye tèks yo.
Ann dekouvri ansanm tèks ti mesye MeMo yo pote pou ou a, ki mesaj ki ladann l e ki fòm yo itilize pou ekri l.
Al tande epizòd sila ak anpil swen. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
Fabrice ak Ricardo te pran anpil plezi a travè senkyèm epizòd sa. Yo te eksplike kisa ki on figi estil. Yo te pwofite enimere epi pale de kèk ladan yo.
Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
Nan katriyèm epizòd sa, Fabrice ak Ricardo ap pale de kijan nou ka konnen rim ke yon otè ka fè nan yon tèks.
Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt.
Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
Nan twazyèm epizòd sa, Fabrice ak Ricardo ap pale de kijan pou nou idantifye lè yon tèks ekri an proz oubyen an vè.
Al tande epizòd sila pou plis detay.
Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
Nan dezyèm epizòd sa, Fabrice ak Ricardo ap eksplike diferan fason yon zèv literè ka prezante.
Gen anpil men sa ki pi kouran yo se:
Al tande epizòd sila pou dekouvri plis bagay sou yo.
Tape memopodkas sou Facebook; Instagram; X ak Tiktok pou abone a paj ofisyèl yo.
Pou jwenn pòdkas la ale sou: Libsyn ; Spotify ak Apple Podcasts
From the publisher's feed