Sign up to save your podcastsEmail addressPasswordRegisterOrContinue with GoogleAlready have an account? Log in here.
Nannan with Emmy is a podcast created with the goal to combine the voices of women evolving in Haiti.Emmy sits with the women who inspire her, discussing issues which impact women. They discuss many... more
FAQs about Nannan Podcast:How many episodes does Nannan Podcast have?The podcast currently has 73 episodes available.
April 03, 2021Ann komemore Jounen Nasyonal Mouvman Fanm AyisyènNan Epizòd sa, Emmy chita avèk Pascale Solages. Pascale se yon militan, aktivist nan mouvman feminis an Haiti. Medam yo pataje lide, pasyon yo , tristès yo ak kòlè yo sou zafè diskriminasyon sou fanm. Konvèsayon sa ka louvri je w sou kestyon tankou “Kisa ki feminis “ ? Eske m se on feminis” ? Al tande !...more1h 5minPlay
March 24, 2021Mica pa pè anyen!Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Michaëlle de Verteuil , Mica. Mica gen 84 lane men Mika gen pou travay sou kèk projè toujou , li gen rèv , li pAp kanpe ... Mica pa konn sa ki rele la perèz , li pa renmen tande pale de de kourajman... Depi plis pase 40 an, l ap viv nan komin Abricot kote Li bay edikasyon, fòmasyon profesyonèl, travay, ankourajman ak Lanmou. Si ou te kontan tande Mica e ou ta renmen ede Fondation Paradis Des Indiens, fèm konnen! Al tande !...more1h 1minPlay
March 15, 2021Ann dekouvri Magalie DresseNan epizòd sa, Emmy chita avèk Magalie Dresse. Magalie se yon kokennchenn antreprenè, yon profesyonèl pasyone men ki reyalize kijan renmen, okipe, ak pran swen tèt li chanje lavi l pou l vin pi epanoui. Medam yo pale tou de enpòtans retire laperèz nan lespri nou pou nou kapab avanse... konvèsayon sa chaje ak bon bèt, Al tande!...more1h 11minPlay
March 08, 2021Ann selebre Jounen Entènasyonal Dwa Fanm !Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Emmanuelle Elie ak Elizabeth Nicoleau. Emmanuelle ak Elizabeth , se de avoka antreprenè , de manman , de fanm vanyan kap evolye nan sosyete a. Medam yo pale de tout kalite discriminasyon fanm sibi nan Lavi chak jou épi yo te pataje kèk lwa nan peyi a kap kraze fanm e ki ta dwe chanje.Konvèsasyon sa a ap enspire nou poun pa selman panse a dwa fanm nan sans legal la, men nan jan nou panse , nan jan nou konpòte nou, nan jan nou elve pitit nou , nan jan nou sipòte fanm parèy nou....more1h 8minPlay
January 28, 2021On pòt fèmen...anpil lòt ap louvri gras a Lanmou pou tèt ou!Nan epizòd sa Emmy chita avèk Vanessa Philogène. Medam yo gen preske menm istwa... se gras a on relasyon ki kraze ,kote yo te santi yo pèdi ki pèmèt yo dekouvri lanmou pou tèt yo avèk pratik self-care ! Sa rive anpil fanm , e si sa wap viv on sitiyasyon difisil apre ou fin kite ak on moun , nou espere w ap enspire. Al tande!...more56minPlay
January 18, 2021Bòn Ane 2021Nan epizòd sa Emmy ap swete on bòn ane 2021. Li tou profite bay kek konsèy sou kijan pou kenbe on espri pozitif avèk pi bon fason pou bay tèt Ou objektif pou ane a . Al tande !...more33minPlay
November 27, 2020Ou vo plis ke sa !Nan epizòd sa, Emmy chita avèk Myrlande Johnson pou yo pale de vyonlans sou fanm. Konvèsasyon sa louvri je nou sou diferan fòm vyolans yon fanm ka sibi nan yon relasyon. Al tande...more49minPlay
November 12, 2020Kisa ki Devlopman pèsonèl avèk Emmy ?Nan epizòd sa Emmy ap eksplike nou Kisa ki devlopman pèsonèl ak ki diferan etap ki genyen nan pratik esantyèl sa. Al tande...more24minPlay
October 22, 2020Kisa ki seksyalite ?Nan epizòd sa, Emmy chita pale avèk Laetitia Dégraff, yon seksyològ. Laetitia fè nou dekourvri metye sa a paske anpil moun pa konnen Kisa Li ye . Medam yo te tou pwofite pale de tabou ki genyen otou seksyalite fanm an patikilye. Al tande ...more45minPlay
October 15, 2020Psikoloji, kisa l ye? ki sa l pa ye?Nan epizòd sa, Emmy chita avec Phaidra Laraque, yon psikològ k ap evolye an Haiti depi 2003. Phaidra pran tan li pou li eksplike kisa yon psikològ fè, kilè ou bezwen yon psykològ, men pi plis toujou li kalrifye pou nou kisa yon psikolòk pa ye ou byen pa fè. Li te profite tou pou li ankouraje tout moun okipe yo de sante mantal yo.Al tande!...more52minPlay
FAQs about Nannan Podcast:How many episodes does Nannan Podcast have?The podcast currently has 73 episodes available.