Sign up to save your podcastsEmail addressPasswordRegisterOrContinue with GoogleAlready have an account? Log in here.
Nannan with Emmy is a podcast created with the goal to combine the voices of women evolving in Haiti.Emmy sits with the women who inspire her, discussing issues which impact women. They discuss many... more
FAQs about Nannan Podcast:How many episodes does Nannan Podcast have?The podcast currently has 73 episodes available.
September 11, 2019On ti Limyè Sou ClaraNan epizod sa , Emmy chita avec Clara Luce Lafond, yon jèn fanm ki Deside pataje pakou spirityel Li avèk nou. Clara ki inisye nan vodou, demistifye anpil move lide moun genyen sou relijyon sa. Nap ankouraje w louvri kè w ak lespri w pou tande !...more51minPlay
July 31, 2019Fyète yon fanm Okap pou peyi lNan epizod sa, Emmy chita avèk Angie Bell , yon jèn fanm ki deside tounen viv nan peyi l. Medam yo pale de enpòtans itilize 100% potansyèl ou , yo pale de tout projè Angie ki pa janm pa gen pou wè avèk Haïti. Sin pat konnen, moun okap gen anpil fyète ak Lanmou pou lakay yo. Ann ki te Sa inspire nou pou nou ka fe pati pa nou pou avni peyi a....more40minPlay
July 17, 2019Se pa kote ou prale a ki enpòtan, se chimen an.Nan epizod sa, Emmy chita avèk Guel Rochelin, yon fanm entreprenè ayisyen. Guel te gen pi bèl job , ak pi bèl pozisyon ou te ka imajine o Zetazini men li tounen lakay e li la, lap travay malgre tout defi ak difikilte. Al dekouvri bèl istwa Sa!...more57minPlay
July 04, 2019Use your Super PowerNan epizod sa Emmy chita pale avèk Shaina Silva yon kokennchenn FANM! Yon ayisyenn ki fyè de rasin li, de kilti li mè sitou ki gen anpil visyon pou peyi li. Yo pale de enspiratyon li , de enpòtans tèt ansanm sitou pou fanm. Shaina se fondatris She Build Initiative ki se yon platfòm ki konekte fanm ayisyenn a travè le mond! Ala yon bèl bagay. Konvesayon sa a touche anpil bagay enpòtan... Al koute !...more47minPlay
June 15, 2019Yon ti moman avèk EmmyNan lokazyon premye anivèsè Nannan Podcast , Emmy te ankouraje oditè yo poze l kestyon sou lavi l , sou konfyans nan tèt ou , sou coaching .... ti moman sa ap fè w dekouvri Li on ti kal pi plis....more53minPlay
April 16, 2019Lavi a 2Nan epizod sa Emmy chita avek David Ak Dayana ! Moun sa yo gen 10 lane depi yo marye. Yo pataje difikilte ki ka genyen nan viv avek yon moun ak tout kalite lot experyans yo fe nan vi a 2. Lanmou bel mrn konvèsasyon sa demontre kijan menm jan ak tout bagay, fok ou travay pou fè on relasyon mache !...more56minPlay
April 04, 2019Gason gen Nannan tou!Nan epizod sa, Emmy chita pale avek Olivier Day , ki se yon podscaster tou ! Olivier se yon nèg ki saj anpil, ki pa pè pale de feblès li, ki pa pè pataje Nannan’l. Li se yon papa, yon mari , yon moun ki konprann empòtans , aksepte, renmen ak pran swen tèt li . Kite konvesasyon sa enspirew !...more59minPlay
March 28, 2019Riva Nan Kay la!!!Nan epizod sa, Emmy chita avek Riva Precil. Riva se yon fanm chaje ak talan ak kreyativite, ki renmen kiltil, onore l epi pataje l tout jan Li kapab. Medam yo pale de enèji, de Lanmou pou tèt ou ak on pakèt lòt bagay enteresan! Konvesayon sa raple tout fanm pou yo pa bliye pouvwa ak maji ki nan Nannan yo!...more1h 4minPlay
March 08, 2019I am NOT SuperwomanNan epizod sa Emmy chita avec Naed Jasmin. Yo pale de feminist , de Kisa Li vle di ak kijan Yo viv Li chak jou. Naed senyon famn ki pasyone nan tout sa lap fe mè Li pataje koman sa pa toujou fasil pou jwenn balans nan lavi li. Medam yo te fini konvesayon an avèk on ti rapèl sou enpotans renmen ak okupe tèt ou !...more53minPlay
February 28, 2019Ou pa poukont ouNan epizod sa , Emmy chita avek Vanessa Bastien pou yo pale de pwoblèm enfètilite. Anpil fanm ki gen difikilte pou yo fè pitit ap soufri an silans. Konvesayon sa , kote Vanessa pataje experyans li, ka bay yo kouraj ak fos, pou yo konnen yo pa poukont yo. Medam yo te pwofite sansibilise tout oditris yo pou yo pa neglije al kay jinekolog....more34minPlay
FAQs about Nannan Podcast:How many episodes does Nannan Podcast have?The podcast currently has 73 episodes available.