
Sign up to save your podcasts
Or


Ant yon ewo klasik ak yon anti ewo, kilès nan 2 tip pèsonaj sa yo ki pi enteresan, kilès nan 2 sa yo ki pi atiran. Eben nan epizòd jodi a, n ap fè yon ti analiz sou 2 konsèp sa yo nan anime.
Nan epizòd sa, n ap pale de tounwa nan anime, poukisa otè yo itilize tounwa, kisa ki enteresan ladan yo, ak ki enplikasyon yo pote.
Apre plis pase yon lane poz, Otakutòk retounen ak yon nouvo epizòd kote n ap fè diskisyon sou diferans, avantaj ak dezavantaj anime ki long yo epi anime ki kout yo genyen.
Trè souvan nan mond anime ak manga, nou tande pale de "Big 3" a. Jodi a nou pral pale de kisa ki "Big 3", e kisa yo reprezante nan mond anime ak manga a.
Anpil fwa pou otè yo ka fè istwa a vanse, e devlope pésonaj yo, yo konn itilize fòmil "rivalite" a. Kote yon pèsonaj toujou an konpetisyon ak yon lòt. Eben nan epizòd sa a, m ap pale de top 5 rivalite nan anime.
Apre ke m ap remake ke gen anpil toksisite nan pami Otaku yo, nan epizòd sa, mwen deside pale de kisa ki fè yon moun yon vrè Otaku oubyen yon "fake"
Nan epizòd jodi a, nou gen kòm envite Mathieu ki retounen ankò pou sezon sa. E nou pral pale de enpòtans puisans nan yon istwa, e kisa puisans pèsonaj yo reprezante.
From the publisher's feed