Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Ti koze ak sè nou Darnell Benoit, direktris Flanbwayan Haitian Literacy Project sou 20 lannen òganizasyon an; Kòmantè frè nou Jean Paul Spence; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
--Dimanch 29 mas, 3pm-6pm: Town Miting KOMOKODA sou eleksyon tèt bòbèch lènmi Ayiti yo ap planifye pou yo kreye plis konfizyon lakay nou
-Samdi 4 avril, 1pm: Manif nan Bedstuy, Brooklyn pou onore Vanyan Martin Luther King, Jr k ap rasanble nan Jitu Weusi Plaza (Grand St ak Putnam Ave)
-Vandredi 10 avril, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 43rd St and 7th & 8th Aves
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit, direktris Flanbwayan Haitian Literacy Project sou 20 lannen òganizasyon an ak selebrasyon y ap fè samdi 25 avril pou make okazyon an:
Kòmantè frè nou Jean Paul Spence
-Yon twazyèm ekip plis pase 200 Polisye Kenya retounen lakay yo yè swa pou yo fè yon ti pas kout bay 750 militè Chad Blan an di k ap vin kòmande Fòs Sipresyon Gang nan
-Sena Meriken an konfime Markwayne Mullin kòm ranplasan Kristi Noem alatèt Depatman Homeland Security (Minis Enteryè peyi a)
-Repiblik Dominikèn anonse li depòte 68,000 Ayisyen nan 2 premye mwa ane 2026 la
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ap fè kont Iran an
--Pentagon anonse papye siye pou yon kontenjan jiska 3000 sòlda Meriken al mete pye yo atè nan lagè Etazini kont Iran an
-Ti komik ki pote tit gouvènman lakay nou yo anonse y ap pousuiv ak pwojè eleksyon yo; Yo di wè pa wè dyaspora ap patisipe kanmènm
-Yon avyon militè Kolonbyen ak 80 sòlda ladan l tonbe epi kraze yè; Minis defans peyi a anonse gen 55 sòlda ki mouri
-Popilasyon Pòdepè di depi 20 lannen gen yon koze ayewopò entènasyonal k ap pale pou zòn lakay yo; Yo di li lè li tan pou bagay sa a ateri
-Dimanch 29 mas, 3pm-6pm: Town Miting KOMOKODA sou eleksyon tèt bòbèch lènmi Ayiti yo ap planifye pou yo kreye plis konfizyon lakay nou
-Samdi 4 avril, 1pm: Manif nan Bedstuy, Brooklyn pou onore Vanyan Martin Luther King, Jr k ap rasanble nan Jitu Weusi Plaza (Grand St ak Putnam Ave)
-Vandredi 10 avril, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 43rd St and 7th & 8th Aves